YouVersion Logo
Search Icon

Lik 6:27-49

Lik 6:27-49 HAT98

— Nou menm k'ap koute m la a, men sa m'ap di nou: Renmen tout lènmi nou yo. Fè byen pou moun ki rayi nou. Mande benediksyon pou moun k'ap ban nou madichon. Lapriyè pou moun k'ap maltrete nou. Si yon moun ban nou yon souflèt sou yon bò figi, vire lòt bò a ba li. Si yon moun pran levit nou, kite l pran chemiz nou tou. Nenpòt moun ki mande nou kichòy, ba li l. Si yon moun pran sa ki pou nou, kite l pou li. Tou sa nou va vle lòt moun fè pou nou, fè l pou yo tou. — Si nou plede renmen sèlman moun ki renmen nou, ki benediksyon pou n tann pou sa? Mechan yo tou yo renmen moun ki renmen yo. Si nou fè byen sèlman pou moun ki fè nou byen, ki benediksyon pou nou tann pou sa? Mechan yo fè menm jan an tou. Si se moun nou konnen k'ap renmèt nou nou prete sèlman, ki benediksyon pou nou tann pou sa? Mechan yo tou, yo prete mechan parèy yo ki kapab renmèt yo sa yo te prete yo a san mank. Non, nou menm, se pou nou renmen lènmi nou yo, fè yo byen. Prete san nou pa mete espwa moun ap renmèt nou. Se konsa n'a resevwa yon gwo rekonpans. Se lè sa a n'a pitit Bondye ki anwo nan syèl la. Paske li menm li bon, ni pou engra ni pou mechan. Se pou nou gen kè sansib menm jan Bondye, papa nou, gen kè sansib. — Pa jije moun, konsa Bondye p'ap jije nou. Pa kondannen moun, konsa Bondye p'ap kondannen nou. Padonnen yo, konsa Bondye va padonnen nou tou. Bay, Bondye va ban nou. L'a lage yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon l, nan pòch rad nou. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou. Epi li di yo yon lòt parabòl: — Eske yon avèg ka mennen yon lòt avèg? Eske tou de p'ap tonbe nan menm twou a? Yon elèv pa pifò pase mèt li. Men yon elèv ki fini nèt, l'ap fò tankou mèt li. — Poukisa w'ap gade ti pay ki nan je frè ou, epi ou pa wè gwo bout bwa a ki nan je pa ou la? Ou menm ki pa wè gwo bout bwa ki nan je pa ou la, ki jan ou kapab di frè ou: Frè m, kite m wete ti pay ki nan je ou la? Ipokrit! Wete gwo bout bwa ki nan je pa ou la anvan. Apre sa, w'a wè klè pou ou wete pay ki nan je frè ou la. — Yon bon pyebwa pa bay move donn, ni yon move pyebwa pa bay bon donn. Yo rekonèt kalite yon pyebwa sou donn li bay. Joumou pa donnen kalbas. Ni kenèp pa donnen rezen. — Yon nonm ki bon, se bon bagay li rale sòti nan kè li ki bon. Yon nonm ki mechan, se move bagay li rale sòti nan kè li ki move. Paske, sa k nan kè yon nonm, se sa k sòti nan bouch li. — Poukisa n'ap plede rele mwen: Mèt, Mèt, epi nou pa fè sa m di nou fè? Moun ki vin jwenn mwen, ki tande pawòl mwen epi ki fè sa mwen di fè, men ki jan l'ap ye: L'ap tankou yon nonm k'ap bati yon kay. Li fouye tè a byen fon, li moute fondasyon kay la sou wòch. Dlo desann, lavalas frape kay la. Men, kay la pa brannen paske li te byen bati. Men, moun ki tande pawòl mwen, ki pa fè sa mwen di fè, li tankou yon nonm ki bati yon kay ratè, san fondasyon. Lavalas frape kay la, yon sèl kou kay la tonbe, li kraze nèt.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy