1
Wòm 13:14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
VKF
Men, se pou n abiye nou ak Jezikris, Senyè nou an. Epi, pa chache reflechi sou kijan pou n satisfè dezi feblès lachè nou.
ប្រៀបធៀប
រុករក Wòm 13:14
2
Wòm 13:8
Nou pa dwe gen dèt anvè pèsòn, sèl dèt pou nou genyen se pou nou youn renmen lòt. Yon moun ki renmen pwochen l, li fè tout sa Lalwa mande.
រុករក Wòm 13:8
3
Wòm 13:1
Nou dwe obeyi tout otorite ki plase sou tèt nou. Paske se Bondye ki mete tout otorite. Otorite ki la yo, se Bondye ki plase yo.
រុករក Wòm 13:1
4
Wòm 13:12
Nuit lan prèske fin i. Li prèske jou. Alò, nou dwe sispann fè zèv yo fè nan fènwa yo. Nou dwe prepare nou pou n konbat sa ki mal ak zam limyè yo.
រុករក Wòm 13:12
5
Wòm 13:10
Moun ki renmen pwochen li, pa fè pwochen yo mal. Alò, renmen se sa ki Lalwa.
រុករក Wòm 13:10
6
Wòm 13:7
Bay chak moun sa w dwe l. Nenpòt kalite taks ou dwe peye, peye l; si se obeyisans ou dwe, se pou w obeyi; si se respè, ou dwe aji ak respè; si ou dwe onore yon moun, onore l.
រុករក Wòm 13:7
គេហ៍
ព្រះគម្ពីរ
គម្រោងអាន
វីដេអូ