YouVersion Logo
Search Icon

Mat 24

24
Jezi avèti moun yo sou sa ki gen pou rive
(Mak 13:1-31; Lik 21:5-33)
1Jezi kite tanp la. Pandan li sou wout pou l ale, disip li yo pwoche bò kote l pou yo montre l kijan bilding nan bèl. 2Jezi di yo: “Se bilding sa yo n ap kontanple, pa vre? An verite m ap di nou: Pa gen yon wòch k ap rete chita sou yon lòt, yo gen pou yo detwi rapyetè.”
3Pandan Jezi chita sou mòn Olivye a, disip li yo vin kote l an prive. Yo mande l: “Di nou ki lè bagay sa yo gen pou rive? Di nou tou ki siy k ap anonse retou ou ak lafendimond?”
4Jezi reponn yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf. 5M di nou sa, paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Kris la. Y ap rive twonpe anpil moun konsa. 6Nou pral pran nouvèl sou lagè k ap fèt pasi pala. Lè nou pran nouvèl sou lagè, ou pa bezwen pè. Bagay sa yo gen pou rive, men se p ap ko lafen an sa. 7Wi, yon nasyon gen pou leve kont yon lòt nasyon. Yon wayòm gen pou leve kont yon lòt wayòm. Pral gen grangou ak tranblemanntè toupatou. 8Tout bagay sa yo se tranche anvan akouchman an.
9Lè sa a, y ap livre nou bay moun ki pral tòtire nou, epi touye nou. Kote nou pase sou latè, y ap rayi nou, paske nou se disip mwen. 10Anpil moun pral bay lafwa vag. Youn ap livre lòt bay otorite yo. Youn p ap vle wè lòt. 11Epi pral gen anpil fo pwofèt k ap rive twonpe anpil moun. 12Pral tèlman gen mechanste sou latè, lanmou ap disparèt nan kè pi fò moun. 13Men se moun ki pèsevere jiska lafen an ki va sove. 14Yo pral pataje Bòn Nouvèl wayòm nan toupatou sou latè tankou yon temwen pou Payen yo. Lè nouvèl la fin gaye nan tout nasyon, se lè sa a lafendimond lan va rive.
15Lè nou wè bagay ki tèrib la, sa k ap detwi tout bagay la, kanpe nan lye ki sen nan tanp lan, n a sonje pwofèt Danyèl te pale sou sa. Moun k ap li fò pou lòt moun tande, yo sipoze konprann sa m ap di a. 16Lè sa a, tout moun nan teritwa Jide a ta dwe chape pou l yo ale nan mòn yo. 17Moun ki sou tèt kay yo pa bezwen desann pou pran afè yo anndan kay la. 18Moun te nan jaden, li p ap bezwen tounen lakay ankò.
19Nan jou sa yo, bagay la p ap dous ditou pou medam ki ansent yo, oswa sa yo ki ti nouris. 20Priye Bondye pou pete kouri sa a pa rive ni pandan livè ni pandan yon jou saba. 21Doulè ki pral gen lè sa a, depi lemonn kreye poko janm gen tankou l, epi p ap janm gen tankou l ankò.
22Amplis, si Bondye pa t deside fè tan bagay sa yo vin pit kout, pa t ap gen yon moun ki t ap chape. Men li fè l kout, poutèt moun li chwazi yo.
23Lè sa a, si w tande yon moun di w: Men Kris la isit, oswa men Kris la laba. Pa okipe l. 24Paske se pa de fo Kris ak fo pwofèt ki pral genyen! Y ap fè gwo mirak pou yo wè si yo te ka twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa ta posib. 25Nou wè, m di nou bagay sa yo, anvan menm yo rive.
26Konsa, si yon moun di nou, men Mesi a nan dezè a, nou pa bezwen ale. Si yo di nou, men l nan tèl kay tèl kote, nou pa bezwen kwè. 27Menm jan yon kout zèklè flache syèl la tout moun ka wè l, se menm jan l ap ye lè Pitit Lòm nan ap vini. 28Kote kadav la ye, se la votou#24:28 votou Se yon gwo zwazo ki renmen manje kadav lè yo kòmanse dekonpoze. yo ap rasanble.
Lè Jezi va retounen sou latè
(Mak 13:24-27; Lik 21:25-28)
29Touswit apre tout pwoblèm sa yo nan peryòd sa a,
Solèy la ap vin tou nwa,
lalin nan ap sispann klere,
zetwal yo ap sot nan syèl la tonbe,
epi puisans nan syèl yo pral tranble.#24:29 Gade nan Eza 13:10; 34:4.
30Lè sa a, ap gen yon siy ki parèt nan syèl la ki montre Pitit Lòm nan ap vini. Tout pèp sou latè pral pete gwo rèl. Tout moun gen pou wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè. 31Konsa gen yon gwo twonpèt ki va sonnen, epi Pitit Lòm va voye anj li yo nan kat kwen latè pou rasanble moun pa l yo, kelkeswa kote yo.
32Pran leson sou yon pye figye. Depi l kòmanse pouse boujon, epi l pouse fèy, nou konnen lete rive. 33Menm jan an tou, lè nou wè tout bagay sa yo rive, n a konnen Pitit Lòm nan nan papòt la. 34An verite m ap di nou: jenerasyon sa p ap pase, bagay sa yo ap gen tan rive! 35Syèl la ak tè a gen pou pase, men pawòl mwen la pou tout tan.
Sèl Papa a ki konnen ki lè bagay sa yo ap rive
(Mak 13:32, 35; Lik 17:26-30, 34-36)
36Pou sa ki konsènen jou a ak lè a, pèsonn pa konnen. Ni anj nan syèl la ni Pitit la pa konnen. Se Papa a sèl ki konnen.
37Menm jan sa te pase nan tan Noye a, se menm jan l pral ye nan lè Pitit Lòm ap vini. 38Nan jou anvan delij la, lèzòm t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap marye, yo t ap marye pitit yo, jouk jou Noye antre nan lach la. 39Yo pa t reyalize sa k t ap pase a, jouktan delij la vini, epi l trennen yo ale.
Se kon sa sa pral pase, lè Pitit Lòm nan ap vini. 40Lè sa a, de moun ap nan jaden ansanm, y ap pran youn, y ap kite lòt la. 41De dam ap moulen grenn ansanm, y ap pran youn, y ap kite lòt la.
42Konsa, se pou nou toujou pare, paske nou pa konnen ki jou Senyè nou an ap vini. 43Sonje byen: si mèt kay la te konnen a ki lè nan nuit lan vòlè ap vin kase kay li, li t ap pare pou li epi l t ap veye, li pa t ap kite l kase kay la. 44Se poutèt sa, nou menm tou, nou bezwen pare, paske Pitit Lòm nan ap vini nan lè nou pa panse.
Bon sèvitè ak move sèvitè
(Mak 13:33-37; Lik 12:41-48)
45Ki lès nan sèvitè mèt la yo ki saj ase pou mèt la fè l konfyans? Mèt la fè youn nan sèvitè yo konfyans pou l bay lòt sèvitè yo manje lè yo gen bezwen. 46Byenere sèvitè sa lè Mèt la retounen, li jwenn nan pye travay li! 47An verite m ap di nou: Mèt la ap mete l chèf sou tout sa l genyen.
48Imajine tou yon move sèvitè ki di nan kè l: Mèt la pa ko ap tounen? 49Epi li kòmanse ap bat kanmarad li yo. Li pran plezi nan manje bwè ak tafyatè. 50Mèt la ap rive sou li sanzatann, nan lè li pa konnen. 51Lè sa a l ap resevwa yon pinisyon ki sevè. Mèt la ap voye l menm kote ak ipokrit yo, kote ki pral gen kriye ak manje dan.

Currently Selected:

Mat 24: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy