YouVersion Logo
Search Icon

Jan 5

5
Jezi geri yon nonm toupre yon pisin
1Apre sa, Jezi t ale Jerizalèm pou yon fèt espesyal Jwif yo te genyen. 2Jerizalèm te genyen yon pisin toupre Pòtay Mouton yo. Li te gen senk galeri. Yo te rele pisin sa a Bètesda,#5:2 Bètesda Yo rele l Bètsayida oubyen Betesda, yon pisin dlo sou kote nò tanp Jerizalèm nan. nan lang ebre. 3Anpil moun malad te kouche anba galeri yo, bò kote pisin nan. Kèk nan yo te avèg, kèk lòt te bwate, lòt ankò te paralize.#5:3 Kèk kopi nan lang Grèk ajoute, apre vèsè 3 a: “Epi yo t ap tann mouvman dlo a.” 4#5:4 Kèk kopi nan lang Grèk ajoute vèsè 4 la: “Detanzantan yon anj Bondye te desann dan pisin nan pou fè dlo a fè mouvman. Apre sa premye moun ki te desann nan pisin nan te geri, kèlkeswa maladi l te genyen.” 5Youn nan moun ki te kouche la te malad depi trantuitan. 6Jezi wè li kouche la epi li konnen l malad depi byen lontan. Li di li: “Èske ou vle geri?”
7Malad la reponn: “Mesye, m pa gen pèsonn pou ede m antre nan dlo a lè l ap fè mouvman. Chak fwa m eseye, yon lòt moun toujou pase devan m.”
8Alò Jezi di l: “Leve kanpe, pran kabann ou, epi mache.” 9Menm lè a, nonm nan geri. Li pran kabann li epi li te kòmanse mache.
Men bagay sa a te rive yon jou saba. 10Se poutèt sa kèk Jwif te di nonm ki te geri a: “Jodi a se saba. Pote kabann ou nan jou repo a, se yon bagay ki kont Lalwa nou an.”
11Men nonm nan reponn: “Moun ki geri m nan di: Pran kabann ou epi mache.”
12Yo mande li: “Ki moun sa ki di w pran kabann ou epi mache a?”
13Men nonm ki te geri a pa te konnen kilès moun ki te geri l la te ye. Te plen moun la, epi Jezi te gentan ale.
14Pita, Jezi jwenn nonm nan nan tanp lan, epi li di li: “Ou wè, ou geri. Sispann peche, sinon yon pi move bagay riske rive w!”
15Alò nonm nan pati retounen jwenn Jwif yo ki t ap poze li kesyon yo. Li di yo se Jezi ki te geri li.
16Jezi te fè tout bagay sa yo nan jou repo a. Se poutèt sa Jwif yo t ap chache wè kijan yo ta simen boulvès pou bay Jezi pwoblèm. 17Men li di yo: “Papa m pa janm sispann travay, se kon sa mwen menm tou m ap travay.”
18Sa fè Jwif yo t ap chache pi plis pou touye l. Yo te di “Premyèman, nonm sa a pa obsève Lalwa sou jou repo a. Epi Li di Bondye se Papa l. Li fè pwòp tèt pa l egal ak Bondye.”
Jezi genyen otorite Bondye
19Men jezi reponn yo: “Se vre! Amèn! Men m ap di tou: Pitit la pa kapab fè anyen poukont li. Li fè sa l wè Papa l ap fè sèlman. 20Papa a renmen Pitit la, Li montre Li tout sa l ap fè. Epi Papa a gen pou montre Pitit la bagay ki pi gwo toujou. Alò nou va sezi. 21Menm jan Papa a resisite moun mouri, epi li ba yo lavi, se kon sa Pitit la bay moun li vle lavi tou.
22Konsa tou, Papa a pa jije pèsonn. Li bay Pitit la pouvwa pou li fè tout jijman. 23Bondye fè sa kon sa pou fè tout moun gen respè pou Pitit la, menm jan yo gen respè pou Papa a. Nenpòt moun ki pa gen respè pou Pitit la pa gen respè pou Papa a. Se li menm ki voye Pitit la.
24Sa m sot di nou la a, se vre. Ban m di nou yon lòt bagay ankò, nenpòt moun ki tande sa mwen di epi ki kwè nan moun ki voye m nan, li genyen lavi etènèl. Moun sa a p ap tonbe anba jijman ankò. Li fini ak lanmò, se viv l ap viv kounye a. 25Sa m ap di nou la a, se vre, nou ta dwe kwè sa. Epi kite m di nou yon lòt bagay, gen yon jou enpòtan k ap vini. Jou sa a gentan la. Moun ki mouri va tande vwa Pitit Bondye a. Epi moun ki tande se yo ki va gen lavi. 26Menm jan lavi se nan Papa a li soti, kon sa tou, Papa a bay Pitit la pouvwa pou l bay lavi. 27Epi Papa a bay Pitit la otorite pou l jije tout moun, paske li se Pitit Lòm nan.
28Pa sezi. Gen yon jou k ap vini kote tout moun ki mouri pral tande vwa Pitit la. 29Alò yo va leve soti nan tonm yo. Sa ki te fè byen nan lavi sa a, yo va resisite epi yo va genyen lavi etènèl. Men sa ki t ap fè sa ki mal yo, yo va resisite pou yo jije epi pou yo jwenn kondanasyon yo.
30Mwen pa kapab fè anyen poukont mwen. Mwen jije dapre jan Papa a di mwen. Epi jijman mwen an jis, paske mwen p ap chache fè pwòp tèt mwen plezi. M ap chache fè moun ki voye m nan plezi sèlman.
Jezi di lidè Jwif yo pi plis bagay toujou
31Si m ap temwanye pou mwen menm sèlman, alò nou kapab panse sa m ap di de mwen menm yo pa verite a. 32Men, gen yon lòt moun ki di menm bagay yo de mwen, epi mwen konnen temwanyaj li se verite a.
33Nou te voye moun kote Janbatis, epi li menm tou te di nou verite a li te wè sou mwen. 34Poutan, mwen pa vrèman bezwen yon lòt moun pou dakò avè m pou m bay prèv kilès mwen ye, men mwen fè nou sonje sa Janbatis te di nou, pou nou kapab rive sove. 35Janbatis te tankou yon lanp ki limen epi k ap klere moun, epi nou te byen kontan rejwi nou nan limyè li pou yon ti tan.
36Men mwen gen yon temwanyaj pou mwen ki pi gran pase tout sa Janbatis te di. Bagay m ap fè yo se temwanyaj mwen. Se sa Papa m te ban m fè. Yo temwanye Papa a te voye m vrèman vre. 37Papa a, Li menm ki te voye mwen, te bay prèv pou mwen. Men nou pa janm tande vwa li. Nou pa janm wè ak kisa li sanble. 38Ansèyman Papa a pa rete nan nou, paske nou pa kwè nan moun Papa a voye a. 39Nou etidye Bib la paske nou kwè n ap jwenn yon fason pou nou viv pou tout tan nan yo. Men, menm pawòl sa yo pale de mwen. 40Men, nou derefize vini jwenn mwen pou m ta ban nou lavi etènèl.
41Mwen pa bezwen moun fè lwanj pou mwen. 42Mwen konnen nou. Mwen konnen nou pa renmen Bondye. 43Mwen vini soti bò kote Papa m epi mwen pale nan non li. Malgre tout sa, nou pa aksepte m. Epi lè lòt moun vini pale pou pwòp tèt yo, nou aksepte yo san pwoblèm. 44Nou renmen resevwa lwanj youn lòt. Men, nou pa janm eseye jwenn lwanj ki soti nan Bondye. Alò, kijan pou nou fè kwè? 45Pa mete nan tèt nou se mwen ki pral kanpe devan Papa Bondye pou m akize nou. Se Moyiz k ap akize nou. Epi se li nou te panse ki t ap sove nou. 46Si nou te kwè nan Moyiz vrèman, nou t ap kwè nan mwen, paske li ekri pou pale de mwen. 47Men, nou pa kwè sa li te ekri. Konsa, nou pa kapab kwè sa m ap di.”

Currently Selected:

Jan 5: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy