YouVersion Logo
Search Icon

Jan 4

4
Jezi ak fanm samaritèn nan
1Jezi te aprann Farizyen yo tande l ap fè plis disip epi l ap batize plis moun pase Janbatis. 2Men, alaverite, se pa t Jezi ki t ap batize moun yo, se te disip li yo. 3Li kite teritwa Jide, li tounen Galile. 4Pou rive Galile, li te dwe travèse teritwa Samari.
5Li rive nan yon vil nan teritwa Samari yo rele Sika ki te toupre pòsyon tè Jakòb te bay Jozèf, pitit gason l lan. 6Se la pi Jakòb te fè fouye a te ye. Jezi te fatige poutèt wout long sa a li sot fè a, li fè yon ti chita bò kote pi a. Li te bò midi konsa. 7Yon fanm samaritèn te vin chache dlo nan pi a, epi Jezi di l konsa: “Ban m ti gout dlo.” 8Sa te pase pandan disip Jezi yo te antre nan vil la pou achte kèk bagay pou yo manje.
9Fanm nan reponn: “Ou konnen ou fè m sezi lè ou mande m dlo pou w bwè! Ou se yon Jwif epi mwen se yon fanm samaritèn! Jwif pa gen okenn relasyon ak Samariten.”
10Jezi reponn li: “Se konnen ou pa konnen sa Bondye kapab ba ou. Epi ou pa konnen ki moun mwen ye, mwen menm k ap mande w dlo a. Si ou te konnen, se ou ki t ap mande m, epi mwen ta ba ou dlo ki bay lavi a.”#4:10 dlo ki bay lavi a Pawòl Jezi te di fanm nan kapab vle di de bagay: 1) dlo fre osinon 2) dlo ki bay lavi. Jezi te vle di “dlo ki bay lavi”. Men dam nan te konprann “dlo fre”.
11Fanm nan di li: “Mesye, pi a fon anpil epi ou pa gen veso pou tire dlo a. Kote ou ap jwenn kalite dlo sa a? 12Èske ou pi gran pase Jakòb, gran paran nou? Se li ki te fouye pi sa a pou nou. Li te bwè ladan l, pitit li yo ansanm ak bèt li yo te bwè ladan l.”
13Jezi reponn li: “Nenpòt moun ki bwè nan dlo sa a ap swaf ankò. 14Men nenpòt moun ki bwè dlo mwen bay la p ap janm swaf ankò. Dlo m ap bay la va tounen yon sous dlo anndan yo. Li va ba yo lavi etènèl.”
15Fanm nan di Jezi: “Mesye, ban m dlo sa a non. Mwen pa ta swaf ankò epi mwen pa t ap oblije retounen isit la pou chache dlo.”
16Jezi di li: “Ale chache mari w mennen vini.”
17Fanm nan reponn: “Men, mwen pa gen mari.”
Jezi di: “Ou gen rezon di ou pa gen mari. 18Ou pase senk mari deja, epi mesye ou avè l kounye a pa mari w. Lè w di ou pa gen mari a, se verite a.”
19Fanm nan di: “Mesye, mwen wè ou se yon pwofèt. 20Gran paran nou yo te konn adore Bondye sou mòn sa a, men nou menm Jwif, nou di fòk se Jerizalèm pou moun adore Bondye.”
21Jezi reponn li: “kwè m si ou vle, madanm! Lè a rive, kote se pa ni anwo mòn sa a ni Jerizalèm moun pral adore Bondye Papa a. 22Nou menm Samariten yo, nou adore sa nou pa konnen. Nou menm Jwif, nou adore sa nou konnen, paske delivrans la soti pami Jwif yo. 23Men, gen yon jou k ap vini, epi jou a rive deja, vrè adoratè Bondye yo pral adore Bondye Papa a anba kontwòl Sentespri a epi selon verite a. Se kalite adoratè sa yo menm Bondye Papa a ap chache pou adore l. 24Bondye se Lespri. Konsa, moun k ap adore Li dwe adore li anba kontwòl Sentespri epi selon verite a.”
25Fanm samaritèn nan di li: “Mwen konnen Mesi a, moun yo rele Kris la, li gen pou vini. Lè l vini, li va fè n konnen tout bagay.”
26Alò, Jezi di l: “Mwen menm menm k ap pale avè w la, se mwen menm ki Mesi a.”
27Menm lè a, disip yo vin rive. Yo te sezi wè Jezi t ap pale ak yon fanm. Men, pèsonn pa t oze mande li: “Ki sa ou ap chache?” ni “Pou kisa ou ap pale avè l?”
28Alò, fanm nan kite veso li te pote pou pran dlo a, li retounen nan vil la. Li t ap mache di moun yo: 29“Men yon nonm ki di mwen tout bagay mwen fè. Vin wè, èske se pa ta li menm ki Mesi a?” 30Se konsa, pèp la soti lavil la epi y al wè Jezi.
31Pandan fanm nan te nan vil la, disip Jezi yo t ap ankouraje Jezi konsa: “Mèt, manje yon bagay non!”
32Men Jezi reponn: “Mwen gen yon manje pou m manje nou pa konnen.”
33Disip yo t ap mande antre yo: “Èske gen yon moun ki ta gentan pote manje ba li?”
34Jezi di: “Manje m se fè volonte moun ki voye m nan, manje m se fini travay li te ban m fè a. 35Lè nou fè jaden, nou toujou di nan kat mwa ankò n ap gen rekòt. Men m ap di nou, leve je nou gade jaden yo. Yo gentan bon pou rekòt la. 36Moun k ap ranmase rekòt la ap touche salè yo. Y ap rasanble fwi pou lavi etènèl. Konsa moun k ap plante a ak moun k ap ranmase rekòt la kapab rejwi ansanm. 37Nan ka sa a, sa yo di a se vre: Youn plante, yon lòt rekòl te. 38Mwen voye n al ranmase rekòt kote nou pa t plante. Gen lòt moun ki te plante, epi se nou menm k ap pwofite travay yo.”
39Anpil Samariten nan vil la te kwè nan Jezi. Yo te kwè poutèt sa fanm nan te di yo sou Jezi a. Li te di yo: “Li di mwen tout sa m fè.” 40Samariten yo ale kote Jezi. Yo mande Li rete ak yo. Konsa, Jezi te pase de jou ak yo. 41Anpil lòt moun te kwè nan Li poutèt sa Li t ap di.
42Moun yo di fanm nan: “Anvan, nou te kwè poutèt sa ou te di nou. Men kounye a, nou kwè paske nou tande Li ak pwòp zòrèy nou. Kounye a, nou konnen se li menm ki gen pou sove lemonn.”
Jezi geri pitit gason yon Ofisye
(Mat 8:5-13; Lik 7:1-10)
43Apre de jou, Jezi kite zòn nan, l al nan teritwa Galile. 44Jezi te di yon pwofèt pa gen okenn respè nan peyi li. 45Lè l rive Galile, moun yo te byen resevwa li, paske yo te ale nan fèt Pak la, Jerizalèm, epi yo te wè tout sa Li t ap fè nan fèt la.
46Jezi te ale Kana nan Galile ankò. Kana se kote li te fè dlo tounen diven an. Youn nan gwo ofisye gouvènman wa Ewòd yo te rete lavil Kapènawòm. Pitit gason nonm sa a te malad. 47Nonm nan te tande Jezi soti nan teritwa Jide pou vin Galile. Konsa, li ale kote Jezi epi li mande l si l ka vini Kapènawòm pou geri pitit li a ki te prèske mouri. 48Alò, Jezi di li: “Nou menm, tout tan nou pa wè gwo mirak ak mèvèy nou p ap janm kwè.”
49Ofisye wa a di: “Mèt, vini vit non, anvan pitit gason m nan mouri.”
50Jezi reponn li: “Ou mèt ale, pitit ou a geri.”
Nonm nan te kwè sa Jezi te di l la, li retounen lakay li. 51Etan l te sou wout ap retounen lakay li, sèvitè l yo vin rankontre l. Yo di li: “Pitit ou a geri.”
52Ofisye a mande: “Bò ki lè kon sa li te kòmanse fè mye?”
Yo reponn li: “Ayè, a inè apremidi, lafyèv la te tonbe.”
53Papa pitit la te konnen se te nan menm lè sa a Jezi te di l: “Pitit ou a geri.” Se kon sa li menm ak tout moun lakay li te kwè nan Jezi.
54Se te dezyèm mirak Jezi te fè apre li te fin soti Jide rive Galile.

Currently Selected:

Jan 4: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy