YouVersion Logo
Search Icon

Gal 6

6
Ede youn lòt
1Frè m ak sè m yo, si nou kenbe yon moun ap fè yon move bagay, nou menm k ap mennen lavi nou dapre Sentespri a, se pou nou ede yon moun kon sa retounen viv dwat devan Bondye. Men, se pou nou fè sa avèk dousè. Epi tou, pran prekosyon pou nou pa tonbe nan tantasyon tou. 2Se pou youn ede lòt pote chay li. Se kon sa n ap rive fè sa lalwa Kris la mande a. 3Paske, si yon moun panse l se yon zafè epi li pa anyen, se twonpe l ap twonpe tèt li. 4Se pou chak moun egzamine travay pa l, olye de konpare tèt li ak lòt moun. Konsa, l a wè si l gen rezon pou fè lwanj pou tèt li. 5Paske chak moun fèt pou pran pwòp responsabilite li.
Pa janm sispann fè sa ki byen
6Yon moun k ap resevwa enstriksyon pawòl Bondye a, li dwe pataje tout bon bagay li genyen ak moun k ap ba li enstriksyon an.
7Pa twonpe tèt nou, moun pa ka pase Bondye nan betiz. Paske nenpòt sa yon moun plante, se sa tou l ap rekòlte. 8Moun ki simen semans ki pou satisfè dezi li, sa l ap rekòlte, se destriksyon. Men, moun ki semèn semans pou satisfè Sentespri a, l ap rekòlte lavi etènèl. 9Nou pa fèt pou n janm bouke fè sa ki byen, paske, si nou pa dekouraje, n ap jwenn rekonpans nou lè lè a rive. 10Konsa, pandan nou jwenn okazyon an, se pou nou fè byen ak tout moun, sitou pou moun sa yo ki kwè menm jan avèk nou nan fanmi Bondye a.
Dènye rezime sa Pòl ekri nan lèt sa a
11Kounye a m ap ekri nou ak pwòp men m. Gade gwosè lèt yo. 12Moun sa yo k ap fòse nou pou n fè sikonsi nou an, se pou moun ka wè yo bon ki fè y ap fè sa. Yo pè pou yo pa pèsekite yo poutèt y ap swiv kwa#6:12 kwa Pòl itilize kwa Kris la kòm yon imaj pou reprezante Levanjil la. Kris la mouri sou kwa a pou peye dèt peche lèzòm. Kwa a (lanmò Kris la) se sa Bondye itilize pou l sove moun. Gade vèsè 14 la tou. Kris la sèlman. 13Alòske menm moun ki sikonsi yo pa rive fè tout sa lalwa a mande. Epi yo vle nou sikonsi pou yo ka fè grandizè poutèt yon ti moso po nou koupe nan kò nou.
14Si se pou mwen, m p ap janm fè grandizè. Yon sèl bagay ki pou ta fè m fè grandizè se lanmò Kris la sou kwa a. Poutèt lanmò sa a, mwen krisifye pou lemonn, epi lemonn krisifye pou mwen tou. 15Pou byen di nou, kit yon moun sikonsi, kit li pa sikonsi, se pa sa k gen valè. Sa k konte a, se lè yon moun antre nan nouvo lavi Bondye ap ban nou an. 16Se pou lapè Bondye desann sou tout moun ki antre nan nouvo lavi a. Epi se pou Bondye gen konpasyon pou pèp li a, Izrayèl.
17Pou fin i, mwen mande pou pèsonn pa banm plis tèt chaje ankò. Paske mwen pote mak nan kò m, mak ki montre mwen soufri pou Jezikris.
18Frè m ak sè m yo, Se pou gras Senyè nou an, Jezikris, rete avèk nou. Amèn.

Currently Selected:

Gal 6: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy