YouVersion Logo
Search Icon

Gal 5

5
1Kounye a, poutèt Kris fè nou lib, an n kenbe fèm nan libète sa a. Ann pa tounen anba jouk esklavaj ankò.
Avètisman konsènan sikonsizyon
2Koute byen! Mwen menm Pòl, men sa m ap di nou: Si nou kite yo sikonsi nou, Kris p ap vle di anyen pou nou ankò. 3M ap di ankò: Nenpòt moun ki kite yo sikonsi l, li oblije fè tout sa lalwa Moyiz la mande l fè tou. 4Nou menm k ap chache vin dwat devan Bondye nan fè sa lalwa Moyiz la mande, nou tou separe ak Kris. Nou chwazi mete tèt nou nan yon pozisyon pou nou pa benefisye gras Bondye a. 5Mwen di sa, paske se pa mwayen lafwa nou gen espwa Bondye ap fè nou vin dwat devan l. Sentespri a ban nou garanti pandan n ap tann sa rive. 6Paske lè yon moun nan Jezikris, menm si l sikonsi, menm si l pa sikonsi, sa pa vle di anyen. Sa ki enpòtan se lafwa, kalite lafwa ki manifeste nan lamou.
7Nou te kòmanse kous la trè byen, kisa k pran tèt nou pou fè nou sispann swiv verite a? 8Asireman yon move enfliyans kon sa pa ka soti nan Bondye ki te chwazi nou an. 9Fè atansyon, “Yon ti kras ledven kapab fè tout yon pat leve.”#5:9 Se yon pwovèb ki vle di yon ti bagay tou piti (menm jan ak yon ansèyman ki pa bon) kapab fè yon gwo pwoblèm leve, oubyen yon sèl moun kapab genyen yon move enfliyans sou tout yon gwoup moun. 10Pou mwen menm, mwen konte sou nou nan Senyè a, nou p ap panse okenn lòt fason. Men, kanta pou moun k ap twouble nou an, nenpòt ki moun li ye a, l ap peye sa.
11Frè m ak sè m yo, si m t ap di moun yo bezwen sikonsi, m pa ta kontinye sibi pèsekisyon. Si m t ap fè sa tou, mesaj lanmò Kris sou kwa a pa t ap deranje moun ankò? 12Moun sa yo k ap twouble nou an, m ta swete pou tout ti pati yo ta tou koupe nèt, pandan y ap sikonsi a?
13Frè m ak sè m yo, Bondye rele nou pou nou ka viv tankou moun ki lib. Sèlman, se pa pou nou kite libète sa a sèvi pretèks pou nou viv nan dezòd. Okontrè, nan pratike lamou, se pou nou viv tankou youn se esklav lòt. 14Paske tout lalwa a akonpli nan sèl pawòl sa a: “Se pou ou renmen pwochen w#5:14 pwochen w Oubyen “lòt moun”. Ansèyman Jezi bay nan Lik 10:25-37 fè l parèt klè sa fè referans a nenpòt moun ki nan bezwen. menm jan ou renmen pwòp tèt ou.”#Lev 19:18. 15Men, si youn ap mòde lòt, si youn ap devore lòt, veye pou youn pa touye lòt tou.
Sentespri a ak nati peche ki nan lòm nan
16M ap di nou pito: Kite Sentespri a kontwole lavi nou. Si nou fè sa, nou p ap fè move bagay dezi kò a fè moun fè. 17Vrèmanvre, an jeneral, moun toujou vle bagay ki kont Sentespri a, tandiske Sentespri a vle ki kontrè. Yo menm nan yon lit youn kont lòt. Sa vle di nou pa lib pou nou toujou viv jan nou ta renmen viv la. 18Men, si nou kite Sentespri a dirije lavi nou, nou p ap viv anba lalwa.
19Sa moun toujou vle fè an jeneral, se yon bagay ki klè: Se imoralite seksyèl, se bagay ki sal, se libètinaj, 20sèvi zidòl, fè maji, rayi moun, pouse kont, jalouzi, fè kòlè, anbisyon, pwovoke divizyon, patipri. 21Se lanvi, bwè tafya, banbòch ak yon bann lòt bagay ankò. Mwen te deja di nou sa, m ap repete l ankò: Moun k ap komèt bagay sa yo se moun ki p ap antre menm nan wayòm Bondye Papa a. 22Okontrè, men ki fwi Sentespri a pwodui nan lavi moun: lamou, lajwa, lapè, pasyans, bon kè, byenveyans, lafwa, 23dousè, li fè nou konn kontwole tèt nou. Lalwa pa kont okenn nan bagay sa yo. 24Moun ki moun pa Jezikris, yo krisifye tout vye dezi kò a. Yo abandone tout vye dezi ansanm ak tout bagay moun toujou vle fè yo. 25Poutèt se Sentespri a ki ban nou lavi, annou kite Sentespri a mennen lavi nou. 26Annou pa kite lògèy fè n ap vante tèt nou, pou nou ta ap fè moun santi youn pi enpòtan pase lòt. Annou pa anvye sò youn lòt nonplis.

Currently Selected:

Gal 5: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy