YouVersion Logo
Search Icon

Gal 5:1-12

Gal 5:1-12 VKF

Kounye a, poutèt Kris fè nou lib, an n kenbe fèm nan libète sa a. Ann pa tounen anba jouk esklavaj ankò. Koute byen! Mwen menm Pòl, men sa m ap di nou: Si nou kite yo sikonsi nou, Kris p ap vle di anyen pou nou ankò. M ap di ankò: Nenpòt moun ki kite yo sikonsi l, li oblije fè tout sa lalwa Moyiz la mande l fè tou. Nou menm k ap chache vin dwat devan Bondye nan fè sa lalwa Moyiz la mande, nou tou separe ak Kris. Nou chwazi mete tèt nou nan yon pozisyon pou nou pa benefisye gras Bondye a. Mwen di sa, paske se pa mwayen lafwa nou gen espwa Bondye ap fè nou vin dwat devan l. Sentespri a ban nou garanti pandan n ap tann sa rive. Paske lè yon moun nan Jezikris, menm si l sikonsi, menm si l pa sikonsi, sa pa vle di anyen. Sa ki enpòtan se lafwa, kalite lafwa ki manifeste nan lamou. Nou te kòmanse kous la trè byen, kisa k pran tèt nou pou fè nou sispann swiv verite a? Asireman yon move enfliyans kon sa pa ka soti nan Bondye ki te chwazi nou an. Fè atansyon, “Yon ti kras ledven kapab fè tout yon pat leve.” Pou mwen menm, mwen konte sou nou nan Senyè a, nou p ap panse okenn lòt fason. Men, kanta pou moun k ap twouble nou an, nenpòt ki moun li ye a, l ap peye sa. Frè m ak sè m yo, si m t ap di moun yo bezwen sikonsi, m pa ta kontinye sibi pèsekisyon. Si m t ap fè sa tou, mesaj lanmò Kris sou kwa a pa t ap deranje moun ankò? Moun sa yo k ap twouble nou an, m ta swete pou tout ti pati yo ta tou koupe nèt, pandan y ap sikonsi a?

Free Reading Plans and Devotionals related to Gal 5:1-12