YouVersion Logo
Search Icon

1 Tes 5

5
Mete nou prè pou retou Senyè a
1Kounye a frè m ak sè m yo, nou pa bezwen moun ekri nou sou koze tan ak dat ankò. 2Ou konnen deja, lè Senyè a ap retounen an l ap yon gwo sipriz, tankou lè vòlè vin kase kay ou nan nuit. 3Lè moun ap di: “Nou gen lapè ak sekirite,” se lè sa a malè pral tonbe sou yo sanzatann, menm jan ak lè tranche pran yon fanm ansent, yo p ap gen okenn mwayen pou yo evite soufrans la.
4Men kanta nou menm frè m ak sè m yo, ou p ap viv nan fènwa. Konsa jou sa a p ap ban nou sipriz tankou jan vòlè fè. 5Se moun limyè nou ye, konduit nou klè tankou lajounen. Nou pa pitit fènwa ni nou pa mele ak lannuit. 6Konsa, nou pa dwe dòmi menm jan ak lòt yo. Okontrè se pou nou rete vijilan, ak je nou byen klè epi tèt nou byen frèt. 7Moun k ap dòmi fè l pandan lannwit. Moun k ap bwè tafya pou yo sou fè l pandan lannwit. 8Men nou menm se moun limyè nou ye, an nou kontwole tèt nou. An nou sèvi ak lanmou epi lafwa kòm zam pou nou pwoteje tèt nou. An nou sèvi esperans delivrans lan tankou yon kask sòlda yo mete sou tèt yo.
9Bondye pa t chwazi nou pou l ka pini nou. Li chwazi nou pou nou te ka jwenn delivrans pa mwayen Senyè nou Jezikris. 10Se Jezi ki te mouri pou nou. Konsa, kit nou ta gentan mouri, kit nou vivan, nou pral viv ansanm avèk li, lè li retounen. 11Konsa, jan nou gen tan ap fè l deja, an n kontinye ankouraje youn lòt epi ede youn lòt grandi nan lafwa.
Dènye pawòl ak salitasyon fin al
12Frè m ak sè m yo, nou mande w pou genyen bon jan konsiderasyon pou lidè yo k ap travay nan mitan nou pou Senyè. Yo gen sousi pou nou epi y ap montre nou jan pou nou viv. 13Se pou nou montre anpil respè ak anpil lanmou pou yo poutèt travay y ap fè nan mitan nou.
Se pou nou viv nan lapè youn ak lòt. 14Frè ak sè m yo, n ap mande ou pou rale zòrèy moun k ap fè parese yo. Ankouraje sa yo k ap viv ak lapèrèz nan kè yo. Ede sa yo ki fèb. Pran pasyans ak moun ki bò kote w. 15Pa kite pèsonn rann mal pou mal nan mitan nou. Toujou chache fè sa ki byen youn pou lòt, epi pou tout moun.
16Toujou fè kè ou kontan. 17Pa janm sispann lapriyè. 18Di Bondye mèsi pou nenpòt sa k rive. Se kon sa Bondye vle pou viv nan Jezikris.
19Pa antrave travay Sentespri a. 20Pa meprize moun k ap di sa Bondye ba yo pou yo di. 21Men, egzamine tout bagay. Kenbe sa ki bon. 22Kouri lwen tout sa ki mal.
23Se pou Bondye fè w vin sen nèt ale. Se pou tout sa ou ye: lespri, nanm epi kò, kapab konsève san repwòch jouktan Jezi Senyè nou an vini. 24Sila ki rele w la ap fè l paske li fidèl.
25Frè m ak sè m yo, toujou sonje priye pou nou tou. 26Salye tout frè ak sè ki laba yo pou nou ak yon bèl akolad#5:26 yon bèl akolad Literalman, “ak yon bo ki sen”. tankou moun pa Bondye yo. 27N ap mande w pou fè pwomès devan Senyè a pou li lèt sa a devan tout frè ak sè yo. 28Se pou gras Jezikris Senyè nou an rete ansanm avèk ou.

Currently Selected:

1 Tes 5: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy