1
1 Tes 5:16-18
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
VKF
Toujou fè kè ou kontan. Pa janm sispann lapriyè. Di Bondye mèsi pou nenpòt sa k rive. Se kon sa Bondye vle pou viv nan Jezikris.
Compare
Explore 1 Tes 5:16-18
2
1 Tes 5:23-24
Se pou Bondye fè w vin sen nèt ale. Se pou tout sa ou ye: lespri, nanm epi kò, kapab konsève san repwòch jouktan Jezi Senyè nou an vini. Sila ki rele w la ap fè l paske li fidèl.
Explore 1 Tes 5:23-24
3
1 Tes 5:15
Pa kite pèsonn rann mal pou mal nan mitan nou. Toujou chache fè sa ki byen youn pou lòt, epi pou tout moun.
Explore 1 Tes 5:15
4
1 Tes 5:11
Konsa, jan nou gen tan ap fè l deja, an n kontinye ankouraje youn lòt epi ede youn lòt grandi nan lafwa.
Explore 1 Tes 5:11
5
1 Tes 5:14
Frè ak sè m yo, n ap mande ou pou rale zòrèy moun k ap fè parese yo. Ankouraje sa yo k ap viv ak lapèrèz nan kè yo. Ede sa yo ki fèb. Pran pasyans ak moun ki bò kote w.
Explore 1 Tes 5:14
6
1 Tes 5:9
Bondye pa t chwazi nou pou l ka pini nou. Li chwazi nou pou nou te ka jwenn delivrans pa mwayen Senyè nou Jezikris.
Explore 1 Tes 5:9
7
1 Tes 5:5
Se moun limyè nou ye, konduit nou klè tankou lajounen. Nou pa pitit fènwa ni nou pa mele ak lannuit.
Explore 1 Tes 5:5