YouVersion Logo
Search Icon

Sizàn 13

13
De jij tonbe damou pou Sizàn
1Ala, se te yon nonm yo te rele Jojakim ki te rete lavil Babilòn. 2Li te marye ak Sizàn, pitit fi Ilkija. Sizàn sa a te yon bèl fanm, lèfini li te gen krentif pou Bondye nan tou sa li t'ap fè. 3Papa ak manman Sizàn te jwif ki te sèvi Bondye ak tout kè yo. Yo te leve pitit fi yo a dapre Lalwa Moyiz la. 4Jojakim, mari Sizàn lan, te yon nonm rich anpil. Li te gen anpil bèl jaden fè wonn kay kote li te rete a. Se la lòt jwif yo te konn reyini anpil fwa paske yo te konsidere mesye anpil. 5Lanne sa a, yo te fenk nonmen de chèf fanmi nan pèp la pou sèvi jij. Se sou kalite jij sa yo Granmèt la t'ap pale lè l te di:
— Mechanste gaye lavil Babilòn. Ata granmoun k'ap sèvi jij pou pèp la, se nan bouch ase yo fè travay yo.
6Tout moun ki te gen yon zafè pwosè pou regle te konn al kote yo lakay Jojakim tou, paske se la de jij yo te toujou ye. 7Chak jou vè midi, lè tout moun al fè wout yo, Sizàn te konn al pwonmennen nan jaden mari l la. 8De jij yo te wè li chak jou lè l'ap vin pwonmennen an. Se konsa, yo te vin anvi li. 9Lide yo pa te ni sou lapriyè ni sou travay jij yo ankò. Se Sizàn ase ki te nan tèt yo. 10Yo chak te vle Sizàn poutèt pa yo, men yo pa te janm pale sou sa yonn ak lòt, 11paske yo te wont rekonèt move lanvi sa a ki t'ap manje yo anndan. 12Se konsa, pandan kèk jou, yo t'ap veye, chak moun bò pa yo, lè pou yo wè l.
13Yon jou midi, yonn di lòt li lè pou y'al manje, yo pral lakay yo. Konsa, yo leve, yo chak pran wout lakay yo. 14Men, apre yon ti kadè, yo chak tounen pou yo te wè Sizàn. Se konsa yo tonbe bab pou bab yonn ak lòt. Lè yonn mande lòt poukisa, yonn rekonèt bay lòt jan yo te fou pèdi pou Sizàn. Lè sa a yo pran dizon pou yo chache yon lè Sizàn va pou kont li.
15Yo t'ap chache yon bèl okazyon. Se konsa yon jou Sizàn vin antre nan jaden an jan l te konn fè l la avèk de jennfi ki t'ap sèvi l. Li fè lide benyen nan jaden an paske te fè cho. 16Pa te gen pèsonn lòt nan jaden an, esèpte de jij yo ki te kache ap veye l. 17Sizàn di jennfi yo konsa:
— Al chache lwil ak odè pote ban mwen. Lèfini, fèmen pòtay jaden yo pou m ka pran yo ti beny.
18Jennfi yo fè sa Sizàn te di yo fè a: yo fèmen pòtay jaden yo, epi yo pase nan yon ti pòt sou kote pou y'al chache sa l te mande yo a. Men, yo pa te janm wè de jij yo kote yo te kache a. 19Sòti jennfi yo sòti, de jij yo prese kite kote yo te kache a, yo kouri al bò kote Sizàn. 20Yo di l konsa:
— Ala pòtay jaden yo fèmen! Pèsonn p'ap wè nou. Nou anvi fè lanmou avè ou. Pa refize nou sa. Kouche ak nou. 21Si se pa sa, nou pral pote plent nan tribinal nou bare yon jenngason avè ou, se poutèt sa ou te voye jennfi yo ale.
22Sizàn fè yon ti plenn, epi li di:
— Tout jan mwen nan ka! Si mwen lage kò m ban nou, y'ap touye m pou adiltè. Si mwen derefize nou, n'ap antrave m. 23Tout jan, atout mwen pa fè anyen, m pito nou antrave m pase pou m fè sa ki mal devan Bondye.
24Epi Sizàn pran rele byen fò mezi li kapab. De jij yo menm t'ap rele tou dèyè l. 25Yonn ladan yo al louvri pòtay jaden yo. 26Lè moun nan kay la tande rèl yo nan jaden an, yo kouri pase nan ti pòt sou kote a pou vin wè sa ki rive Sizàn. 27De jij yo rakonte istwa pa yo. Lè domestik yo tande sa, yo te sezi anpil, paske se premye fwa yo te tande koze konsa sou Sizàn.
Chèf fanmi yo depoze plent kont Sizàn
28Nan denmen, lè pèp la fin sanble kay Jojakim, mari Sizàn lan, de jij yo rive. Yo te sòti pou yo te fini ak Sizàn, pou yo te fè touye l. 29Devan tout pèp la yo di konsa:
— Voye chache madanm Jojakim, Sizàn, pitit fi Ilkija a.
Yo voye chache Sizàn. 30Sizàn vini ansanm ak manman l ak papa l, ak pitit li yo ak tout lòt fanmi l yo. 31Sizàn te anfòm, li te bèl anpil. 32De jij yo bay lòd pou yo wete vwal ki te kouvri figi Sizàn lan pou yo te ka pran plezi gade jan li bèl. 33Men, tout fanmi Sizàn yo ak tout lòt moun yo t'ap kriye lè yo wè sa. 34De jij yo kanpe nan mitan pèp la, yo mete men yo sou tèt Sizàn. 35Sizàn menm t'ap kriye, li leve je l gade syèl la paske li te mete tout konfyans li nan Granmèt la. 36Jij yo di konsa:
— Nou t'ap pwonmennen pou kont nou nan jaden an lè manmzèl vin rive ak de jennfi. Li fè fèmen pòtay jaden yo, epi li voye jennfi yo ale. 37Lè sa a, yon jenngason sòti kote l te kache a, li vin jwenn li, epi li kouche avè l. 38Nou menm lè nou wè bagay lèd sa a, nou sòti nan kwen kote nou te ye a, nou kouri bò kote yo, 39epi nou bare yo ap fè sa. Nou pa te rive kenbe jenngason lan paske li te pi gwonèg pase nou. Li louvri pòtay la, li chape kò l, lale. 40Men, li menm Sizàn, nou mete men sou li. Nou mande l ki moun jenngason an te ye, 41men li refize di nou. Nou fè sèman se sa nou wè ak je nou.
Tout moun ki te la yo te kwè mesye yo paske se chèf fanmi pèp la yo te ye, lèfini yo te jij mete sou li. Se konsa yo kondannen Sizàn pou l mouri.
Danyèl sove Sizàn
42Lè sa a, Sizàn pran rele, li di konsa:
— O Bondye ki la pou tout tan an, ou menm ki konnen tout sekrè ak tout bagay anvan yo rive, 43ou konnen se manti moun sa yo ap fè sou do mwen. Gade! Men m pral mouri san m pa fè anyen. Tou sa mechan sa yo di la a se manti.
44Granmèt la tande vwa li. 45Antan yo t'ap moute avè l pou y'al touye l, Bondye louvri lespri yon jenngason ki te rele Danyèl pou fè l pale. 46Danyèl rele byen fò, li di konsa:
— Mwen menm, mwen inonsan nan lanmò madanm lan!
47Tout pèp la vire bò kote Danyèl, yo mande l:
— Sa w'ap di konsa?
48Danyèl kanpe nan mitan pèp la, li di konsa:
— Nou menm pèp Izrayèl, genlè nou fin pèdi tèt nou! Nou rete konsa nou kondannen yon madanm ki moun pèp Izrayèl la san nou pa chache konnen kote verite a ye. Tounen nan tribinal la paske mesye sa yo se manti y'ap fè sou do madanm lan.
49Tout pèp la kouri tounen kote yo t'ap fè jijman an. Chèf yo di Danyèl konsa:
— Vini non. Vin chita la nan mitan nou. Di nou sa ou gen nan tèt ou, paske Bondye ba ou bon konprann depase laj ou.
50Danyèl di yo:
— Separe de mesye sa yo, mete yo byen lwen yonn ak lòt. M'a pral kèsyonnen yo yonn apre lòt.
51Lè yo fin separe mesye yo, Danyèl rele premye a, li di l konsa:
— Ou menm granmoun ki fin vye nan fè sa ki mal, ou pral peye pou tou sa ou te fè yo. 52Se pa de move santans ou pa te bay. Ou fè kondannen moun ki inonsan, ou fè lage sa ki koupab yo, atout Granmèt la te di: Piga ou fè touye yon inonsan ni yon moun ki mache dwat. 53Enben, si tout bon vre ou te wè mesyedam yo ap fè lanmou, manyè di nou anba ki pyebwa yo te ye.
Li reponn:
— Anba yon pye gonmye.
54Lè sa a, Danyèl di:
— Gade jan ou manti sou pwòp tèt ou! Ou pran nan gonm! #13.54 Ou pran nan gonm: Nou mete fraz sa a la pou nou ka fè yon pawoli avèk non pyebwa ki nan vèsè ki vin anvan an, jan yo fè l nan tèks grèk la. Men tou, zany Bondye a gentan resevwa lòd pou li fann ou de bout.
55Apre li fè yo ale ak premye a, li bay lòd pou yo mennen lòt la. Epi li di l:
— Vye moun peyi Kanaran, se pa jwif ou ye non! Bèl fanm fè ou pèdi tèt ou, move lanvi vire bonnanj ou! 56Se konsa ou toujou fè sa ou vle ak medanm pèp Izrayèl yo paske yo te pè ou. Men, fwa sa a nou jwenn ak yon fanm peyi Jida ki derefize nan malpwòpte ak nou. 57Manyè di nou kounyeya anba ki pyebwa ou te bare mesyedam yo?
Nonm lan di:
— Anba yon gwo pye bwadchenn.
58Lè sa a, Danyèl di:
— Ou manti sou pwòp tèt ou. Ou anchennen tèt ou! #13.58 Ou anchennen tèt ou: Nou mete fraz sa a la pou nou ka fè yon pawoli avèk non pyebwa ki nan vèsè ki vin anvan an, jan yo fè sa nan tèks grèk la. Men tou, zany Bondye a ap tann konsa, nepe li nan men l, pou l fann ou fè de mòso. Konsa, nou tou de pral mouri.
59Tout moun pèp Izrayèl ki te sanble la yo bay yon gwo rèl. Yo pran fè lwanj Bondye ki delivre moun ki mete tout konfyans yo nan li. 60Pèp la vire sou de chèf fanmi yo pou manti yo te fè sou madanm lan nan tribinal la, paske Danyèl te fè yo denonse tèt yo ak pwòp bouch yo. 61Dapre Lalwa Moyiz, lè yon moun bay manti sou yon lòt nan tribinal, pinisyon ki pou ta vini pou moun li akize a se li menm pou yo bay li. Se konsa yo touye de mesye yo, epi yo sove lavi yon fanm inonsan. 62Ilkija ak madanm li di Bondye mèsi pou pitit fi yo a. Jojakim, mari Sizàn lan, ak tout fanmi yo t'ap di Bondye mèsi tou dèske yo pa te jwenn anyen pou yo te repwoche Sizàn. 63Depi jou sa a pèp la vin gen gwo konsiderasyon pou Danyèl.

Currently Selected:

Sizàn 13: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy