YouVersion Logo
Search Icon

Bèl 14

14
Danyèl ak prèt k'ap sèvi zidòl Bèl yo
1Lè wa Astiyag mouri, Siris, moun peyi Pès, pran gouvènman peyi a. 2Danyèl te yonn nan pi bon zanmi wa Siris ki te konsidere l pi plis pase tout lòt konseye l yo. 3Moun Babilòn yo te gen yon zidòl yo t'ap sèvi ki te rele Bèl. Chak jou pèp la te gen pou l ofri douz barik farin frans, karant mouton ak senkant galon diven. 4Wa Siris te sèvi zidòl sa a tou. Chak jou se pou l te al fè sèvis pou li. Men, Danyèl t'ap sèvi Bondye pa l.
5Yon jou wa a mande Danyèl konsa:
— Poukisa ou pa sèvi Bèl?
Danyèl reponn li:
— Paske mwen pa sèvi zidòl moun fè ak men yo. Se Bondye vivan an mwen sèvi, li menm ki fè syèl la ak latè a, li menm ki Granmèt tout moun.
6Lè sa a wa a di l:
— Ou pa kwè Bèl se yon bondye vivan? Ou pa wè tou sa li manje ak tou sa li bwè chak jou!
7Danyèl fè yon ti ri, li di wa a konsa:
— Pa twonpe tèt ou, monwa! Bèl ou a se labou kouvri ak kwiv ase li ye. Li pa janm manje, li pa janm bwè.
8Wa a fache, li rele prèt k'ap sèvi Bèl yo, li di yo konsa:
— Si nou pa di m ki moun k'ap plede manje tout manje sa yo, m'ap fè touye nou. 9Men, si nou fè m wè se Bèl ki manje manje yo vre, se Danyèl m'ap fè touye paske li derespekte Bèl, li pale Bèl mal.
Danyèl di wa a:
— Jan ou vle!
Nan tanp Bèl la te gen swasanndis prèt, san konte madanm yo ak pitit yo. 10Wa a al nan tanp lan ansanm ak Danyèl. 11Prèt Bèl yo di konsa:
— Monwa, nou pral sòti, n'ap kite ou pou fè mete manje yo sou tab yo, epi pou yo pare diven an. Apre sa, w'ap sòti, w'ap fèmen pòt la dèyè ou, epi w'ap poze sele sou li ak so ki nan bag ou a. 12Denmen maten, lè w'a louvri pòt la, si ou jwenn Bèl pa manje tout bagay, ou mèt touye nou. Men, si li manje tout bagay, se va Danyèl ki va mouri paske li fè manti sou nou.
13Prèt yo te pale ak je chèch sa a paske yo te konnen yo te fè yon twou pèsonn pa te ka wè kache anba tab yo, kote yo toujou pase vin pran ofrann yo. 14Lè prèt yo sòti, wa a fè mete tout manje a devan Bèl. Lè sa a, Danyèl mande domestik li yo pote sann dife pou li, epi li mache simen sann lan soupoudre tout atè nan tanp lan. Se wa a sèlman ki te wè yo fè sa. Apre sa, yo tout yo sòti, yo fèmen pòt la, yo poze sele sou li ak so bag wa a, epi y'ale.
15Pandan lannuit, prèt yo pase nan twou a ansanm ak madanm yo ak pitit yo jan yo konn fè l la, epi yo manje tout manje a, yo bwè tout diven an. 16Nan maten byen bonè, wa a leve epi l'ale ansanm ak Danyèl nan tanp lan. 17Wa a mande:
— Danyèl, so yo la menm jan an?
Danyèl reponn:
— Wi, monwa. Pèsonn pa manyen yo.
18Louvri pòt yo louvri, wa a wè tab yo vid. Li pran rele byen fò:
— Ala pouvwa ou genyen, Bèl! Ou se yon bondye tout bon! #14.18Ou se yon bondye tout bon!: osinon: Ou pa nan twonpe moun!
19Danyèl menm pran ri, li kenbe wa a pou wa a pa antre, epi li di l konsa:
— Gade atè a. Ou rekonèt mak pye sa yo?
20Wa a reponn:
— Men wi. Se mak pye gason, pye fanm ak pye timoun.
21Wa a fè yon sèl kòlè, li fè arete prèt yo, madanm yo ak tout pitit yo mennen ba li. Yo moutre wa a twou yo te fè anba tab yo kote yo te konn pase vin manje tou sa yo te mete sou tab yo. 22Se konsa wa a fè touye yo, li renmèt estati Bèl la bay Danyèl pou l fè sa li vle avè l. Danyèl kraze estati a ansanm ak tanp lan.
Danyèl touye gwo kayiman zèl la
23Nan lavil Babilòn te gen yon gwo kayiman zèl moun yo te konn sèvi. 24Wa a di Danyèl konsa:
— Kounyeya ou pral di m sa a pa yon bondye vivan? Sèvi l non!
25Danyèl di wa a konsa:
— Se Granmèt la, Bondye mwen, m'ap sèvi. Se li menm sèl ki Bondye vivan an. Men, monwa, ban m pèmisyon, m'ap touye gwo kayiman zèl la san nepe ni baton.
26Wa a reponn:
— Mwen ba ou pèmisyon m.
27Danyèl pran godwon, li melanje l ak grès ansanm ak pwal bèt, li mete yo bouyi, li fè boulèt ak yo epi li voye nan bouch gwo kayiman zèl la. Kayiman an manje yo, epi vant li pete. Lè sa a, Danyèl di:
— Men sa nou t'ap sèvi a!
28Lè moun lavil Babilòn yo pran nouvèl la, yo move anpil, yo leve dèyè wa a, yo t'ap di konsa:
— Men wa a fè l jwif! Li kraze Bèl, li touye gwo kayiman zèl la, li fè masakre prèt yo.
29Y'al jwenn wa a, yo di l konsa:
— Renmèt nou Danyèl. Si ou pa vle, n'ap touye ou ansanm ak tout fanmi ou yo.
30Lè wa a wè moun yo te kwense l serye, li pa fè ni yonn ni de, li renmèt yo Danyèl. 31Yo menm, yo pran Danyèl, yo jete l nan twou lyon yo. Yo kite l la pandan sis jou. 32Nan twou a te gen sèt lyon. Chak jou yo te konn ba yo de kadav moun ak de mouton pou yo manje. Pandan tout sis jou sa yo, yo pa ba yo manje menm pou yo te ka manje Danyèl.
33Menm lè sa a, te gen yon pwofèt yo te rele Abakik nan peyi Jide. Li te fin pare yon labouyi. Li te rache pen ti mòso ti mòso mete nan yon veso. Epi li te pran chemen pati al nan jaden pote manje a pou moun ki t'ap ranmase rekòt yo. 34Yon zanj Granmèt la parèt devan l, li di l konsa:
— Abakik, pote manje ou gen nan men ou lan lavil Babilòn bay Danyèl ki nan yon twou lyon.
35Abakik reponn zanj lan konsa:
— Granmèt, m poko janm mete pye m lavil Babilòn, m pa konnen kote twou lyon yo ye.
36Zanj lan lonje men l, li pran Abakik nan cheve ki anwo tèt li. Avèk fòs souf li #14.36avèk fòs souf li: osinon: avèk pouvwa lespri li li pote l ale depoze lavil Babilòn drèt sou twou lyon yo. 37Abakik rele byen fò, li di:
— Danyèl, Danyèl! Men manje Bondye voye ba ou. Pran l non!
38Danyèl reponn:
— O Bondye, ou pa bliye m! Ou pa lage moun ki renmen ou vre!
39Danyèl leve, li manje. Lamenm zanj Bondye a pran Abakik, l'al depoze l kote l te pran l lan. 40Sou sètyèm jou a, wa a vin kriye pou Danyèl. Li te konprann li te mouri. Li pwoche bò twou lyon yo, li voye je l gade. Kimoun li wè? Danyèl ki te chita chita l! 41Li pete yon sèl rèl, li di:
— Ala pouvwa ou genyen, Granmèt, Bondye Danyèl la! Pa gen tankou ou! Pa gen lòt bondye pase ou menm!
42Li fè yo wete Danyèl, lèfini li pran moun ki te vle touye Danyèl yo, li fè jete yo nan twou a. Lamenm lyon yo devore yo devan je wa a.

Currently Selected:

Bèl 14: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy