YouVersion Logo
Search Icon

1 Jan 4

4
Lespri Bondye a ak fo lespri a
1Mezanmi, nou pa bezwen kwè tout moun k'ap #1 Tes 5.21; Mat 7.15 di yo gen Lespri Bondye a. Men, se pou n sonde yo pou nou wè si lespri yo genyen an sòti nan Bondye vre. Paske, gen yon bann fo pwofèt ki gaye toupatou sou latè a. 2Men #1 Kor 12.3 ki jan nou ka konnen si yon lespri sòti nan Bondye: tout moun ki di Jezikri te yon moun tout bon, se moun ki gen lespri ki sòti nan Bondye a. 3Men, #1 Jan 2.18; Jan 8.17 si yon moun refize rekonèt Jezi te yon moun tout bon, moun sa a pa gen lespri ki sòti nan Bondye a. Lespri li genyen an sòti nan moun k'ap goumen ak Kris la. Yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la te gen pou l te vini. Enben, kounyeya li deja nan lemonn.
4Men, #Mat 12.29 nou menm, pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou kraze fo pwofèt yo, paske lespri ki nan nou an gen plis pouvwa pase lespri ki nan moun ki pou lemonn yo. 5#Jan 15.19 y'ap pale yo pale tankou moun ki nan lemonn. Moun ki nan lemonn ap koute yo paske yo menm tou yo se moun lemonn. 6Men, #Jan 8.47 nou menm, nou se moun Bondye. Tout moun ki konnen Bondye, yo koute lè n'ap pale ak yo. Moun ki pa moun Bondye p'ap koute nou. Se konsa nou ka konnen diferans ki genyen ant lespri k'ap pale verite a ak lespri k'ap bay manti a.
Bondye se renmen
7Mezanmi, #1 Jan 2.29 se pou nou yonn renmen lòt paske renmen sòti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye. 8Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm. 9Men #Jan 3.16 ki jan Bondye fè nou wè jan li renmen nou. Li te voye sèl pitit li a sou latè pou l te ka ban nou lavi. 10Men #1 Jan 2.2 kisa renmen an ye: Se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm pito ki te renmen nou, ki te voye Pitit li a pou nou te ka resevwa padon pou peche nou yo, gremesi Pitit la.
11Mezanmi, #Mat 18.33 si Bondye renmen nou konsa, nou menm tou se pou nou yonn renmen lòt. 12Pèsonn #Jan 1.18 pa janm wè Bondye. Men, si nou yonn renmen lòt, Bondye fè yonn ak nou. Konsa n'a renmen tout bon, jan Bondye renmen an.
13Nou #1 Jan 3.24; Wòm 5.5 konnen nou fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak nou, paske li ban nou Sentespri li. 14Nou #Jan 3.17 menm, n'ap di sa nou te wè. Papa a voye Pitit li a pou delivre tout moun. 15Moun #1 Jan 5.5 ki rekonèt Jezi pou Pitit Bondye a, Bondye fè yonn ak yo, yo fè yonn ak Bondye. 16Nou menm nou konnen jan Bondye renmen nou, nou kwè se vre.
Bondye se renmen an menm. Moun ki gen renmen nan kè yo, yo fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak yo. 17Nou #1 Jan 2.28 konnen nou renmen Bondye tout bon lè kè nou pa kase pou jou jijman an, paske n'ap viv nan lemonn tankou Kris la t'ap viv. 18Kote ki gen renmen, pa gen kè kase. Okontrè, lè nou renmen tout bon, si kè nou te kase, li pa kase ankò. Konsa, yon moun ki pè toujou, li poko fin renmen nèt. Paske si ou pè, se paske ou pè chatiman.
19Pou nou menm, nou gen renmen nan kè nou, paske Bondye te renmen nou anvan. 20Si yon moun di: mwen renmen Bondye, pou anmenmtan pou l rayi frè l, moun sa a ap bay manti. Paske, si li pa renmen frè l, yon moun li ka wè, li pa ka renmen Bondye li pa ka wè a. 21Se #Mak 12.29-31 sa k fè, men kòmandman Kris la ban nou: Moun ki renmen Bondye, yo fèt pou renmen frè yo tou.

Currently Selected:

1 Jan 4: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy