YouVersion Logo
Search Icon

1 Jan 3

3
Nou se pitit Bondye
1Gade kijan Papa a renmen nou non! Li #1 Jan 5.20; Jan 1.12,13; 16.3 sitèlman renmen nou, li rele nou pitit li. Epi se sa nou ye vre. Se poutèt sa, lemonn pa rekonèt nou, paske li pa rekonèt Bondye. 2Mezanmi, #1 Jan 2.28; Wòm 8.17; 2 Kor 3.18; Fil 3.21; Kol 3.4; Egz 34.29 koulyeya nou se pitit Bondye. Sa nou pral ye a, nou poko fin konnen li nèt. Men nou konnen lè Kris va parèt, nou pral tounen tankou li. Paske nou pral wè li jan li ye a. 3Tout moun ki gen espwa sa a nan kè yo ap kenbe kò yo pou yo pa fè sa ki mal, tankou Jezikri te kenbe kò l pou l pat fè sa ki mal.
4Tout #Mat 7.23 moun ki fè peche, se dezobeyi yo dezobeyi lalwa Bondye, paske peche se dezobeyisans lalwa. 5Nou #Eza 53.4; 1 Pyè 2.24 konn sa: Jezikri te parèt pou wete peche lèzòm, men li menm li pat janm fè peche. 6Konsa, #Wòm 6.14 si yon moun fè yonn ak Kris la tout tan, l'ap sispann viv nan peche. Moun ki kontinye ap fè peche toujou, se moun ki pa janm wè l, ki pa janm konnen li.
7Pitit #1 Jan 2.29 mwen yo, pa kite pèsonn twonpe nou. Moun ki fè sa ki dwat, se li ki dwat devan Bondye, menm jan ak Kris la ki dwat. 8Moun #Jan 8.44 k'ap kontinye viv nan peche, se moun Satan yo ye, paske Satan ap fè peche depi nan konmansman. Pitit Bondye a parèt toutespre pou kraze travay Satan an.
9Si #1 Jan 5.18 yon moun se pitit Bondye vre, li p'ap kontinye ap viv nan peche paske pouvwa lavi ki soti nan Bondye a ap travay nan li. Si se Bondye ki papa li, li p'ap santi li alèz pou l'ap viv nan peche. 10Men jan nou ka depati pitit Bondye yo ak pitit Satan yo: depi yon moun pa fè sa ki dwat devan Bondye, depi li pa renmen frè li, se pa pitit Bondye li ye.
Se pou nou yonn renmen lòt
11Paske, #Jan 13.34; 15.12 men mesay nou te tande depi nan konmansman an: se pou nou yonn renmen lòt. 12Piga #Jen 4.8 nou fè tankou Kayen. Nonm sa a se moun Satan li te ye. Li te touye frè li. Epi poukisa atò? Paske sa Kayen t'ap fè a pat bon, men sa frè l t'ap fè a te dwat devan Bondye.
13Nou #Mat 5.11; Jan 15.18,19 pa bezwen sezi, frè m yo, si moun ki nan lemonn yo rayi nou. 14Nou #1 Jan 2.11; Jan 5.24 menm, nou konnen nou sòti nan lanmò, nou antre nan lavi. Nou konn sa, paske nou renmen frè nou yo. Moun ki pa renmen frè l, li mouri. 15Tout #Mat 5.21,22; Jan 8.44 moun ki rayi frè yo, se ansasen yo ye. Nou konnen yon ansasen pa gen lavi ki p'ap janm fini an nan li. 16Men #Jan 13.1; 15.13; Gal 2.20 sa ki fè nou konnen sa renmen ye: Jezikri bay lavi li pou nou. Se poutèt sa nou menm tou, se pou nou bay lavi nou pou frè nou yo. 17Si #1 Jan 4.20; Det 15.7 yon moun gen dekwa viv, li wè yon frè nan nesesite epi li pa lonje men ba li, kouman yon moun konsa ka pretann li renmen Bondye. 18Pitit #Jak 1.22; 2.15,16 mwen yo, piga nou renmen sèlman nan bouch, nan bèl diskou ak bèl pawòl. Se pou nou renmen tout bon vre. Se pou tout moun wè jan nou renmen lè yo wè sa n'ap fè.
Nou pa gen kè sote devan Bondye
19Se konsa n'a konnen nou se moun laverite. Se konsa n'a santi nou san kè sote devan Bondye. 20Si konsyans nou kondannen nou, kidire pou Bondye ki siperyè lontan pase konsyans nou? Li konnen tout bagay. 21Konsa, #Wòm 5.1; Eb 4.16 zanmi m yo, si konsyans nou pa kondannen nou, nou gen yon gwo lasirans devan Bondye. 22Tou #Mak 11.24 sa n'a mande l, l'a ban nou l, paske nou menm nou fè tou sa li mande nou, nou fè sa ki fè l plezi. 23Men #Jan 6.29; 15.17 sa l mande nou: Se pou nou gen konfyans nan Pitit li, Jezikri. Se pou nou yonn renmen lòt, jan Kris la te ban nou lòd la. 24Moun #1 Jan 4.13; Wòm 8.9 ki kenbe kòmandman Bondye yo, y'ap fè yonn ak Bondye, Bondye ap fè yonn ak yo tou. Men ki jan nou konnen Bondye fè yonn ak nou: nou konnen sa paske li ban nou Sentespri li.

Currently Selected:

1 Jan 3: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy