Kay Avanti pou Timoun yoEgzanp

Jou 25: Li Matye 2:1-12
Saj yo tap chache Jezi paske yo te tèlman anvi adore li! Èske ou vle viv yon lavi tankou Saj yo te fè a: bay tout bagay epi pakouri nenpòt distans lan jis pouw adore Jezi Sovè nou an? Mwen konnen mwen tap fè sa!
Aktivite: Pran yon ti tan nan mitan pil aktivite sa nan sezon Nwèl la pouw adore Jezi ansanm ak fanmi ou. Pale de Jezi, priye ansanm, chante chante pou fè lwanj Li, li Pawòl Li yo... jis fè sa Bondye mete anndan kè ou! Jwaye Nwèl! Ala yon jou pafè pouw selebre Lanmou Jezi!
• Aktivite opsyonèl pou timoun ki pi gran:
Kèk aktivite jounalye ki nan lis aktivite ki pi byen yo pou timoun ki pi piti yo. Mwa sa siw ta renmen mete aktivite pou timoun ki pi gran timoun yo, gen kèk ide anba a ou kapab jwenn ki agreyab!
1. Kreye yon jounal pouw dokimante kèk nan evènman kap pase nan lekti vèsè chak jou yo. Kite timoun yo bay jounal la yon non amizan tankou "Moman Bètleyèm Yo" epi ajoute istwa, nouvèl, piblisite, ak ilistrasyon nan fason yo wè sa ap apwopriye. Yo kapab ajoute ladann tou yon ti kras nan yon epòk tankou sa ki soti nan pasaj labib yo ki atire atansyon yo.
2. Ekri yon powèm oswa yon chan louwanj pou Senyè a. Sa se yon aktivite yo ta kapab travay sou li pandan tout mwa a jan Bondye mete pawòl lwanj lan anndan kè yo. Lè yo fini, ekri kreyasyon yo epi mete li nan yon ankadreman pouw ajoute kòm yon memwa presye nan dekorasyon Nwèl paw la. Ou kapab menm òganize yon sware selebrasyon Nwèl an fanmi epi kreye opòtinite kote tout moun ap pataje kreyasyon pa yo si tout fwa nou gen gen tandans sa.
3. Kreye yon modèl farin sèl oswa dyoram nan yon bwat soulye oswa kouvèti yon bwat (gen anpil resèt farin sèl sou entènèt la). Pitit paw la kapab fè sa sou fòm sèn Nativite oswa petèt yon kat jeyografik sou vwayaj Mari ak Jozèf te fè a sa ki gen ladann vwayaj yo nan peyi Lejip apre nesans Jezi a pou sove anba Ewòd. Se pou timoun yo kreyatif; syèl lan se limit la!
4. Fè pitit ou a ekri yon sketch kote lap jwe istwa ki antoure nesans Jezi a. Ekri sketch sa nan estil ekran-jwe ki gen diferan pati ak liy ki enteresan. Kostim ak akseswa ke se pitit ou a ki fè yo tou!
5. Agrafe plizyè fèy papye ansanm pouw fè yon liv Nwèl ki detaye tout evènman istwa nesans Jezi a. Pitit ou a kapab ekri chak grenn paj epi rakonte istwa a epitou yap ka li ti liv sa ane apre ane pou sonje poukisa nap selebre sezon Nwèl la!
Nou espere ke Plan sa ap ankourajew! Klike sou lyen sa pouw eksplore plis aktivite, ki kapab enprime, chan, ak resous ki soti nan Help Club for Moms sou plan Avanti sa.
Ekriti
Konsènan Plan sa a

Chè manman, èskew panse ou toujou pase sezon Nwèl la nan yon gwo eksitasyon ak dezòd? Ane sa kapab diferan. Dekouvri trezò lanmou Kris la ansanm ak pitit ou yo pou sezon Nwèl sa! Kay Avanti pou Timoun yo se yon bèl devosyon 25-jou, ki ranpli ak yon kowòdone Kay Avanti ki kapab enprime sa ki pral ede nan bay kè pitit ou yo direksyon Senyè a epitou fè sezon Nwèl sa vin gen plis sans toujou!
More
Plan ki liye yo

Grandi Nan Sanktifikasyon

Parabòl Jezi : Eksplikasyon pratik sou Peyi Wa a

Bondye pa ChatGPT

Ansèyman Jezi : Desizyon saj & benediksyon ki dire

Istwa Nwèl : 5 jou sou nesans Jezi

Gerizon Jezi : Eksplore pouvwa & konpasyon

Karèm/Pak : Jezi fè fas ak lanmò avèk kouraj

Mirak Jezi : Revele idantite divin Li

Karèm/Pak : Dènye jou Jezi yo
