Kay Avanti pou Timoun yoEgzanp

Children's Advent House

JOU 23 SOU 25

Jou 23: Li Filipyen 2:6-11

Se yon bèl kado Bondye ban nou lè Li vin sou tè a, pran fòm yon moun, soufri sou kwa a epi mouri pou nou kapab viv ansanm avèk Li pou tout tan! Li renmen ou anpil! Èskew te chwazi swiv Li? “Se nan Li sèlman wap jwenn Sali a; nan tout mond lan, pa gen okenn lòt moun Bondye te bay ki kapab sove nou.” (Travay 4:12).

Aktivite: Nou gen anpil bagay poun di Jezi mèsi! Priye ansanm epi di Li mèsi paske Li sove nou! Nou vle sonje siyifikasyon veritab sezon Nwèl jodya ak chak jou! Pouw ede pitit ou yo rann istwa nesans Jezi a vin pi fò, mennen bagay sa nan moman yap jwe pandan yap fè krèch istwa sa.

Konsènan Plan sa a

Children's Advent House

Chè manman, èskew panse ou toujou pase sezon Nwèl la nan yon gwo eksitasyon ak dezòd? Ane sa kapab diferan. Dekouvri trezò lanmou Kris la ansanm ak pitit ou yo pou sezon Nwèl sa! Kay Avanti pou Timoun yo se yon bèl devosyon 25-jou, ki ranpli ak yon kowòdone Kay Avanti ki kapab enprime sa ki pral ede nan bay kè pitit ou yo direksyon Senyè a epitou fè sezon Nwèl sa vin gen plis sans toujou!

More

Nou ta renmen remèsye Help Club for Moms paske yo ban nou plan sa. Pou plis enfòmsayon, tanpri vizite: https://helpclubformoms.com