Konsènan YouVersion

Enpòtans

Nan jenerasyon pase yo, aksè moun yo te genyen ak Bib lan te limite anpil. Jounen jodya, sityasyon sa pa egziste ankò. Sepandan, anpil moun ki gen aksè ak Bib la panse mesaj ki nan bib lan pa aplike nan lavi yo. An menm tan, gen lòt moun ki kwè gen yon koneksyon ant Bib la ak eksperyans yap fè chak jou yo.

Revolisyon Enfòmasyon

Pandan dènye deseni ki sot pase la, Entènèt te pote yon revolisyon sa ki bay moun gwo kokenn chenn kapasitre yo pat janm gen anvan. Avèk kapasite pou pataje, kontribye, kreye, difize ak kominike, li fasil poun di kiyès nou ye ak kisa nou kwè bat tout rès mond lan.

YouVersion

Depi li te kòmanse an 1996, objektif Life.Church se te mennen moun yo vin yon patizan ki devwe Kris la nèt. Nan fè sa, nou te chèche nouvo fason pou ede moun konekte Bib la ak lavi chak jou yo. Metòd nou yo te chanje pandan ane yo kòm nou te enkòpore divès teknoloji ak estrateji. Men, nan nwayo a, konsantre nou rete sou enpòtans pandan n ap toujou fè efò pou nou demontre ak anseye moun ki jan Pawòl Bondye a gen rapò ak tout moun, kèlkeswa kote yo ye nan lavi yo. YouVersion reprezante yon nouvo fwontyè nan efò Life.Church. Nou pa jis konstwi yon zouti pou gen enpak sou mond lan lè l sèvi avèk teknoloji inovatè, sa ki pi enpòtan, n ap angaje moun nan relasyon ak Bondye pandan y ap dekouvri enpòtans Bib la genyen pou lavi yo.