Kay Avanti pou Timoun yoEgzanp

Kay Avanti pou Timoun yo
Tara Davis: ekri
Jwaye Nwèl zanmi mwen! Èske wap chache yon aktivite avantire ki santre sou Kris la pouw fè ansanm avèk pitit ou yo? Pingaw chache pi lwen! Kay Avanti sa a pou Timoun yo pral ajoute yon dòz verite ak bote nan avanti lavi pitit ou yo chak jou!
Ou kapab fè sa byen senp oswa enplike lòt moun jan ou vle, jis chache Senyè a pou sa Li vle ou fè nan sezon Nwèl sa! Chak jou avanti sa pral prezantew yon vèsè biblik pouw li ansanm avèk yon ti foto pou pitit ou a kapab kolore nan "kay" yo.
Ou kapab enprime kay pitit ou a kolore a nan fen devosyon jounen an.
Nou konnen ou se yon manman ki okipe anpil, alòs chak semèn nou bay 2 jou lib epi yon fenèt oswa yon pòt vid pou pitit ou a kolore. Itilize jou sa yo pouw ratrape jou ou te rate yo, nenpòt lè ou ta bezwen yo a. Nou jis mete kèk Vèsè ak priyè pou ou nan jou lib yo pou edew kenbe kè ou fikse sou Jezi nan sezon Nwèl sa.
Nan fen chak jounen devosyon yo, gen yon aktivite opsyonèl kap ankourajew li ti kras pi plis Pasaj biblik lan. Santiw lib pouw li kantite nou sijere a oswa yon ti kras mwens jan ou vle a! Koulye a, ann al nan preparasyon amizan an!
Preparasyon: Nou ankourajew pouw fè bagay sa yo nan lide pouw prepare pou aktivite amizan sa. Yon lòt fwa ankò, fè aktivite sa tounen pwòp aktivite paw pandan wap fè anpil fwa oswa yon ti kras parapò ak kantite tan ou genyen!
1. Enprime yon kopi paj Avanti pou chak grenn pitit ou yo (wap jwenn yo nan fen devosyon jounen an).
2. Rasanble makè oswa kreyon koulè pou pitit ou ka kolore kay la chak jou.
3. Achte yon sache sirèt pouw kapab bay pitit ou yon ti sirèt chak jou pandan wap li vèsè jounen an. Pawòl Bondye a tankou siwo myèl nan bouch nou, alòs bay pitit ou a yon ti gou dous pou vèsè yo sezon Nwèl sa! (Sòm 119:103)
4. Pakouri aktivite chak jou yo epi analize si ou tap renmen fè nenpòt nan yo, epi konsidere kisa wap bezwen rasanble kòm materyèl.
5. Kounye a ou pare pouw kòmanse!
Lekti: Pwemye desanm (oswa nan jou anvan an menm si ou prefere sa), li paragraf entwodiksyon sa yo pou pitit ou:
Jodya se jou a! Premye jou avanti an! Èskew ka kwè sezon Nwèl la prèske rive? Sezon sa se yon epòk espesyal nan ane a! Èskew te janm wè yon kay Penlay nan sezon Nwèl, ki dekore ak tout kalite sirèt ki gen bon gou, ki gen etensèl ak sik epitou ki prèske limen avèk tout eksitasyon nan sezon Nwèl la? Nanm nou jis tankou yon kay tou, yon chato espektakilè ak anpil chanm. Men, chak chanm sa yo ki nan kay nou an vid, yo jis ap tann poun ranpli yo, epitou se ou menm kap deside kijan ou pral ranpli yo!
Koulye a, mwen dwe pale nou de Papa enkwayab nou an ki nan syèl la ki renmen nou anpil! Li renmen ou ase pou Li voye Pitit Gason Li an pou vin sove ou anba pechew epitou Li envitew vin swiv Jezi epi viv avèk Li pou tout tan! Papa lanmou sa vle pouw ranpli chanm yo nan kay paw la avèk bèl trezò Li yo. Pwovèb 24:3-4 di nou ke "Gras ak sajès yo bati yon kay, gras ak konesans, chanm li yo plen ak trezò ki ra epi ki bèl." Pouw ranpli chanm yo nan kay ou ak trezò Senyè a, ou dwe chache sajès! Epi devine ki kote yo jwenn sajès? Nan Bib la! Pandan wap li Pawòl Bondye a, lèt lanmou Li a pou ou, wap ranpli chak chanm nan kay nanm ou ak trezò ki pi bèl ou pa kapab imajine yo! Trezò ki klere ak lanmou, lajwa, lapè, pasyans, bote, bonte epi lafwa!
Sezon Nwèl sa, menm jan ou atire pa tout dekorasyon ak kado yo, mwen vle ankouraje kè ou pou li chache Jezi epi aprann renmen Pawòl Li a tou! Jezi renmen ou anpil, ou se pitit presye Li epi Li vle pouw chache Li sezon Nwèl sa epi chak jou pandan tout ane a! Alòs, chak jou pou pwochen 25 jou kap vin la yo, nou pral li kèk mo nan Bib la epitou ou kapab kolore yon chanm nan kay Nwèl paw la. Tout chanm sa yo plen ak vre trezò sezon Nwèl la! Pandan wap kolore chak grenn foto, mwen vlew panse ak lanmou Bondye genyen pou ou epi kijan Li gen anpil trezò enkwayab ki rezève pouw jwenn nan Li!
Enstriksyon Aktivite:
Jou 1: Li Revelasyon 5:11-13
Sa kapab sanble yon andwa ki etranj pouw kòmanse istwa Nwèl la, men verite a li se pi bon andwa pouw kòmanse! Depi epòk Jaden Edenn lan, lè peche te antre nan mond lan jouk jounen jodya, pa gen pèsonn kite kapab vin sove nou anba peche nou yo ak lanmò. Nou te bezwen yon sovè! Nou te bezwen Bondye ki pou fè nou tounen vin gen yon bon relasyon ansanm avèk Li. Bondye renmen nou anpil epi Li te toujou gen yon plan pou Li sove nou! Li te vin sou tè a tankou yon ti Mouton kite gen anpil valè epitou ki pafè. Li te grandi nan kò yon moun, yon nonm ki pa janm fè yon sèl bagay ki mal epi ki bay lavi Li pou nou pou sove nanm nou, se sa ki fè nou sa nou ye a, poun ta kapab viv avèk Li pou tout tan, menm apre nou fin mouri nan kò sa. Nan vèsè nou sot li yo, zanj yo ak lòt kreyati ap fè lwanj pou Jezi, yap chante ke Li se Bondye epi Li se sèl moun ki merite pou resevwa onè, glwa, pouvwa, ak fòs pou tout tan gen tan. Alòs, se tout sa sezon Nwèl la vle di! Nou menm, menm jan ak zanj yo, nou jwenn yon opòtinite pou nou viv lavi nou nan objektif pou nou renmen ak sèvi Jezi! Ala yon trezò ki gen anpil valè sa! Pandan nap aprann istwa sezon Nwèl la pandan semèn kap vini la yo, sonje ke sa se pa sèlman yon istwa, men yon kado ki pral chanje tout lavi ou!
Aktivite: Reflechi sou yon kado ou tap renmen bay Jezi pou sezon Nwèl sa. Se ta kapab anvi pale avèk Li pi plis, pran angajman pouw li Bib la ak aprann plis sou Jezi, trete frèw oswa sèw yo avèk bonte, pale lòt moun de Jezi, gen yon kè rekonesan, oswa nenpòt lòt bagay la! Jwenn yon ansyen bwat oswa sak pouw dekore antanke bwat kado paw la pou Jezi. Pandan kèk jou kap vini la yo, lèw fin deside kisaw vle bay Jezi kòm kado, ekri bagay sa sou yon papye, mete li nan bwat la epi pale avèk Jezi sou sa. Fè Senyè a konnen kijan ou tap renmen swiv Li pi plis sezon nwèl sa!
**Klike la pouw enprime paj ki ka kolore yo "AvantiKay Timoun yo" la!
a>Ekriti
Konsènan Plan sa a

Chè manman, èskew panse ou toujou pase sezon Nwèl la nan yon gwo eksitasyon ak dezòd? Ane sa kapab diferan. Dekouvri trezò lanmou Kris la ansanm ak pitit ou yo pou sezon Nwèl sa! Kay Avanti pou Timoun yo se yon bèl devosyon 25-jou, ki ranpli ak yon kowòdone Kay Avanti ki kapab enprime sa ki pral ede nan bay kè pitit ou yo direksyon Senyè a epitou fè sezon Nwèl sa vin gen plis sans toujou!
More
Plan ki liye yo

Grandi Nan Sanktifikasyon

Parabòl Jezi : Eksplikasyon pratik sou Peyi Wa a

Bondye pa ChatGPT

Ansèyman Jezi : Desizyon saj & benediksyon ki dire

Istwa Nwèl : 5 jou sou nesans Jezi

Gerizon Jezi : Eksplore pouvwa & konpasyon

Karèm/Pak : Jezi fè fas ak lanmò avèk kouraj

Mirak Jezi : Revele idantite divin Li

Karèm/Pak : Dènye jou Jezi yo
