Kay Avanti pou Timoun yoEgzanp

Jou 17: Li Lik 2:1-5
Jezi sou wout pou Li fèt! Men, Mari ak Jozèf dwe ale nan vil Betleyèm pou resansman an (kote yap konte moun ki soti nan chak grenn vil). Èskew kapab imajine ou menm kap vwayaje konsa sou do yon bourik? Oswa menm rive mache bò kote Li, menm jan Jozèf te fè sa, lap mennen bourik la kote li te dwe ale? Yo te oblije mache pandan plizyè jou pou yo te rive Betleyèm. Yo dwe te fatige anpil!
Aktivite: Ann pran pòz nou se Mari ak Jozèf epi nap fè vwayaj la nou menm! Ale, fè valiz ou yo, pwan yon bourik (yon woulo papye mache vid ansanm ak yon ti baton pou bourik la), epi apre ann pran pòz nap fè yon pakou ki long anpil poun ale Betleyèm ansanm!
Ekriti
Konsènan Plan sa a

Chè manman, èskew panse ou toujou pase sezon Nwèl la nan yon gwo eksitasyon ak dezòd? Ane sa kapab diferan. Dekouvri trezò lanmou Kris la ansanm ak pitit ou yo pou sezon Nwèl sa! Kay Avanti pou Timoun yo se yon bèl devosyon 25-jou, ki ranpli ak yon kowòdone Kay Avanti ki kapab enprime sa ki pral ede nan bay kè pitit ou yo direksyon Senyè a epitou fè sezon Nwèl sa vin gen plis sans toujou!
More
Plan ki liye yo

Grandi Nan Sanktifikasyon

Parabòl Jezi : Eksplikasyon pratik sou Peyi Wa a

Bondye pa ChatGPT

Ansèyman Jezi : Desizyon saj & benediksyon ki dire

Istwa Nwèl : 5 jou sou nesans Jezi

Gerizon Jezi : Eksplore pouvwa & konpasyon

Karèm/Pak : Jezi fè fas ak lanmò avèk kouraj

Mirak Jezi : Revele idantite divin Li

Karèm/Pak : Dènye jou Jezi yo
