Kay Avanti pou Timoun yoEgzanp

Children's Advent House

JOU 22 SOU 25

Jou 22: Li Jan 8:12

Jezi di, Li se limyè mond lan. Pandan nap mache ansanm avèk Li, nou pa oblije ap viv nan fènwa ankò! Chak zòn nan lavi nou kapab inonde ak bèl, limyè gloriye Li a! Kouman ou kapab chwazi mache nan limyè sa jounen jodya? Kouman ou kapab voye limyè Jezi a bay lòt moun ki bò kotew?

Aktivite: Limen kèk grenn balèn epi gade kijan chanm lan ap benyen nan yon limyè lapè. Nan ki nivo limyè Jezi a pi pwisan epi bèl? Chante kèk chan Nwèl ansanm nan limen chandèl epi adore Jezi! Gen kèk lide pouw chante chan yo gen ladann "Joy to the World," "O Holy Night," "Angels We Have Heard on High," ak "Silent Night."

*Asirew ou tcheke Jou 25 plan sa pouw jwenn yon lyen kap mennenw nan chan sa yo ak lòt resous ankò pou plan sa.

Konsènan Plan sa a

Children's Advent House

Chè manman, èskew panse ou toujou pase sezon Nwèl la nan yon gwo eksitasyon ak dezòd? Ane sa kapab diferan. Dekouvri trezò lanmou Kris la ansanm ak pitit ou yo pou sezon Nwèl sa! Kay Avanti pou Timoun yo se yon bèl devosyon 25-jou, ki ranpli ak yon kowòdone Kay Avanti ki kapab enprime sa ki pral ede nan bay kè pitit ou yo direksyon Senyè a epitou fè sezon Nwèl sa vin gen plis sans toujou!

More

Nou ta renmen remèsye Help Club for Moms paske yo ban nou plan sa. Pou plis enfòmsayon, tanpri vizite: https://helpclubformoms.com