Kay Avanti pou Timoun yoEgzanp

Jou 24: Li 2 Pyè 3:18
Bondye pat rele nou poun sèlman kwè Jezi egziste tout bon vre, men pou nou grandi nan Li tou! Nou te resevwa apèl pou nou vin swiv Jezi epi grandi nan Li chak jou pandan nou vivan sou tè sa. Jezi renmen ou anpil, pran chimen pou wap grandi nan Li se asirew ou pral gen yon gwo kokenn chenn avanti! Ala yon objektif eksitan sa Bondye ban nou!
Aktivite: Sou yon moso papye, desine yon po flè kare avèk yon tij vèt kap soti nan po a. Apre sa, trase kèk nan anprent men pitit ou a ak koulè vèt sou chak bò tij la. Sa se pye rezen li an kap grandi! Li Jan 15:5 epi ede pitit ou a jwenn fason li kapab grandi nan relasyon li ak Jezi epi rete konekte ansanm avèk Li. Ekri lide sa yo sou chak anprent plan men ki trase a. Kite pitit ou a mete koulè sou pye rezen an epi fè li sonje fason yo kapab grandi nan relasyon yo avèk Jezi!
Ekriti
Konsènan Plan sa a

Chè manman, èskew panse ou toujou pase sezon Nwèl la nan yon gwo eksitasyon ak dezòd? Ane sa kapab diferan. Dekouvri trezò lanmou Kris la ansanm ak pitit ou yo pou sezon Nwèl sa! Kay Avanti pou Timoun yo se yon bèl devosyon 25-jou, ki ranpli ak yon kowòdone Kay Avanti ki kapab enprime sa ki pral ede nan bay kè pitit ou yo direksyon Senyè a epitou fè sezon Nwèl sa vin gen plis sans toujou!
More
Plan ki liye yo

Grandi Nan Sanktifikasyon

Parabòl Jezi : Eksplikasyon pratik sou Peyi Wa a

Bondye pa ChatGPT

Ansèyman Jezi : Desizyon saj & benediksyon ki dire

Istwa Nwèl : 5 jou sou nesans Jezi

Gerizon Jezi : Eksplore pouvwa & konpasyon

Karèm/Pak : Jezi fè fas ak lanmò avèk kouraj

Mirak Jezi : Revele idantite divin Li

Karèm/Pak : Dènye jou Jezi yo
