Kay Avanti pou Timoun yoEgzanp

Children's Advent House

JOU 12 SOU 25

Jou 12: Li Matye 1:20-21

Kisa zanj lan te di Jozèf pou li bay ti bebe a kòm non? Jezi! Non Jezi a vle di "Sovè". Yo te bay Senyè nou an non sa paske "Li sove pèp Li a anba pwòp peche yo" (Matye 1:21). Ala yon bèl non sa, yon non ki pral brase lanmou anndan kèw ak lwanj nan bouch ou!

Aktivite: Fè yon dekorasyon Jezi pou sapen paw la! Fèl byen senp oswa konplike janw swete a! Men kèk ide: Pran yon anpoul ki pa kolore nan sapen Nwèl ou a avèk kèk makè ki papa efase. Kite pitit ou a ekri non Jezi sou anpoul la ak dekore anpoul la jan li vle. Anmenm tan, koupe yon moso papye konstriksyon anwon, kole yon baton Popsicle nan fòm yon "x" pouw fè yon krèch pou ti bebe Jezi. Nan pòsyon ki anwo nan "x," la kole kèk zèb sèk sou deyò. Fè yon ti bebe Jezi pandan wap koupe apeprè 1” nan fen twazyèm baton Popsicle a, desine yon vizaj nan pòsyon anwo a epi vlope pòsyon ki pi ba a nan twal oswa yon Kleenex pou yon dra. Kole ti bebe Jezi a nan krèch la epi ajoute fil oswa elastik nan tèt la kòm yon sipò anvan ou mete li sou sapen paw la.

Konsènan Plan sa a

Children's Advent House

Chè manman, èskew panse ou toujou pase sezon Nwèl la nan yon gwo eksitasyon ak dezòd? Ane sa kapab diferan. Dekouvri trezò lanmou Kris la ansanm ak pitit ou yo pou sezon Nwèl sa! Kay Avanti pou Timoun yo se yon bèl devosyon 25-jou, ki ranpli ak yon kowòdone Kay Avanti ki kapab enprime sa ki pral ede nan bay kè pitit ou yo direksyon Senyè a epitou fè sezon Nwèl sa vin gen plis sans toujou!

More

Nou ta renmen remèsye Help Club for Moms paske yo ban nou plan sa. Pou plis enfòmsayon, tanpri vizite: https://helpclubformoms.com