Kay Avanti pou Timoun yoEgzanp

Jou 16: Li Miche 5:2
Ki kote vèsè sa te di Jezi tap fèt? Pwofesi sa te gentan ekri plizyè santèn ane anvan Jezi te fèt. Bondye te gentan òganize tout evènman ki antoure nesans Jezi (resansman an, vwayaj Jozèf ak Mari nan vil Betleyèm, elatriye.) pou fè tout bagay rive jan li te di sa tap gen pou rive a! Bondye nou an se yon Papa enkwayab, ki konnen tout-bagay! Li toujou fè sa Li di Li pral fè a!!
Aktivite: Chante chan sa ansanm “O Ti Vil Bètleyèm nan”. Ou ka menm kreye enstriman mizik ak bokit oswa chodyè epi kiyè pou akonpaye chantew la.
*Asirew ou tcheke Jou 25 plan sa pouw jwenn yon lyen kap mennenw nan chan sa ak lòt resous toujou pou plan sa.
Ekriti
Konsènan Plan sa a

Chè manman, èskew panse ou toujou pase sezon Nwèl la nan yon gwo eksitasyon ak dezòd? Ane sa kapab diferan. Dekouvri trezò lanmou Kris la ansanm ak pitit ou yo pou sezon Nwèl sa! Kay Avanti pou Timoun yo se yon bèl devosyon 25-jou, ki ranpli ak yon kowòdone Kay Avanti ki kapab enprime sa ki pral ede nan bay kè pitit ou yo direksyon Senyè a epitou fè sezon Nwèl sa vin gen plis sans toujou!
More
Plan ki liye yo

Grandi Nan Sanktifikasyon

Parabòl Jezi : Eksplikasyon pratik sou Peyi Wa a

Bondye pa ChatGPT

Ansèyman Jezi : Desizyon saj & benediksyon ki dire

Istwa Nwèl : 5 jou sou nesans Jezi

Gerizon Jezi : Eksplore pouvwa & konpasyon

Karèm/Pak : Jezi fè fas ak lanmò avèk kouraj

Mirak Jezi : Revele idantite divin Li

Karèm/Pak : Dènye jou Jezi yo
