Kay Avanti pou Timoun yoEgzanp

Children's Advent House

JOU 15 SOU 25

Jou 15: Li Matye 1:24-25 (Avètisman: Premye pati vèsè 25 lan pale de moman Mari avèk Jozèf te fin konsome maryaj yo a. Siw pa vle diskite sou siyifikasyon tèm sa, ou lib pouw jis li fen vèsè a). Jozèf te obeyi Senyè a lè li te fè egzakteman sa zanj lan te ba li lòd pou fè a! Èskew pat janm konn ap lite pouw obeyi Senyè a?

Aktivite: Bondye gen yon plan enkwayab pou lavi ou! Lapriyè epi mande Senyè a pou Li edew obeyi Li! Pale ak paran ou yo sou yon domèn kote ou gen difikilte pouw obeyi. Èskew te konnen paranw yo dwe obeyi Bondye, epi yo menm tou yo konprann kijan obeyisans kapab difisil! Manman ak papa ou kapab edew epi ankourajew pandan wap grandi pouw swiv Jezi! Avèk èd paranwyo, ekri oswa esplike yon plan pouw obeyi Bondye nan domèn ou gen difikilte a.

Konsènan Plan sa a

Children's Advent House

Chè manman, èskew panse ou toujou pase sezon Nwèl la nan yon gwo eksitasyon ak dezòd? Ane sa kapab diferan. Dekouvri trezò lanmou Kris la ansanm ak pitit ou yo pou sezon Nwèl sa! Kay Avanti pou Timoun yo se yon bèl devosyon 25-jou, ki ranpli ak yon kowòdone Kay Avanti ki kapab enprime sa ki pral ede nan bay kè pitit ou yo direksyon Senyè a epitou fè sezon Nwèl sa vin gen plis sans toujou!

More

Nou ta renmen remèsye Help Club for Moms paske yo ban nou plan sa. Pou plis enfòmsayon, tanpri vizite: https://helpclubformoms.com