Kay Avanti pou Timoun yoEgzanp

Jou 4: Li Ezayi 7:14
Emanyèl vle di "Bondye avèk nou." Èskew kapab kwè ke plis pase 700 lane anvan Jezi te fèt, Bondye te voye yon pwofèt pou di pèp la Li ta pral voye yon Sovè, ann di sa konsa Bondye vini sou fòm yon moun pou sove tout moun ki renmen Li yo? Bondye tap planifye sekou ou depi lè peche te antre nan mond lan! Li renmenw anpil!
Aktivite: Sou yon moso papye, avèk yon makè ki pap efase, ekri Emanyèl nan lang ebre (צּמּנוּאַל) sa ki vle di, "Bondye avèk nou." Lap la pou tout tan! Dekore paj la avèk penti akwarèl oswa nenpòt materyèl atizana ou genyen nan men ou!
Ekriti
Konsènan Plan sa a

Chè manman, èskew panse ou toujou pase sezon Nwèl la nan yon gwo eksitasyon ak dezòd? Ane sa kapab diferan. Dekouvri trezò lanmou Kris la ansanm ak pitit ou yo pou sezon Nwèl sa! Kay Avanti pou Timoun yo se yon bèl devosyon 25-jou, ki ranpli ak yon kowòdone Kay Avanti ki kapab enprime sa ki pral ede nan bay kè pitit ou yo direksyon Senyè a epitou fè sezon Nwèl sa vin gen plis sans toujou!
More
Plan ki liye yo

Mirak Jezi : Revele idantite divin Li

Parabòl Jezi : Eksplikasyon pratik sou Peyi Wa a

Istwa Nwèl : 5 jou sou nesans Jezi

Karèm/Pak : Jezi soufri, mouri, epi genyen viktwa

Grandi Nan Sanktifikasyon

Bondye pa ChatGPT

Karèm/Pak : Dènye jou Jezi yo

Gerizon Jezi : Eksplore pouvwa & konpasyon

Ansèyman Jezi : Desizyon saj & benediksyon ki dire
