Kay Avanti pou Timoun yoEgzanp

Jou 5: Li Lik 1:26-38
Yon zanj te vizite Mary epi ba li kèk nouvèl enkwayab! Kisa nouvèl la te ye? Fèmen zyew epi imajine yon zanj kap vizitew epi wap resevwa nouvèl tankou sa Mari te resevwa a. Kouman ou panse Mari te santi li? Èskew wè kijan Mari te reponn "Mwen se sèvitè Senyè a"? Bondye ap relew tou pouw vin sèvi Li jodya! Li renmen ou anpil! Kijan ou kapab sèvi Senyè a menm jan ak Mari?
Aktivite: Mete zouti atizanal pou pitit ou a fè ak dekore yon zanj. Kite timoun yo eksprime kreyativite ak konstri pwòp lide yo sou akisa yon zanj sanble. Kitel byen senp lèw jis bay papye ak kreyon koulè oswa ajoute plis zouti tankou plim, payèt, fil, boul koton oswa papye konstriksyon oubyen twal.
Ekriti
Konsènan Plan sa a

Chè manman, èskew panse ou toujou pase sezon Nwèl la nan yon gwo eksitasyon ak dezòd? Ane sa kapab diferan. Dekouvri trezò lanmou Kris la ansanm ak pitit ou yo pou sezon Nwèl sa! Kay Avanti pou Timoun yo se yon bèl devosyon 25-jou, ki ranpli ak yon kowòdone Kay Avanti ki kapab enprime sa ki pral ede nan bay kè pitit ou yo direksyon Senyè a epitou fè sezon Nwèl sa vin gen plis sans toujou!
More
Plan ki liye yo

Grandi Nan Sanktifikasyon

Parabòl Jezi : Eksplikasyon pratik sou Peyi Wa a

Bondye pa ChatGPT

Ansèyman Jezi : Desizyon saj & benediksyon ki dire

Istwa Nwèl : 5 jou sou nesans Jezi

Gerizon Jezi : Eksplore pouvwa & konpasyon

Karèm/Pak : Jezi fè fas ak lanmò avèk kouraj

Mirak Jezi : Revele idantite divin Li

Karèm/Pak : Dènye jou Jezi yo
