Kay Avanti pou Timoun yoEgzanp

Children's Advent House

JOU 2 SOU 25

Jou 2: Li Malaki 4:5

Ann tounen nan epòk anvan yo, plizyè santèn ane anvan Jezi te fèt. Bondye te bay yon pwofèt, tankou Eli, responsablite pou prepare kè pèp la pou Jezi kap vini! Bondye te vle pou pèp la jwenn tout opòtinite pou yo kwè nan Mesi kap vini an, Sovè a ki tap vin lave peche tout moun kite chwazi Li yo. Menm jounen jodya, Bondye pran swen pitit li yo avèk lanmou, Li lave peche nou yo, epi Li ofri nou opòtinite pou nou gen yon relasyon, yon amitye ansanm avèk Li pi pwòch pase nenpòt lòt moun nou ta kapab imajine a. Epi devine kisa? Lap vini byento pou fè tout bagay dwat epi mennen nou nan syèl la ansanm avèk Li. Èskew pare?

Aktivite: Fè yon megafòn ak yon moso papye oswa yon tib papye twalèt. Premye vini Jezi a, plan Li se pou sove epi pou ban nou opòtinite poun sove anba peche nou yo se rezon ki fè nap selebre sezon Nwèl la! Ala yon bèl bagay pou nou fete! Epi Lap tounen ankò byento! Itilize megafòn ou an pou anonse bon nouvèl Jezi a bay tout moun ki vle koute! Selebre jodya!

Konsènan Plan sa a

Children's Advent House

Chè manman, èskew panse ou toujou pase sezon Nwèl la nan yon gwo eksitasyon ak dezòd? Ane sa kapab diferan. Dekouvri trezò lanmou Kris la ansanm ak pitit ou yo pou sezon Nwèl sa! Kay Avanti pou Timoun yo se yon bèl devosyon 25-jou, ki ranpli ak yon kowòdone Kay Avanti ki kapab enprime sa ki pral ede nan bay kè pitit ou yo direksyon Senyè a epitou fè sezon Nwèl sa vin gen plis sans toujou!

More

Nou ta renmen remèsye Help Club for Moms paske yo ban nou plan sa. Pou plis enfòmsayon, tanpri vizite: https://helpclubformoms.com