Kay Avanti pou Timoun yoEgzanp

Jou 9: Li Lik 1:46-49
Nan vèsè sa yo, Mari ap fè lwanj Bondye pou kado estrawòdinè li te bay non sèlman pou li, men pou lemonn antye tou! Li te gen anpil rezon pou l te pè sa gwosès mirak sa a ta vle di pou li, men li te chwazi fè Bondye konfyans epi fè lwanj li! Èske w ka panse ak nenpòt sitiyasyon kote w ka fè Bondye konfyans nan yon fason ki pi pwofon? Ki jan w ka chwazi pou w viv yon vi ki gen lwanj devan Bondye tou?
Aktivite: Kole yon moso papye sou frijidè a oswa sou yon miray epi fè lis tout bagay ou kapab fè lwanj pou Bondye pandan jounen an! Bati yon kè de lwanj depi nan jenès ou se yon bèl bagay!
Ekriti
Konsènan Plan sa a

Chè manman, èskew panse ou toujou pase sezon Nwèl la nan yon gwo eksitasyon ak dezòd? Ane sa kapab diferan. Dekouvri trezò lanmou Kris la ansanm ak pitit ou yo pou sezon Nwèl sa! Kay Avanti pou Timoun yo se yon bèl devosyon 25-jou, ki ranpli ak yon kowòdone Kay Avanti ki kapab enprime sa ki pral ede nan bay kè pitit ou yo direksyon Senyè a epitou fè sezon Nwèl sa vin gen plis sans toujou!
More
Plan ki liye yo

Karèm/Pak : Dènye jou Jezi yo

Grandi Nan Sanktifikasyon

Gerizon Jezi : Eksplore pouvwa & konpasyon

Parabòl Jezi : Eksplikasyon pratik sou Peyi Wa a

Istwa Nwèl : 5 jou sou nesans Jezi

Bondye pa ChatGPT

Karèm/Pak : Jezi soufri, mouri, epi genyen viktwa

Karèm/Pak : Jezi fè fas ak lanmò avèk kouraj

Ansèyman Jezi : Desizyon saj & benediksyon ki dire
