1
Mat 7:7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
VKF
Mande, epi Bondye ap ban nou. Chache, epi n ap jwenn. Frape, epi Bondye ap louvri pou nou.
مقایسه
Mat 7:7 را جستجو کنید
2
Mat 7:8
Paske moun k ap mande ap resevwa. Moun k ap chache ap jwenn. Moun k ap frape y a louvri pou li.
Mat 7:8 را جستجو کنید
3
Mat 7:24
Se poutèt sa, nenpòt moun ki tande pawòl sa yo epi ki mete yo an pratik, li tankou yon nonm saj ki bati kay li sou karyann.
Mat 7:24 را جستجو کنید
4
Mat 7:12
Tout sa ou ta renmen lòt moun fè pou ou, fè l pou yo tou, paske se sa menm lalwa Moyiz la ak pawòl pwofèt yo di.
Mat 7:12 را جستجو کنید
5
Mat 7:14
Men ti baryè piti a louvri sou chemen ki mennen nan lavi a. Se sèlman yon ti ponyen moun ki pran chemen difisil sa a.
Mat 7:14 را جستجو کنید
6
Mat 7:13
Antre nan ti baryè piti a! Gwo baryè a louvri sou yon chemen laj. Chemen sa a mennen toudwat nan pèdisyon. Anpil moun gen tan pran chemen sa a.
Mat 7:13 را جستجو کنید
7
Mat 7:11
Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konnen bon jan kado pou nou ofri pitit nou, ou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la ap bay moun ki mande l bon bagay.
Mat 7:11 را جستجو کنید
8
Mat 7:1-2
Pa jije moun si ou pa vle Bondye jije w tou. Sa ou sèvi pou jije lòt moun se avè l Bondye ap sèvi pou jije w. Jan ou trete lòt moun se kon sa Bondye ap trete w tou.
Mat 7:1-2 را جستجو کنید
9
Mat 7:26
Men nenpòt moun ki tande pawòl sa yo epi ki pa mete yo an pratik, li tankou yon moun fou ki bati kay la sou sab.
Mat 7:26 را جستجو کنید
10
Mat 7:3-4
Poukisa ou wè ti pay ki nan je frè w la, epi ou pa wè bout bwa ki nan je pa w la? Ki jan ou fè ka di frè ou: Frè m, kite m retire ti pay ki nan je w la. Alòske ou pa wè bout bwa ki nan je pa w la?
Mat 7:3-4 را جستجو کنید
11
Mat 7:15-16
Fè atansyon ak fo pwofèt yo. Yo pran pòz ti mouton yo, men anndan se yon pakèt bèt fewòs yo ye. Aksyon yo fè ap pèmèt nou idantifye yo aklè. Yo pa konn keyi rezen sou pye pikan! Yo pa konn ranmase fig sou touf pikan!
Mat 7:15-16 را جستجو کنید
12
Mat 7:17
Menm jan an tou, yon bon pyebwa donnen bon fwi, yon move pyebwa donnen move fwi.
Mat 7:17 را جستجو کنید
13
Mat 7:18
Yon bon pyebwa pa ka donnen move fwi, ni yon move pyebwa pa ka donnen bon fwi.
Mat 7:18 را جستجو کنید
14
Mat 7:19
Depi yon pyebwa pa donnen bon fwi y ap koupe l, epi lage l nan dife.
Mat 7:19 را جستجو کنید