YouVersion Logo
Search Icon

Jenèz 2

2
1Se te konsa syèl yo avèk tè a te fin fèt, avèk tout #Det 4:19lanmè yo.
2Nan #Egz 20:8-11setyèm jou a, Bondye te fin fè travay ke Li te fè yo. Konsa, Li te repoze nan setyèm jou a sou tout travay ke Li te fè yo. 3Epi Bondye te beni setyèm jou a. Li te fè li sen, akoz nan li, Li te repoze de tout travay kreyasyon an, ke Li te fè a.
4 # Job 38:4-11 Sa se listwa syèl yo avèk tè a lè yo te kreye, nan jou ke SENYÈ Bondye a e fè tè a avèk syèl la. 5#Jen 1:11Alò potko gen ti bwa chan ki te parèt nan tè a, ni plant chan ki te boujonnen, paske Senyè Bondye a potko voye lapli sou tè a, e pa t gen moun pou kiltive tè a. 6Men yon vapè te konn leve sòti nan tè a pou wouze tout sifas li. 7Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan #Jen 3:19 pousyè tè a. Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e #I Kor 15:45lòm te devni yon nanm vivan.
8Senyè Bondye a te plante yon #Jen 13:10jaden nan pati lès Eden, e se la Li te mete lòm ke Li te fòme a. 9Soti nan tè a, SENYÈ Bondye a te fè grandi chak ab ki bèl pou gade e ki bon pou manje. Avèk yo nan mitan jaden a te gen #Jen 3:22ab lavi a, ak ab konesans a sa ki bon ak sa ki mal la.
10Alò, yon #Sòm 46:4rivyè te sòti nan Eden pou wouze jaden an. Epi soti la, li te divize ou fè kat rivyè. 11Premye rivyè a rele Pischon; li pase antoure tout peyi #Jen 25:18Havila, kote ki gen lò a. 12Lò peyi sa a bon; wòch bdelyèm avèk onyx konn twouve la. 13Dezyèm rivyè a rele Guihon; li kouri antoure peyi Cush la. 14Yo rele twazyèm rivyè #Dan 10:4Tigrès; li koule nan lès Assyrie. Epi katriyèm rivyè a se #Jen 15:18Euphrate.
15Alò, Senyè Bondye a te pran lòm nan; Li te mete l nan jaden Eden pou kiltive li e pran swen li.
16Senyè Bondye a te #Jen 3:2-3kòmande lòm nan. Li te di l: “Nan nenpòt sa nan jaden an, ou kapab manje, 17men sou ab konesans bon avèk mal la, ou pa pou manje li, paske nan jou ke ou manje li, #Det 30:15-20 ou va mouri.”
18Alò, Senyè Bondye a te di: “Sa pa bon pou lòm nan rete sèl. Mwen va #I Kor 11:9 fè yon asistan jan li dwe genyen”.
19 # Jen 1:24 Sòti nan tè a, Senyè Bondye a te fòme chak bèt chan ak chak zwazo syèl la, e Li te mennen yo kote lòm po wè kòman li ta rele yo. Nenpòt jan li te rele yon kreyati vivan, sa te vin non li. 20Lòm nan te bay non a tout bèt domestik yo, a tout zwazo syèl yo, e a chak bèt chan, men pou lòm nan, pa t gen yon #Jen 2:18asistan sanblab ak li.
21Alò, Senyè Bondye a te fè yon #Jen 15:2Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi. Konsa, li te pran youn nan zo kòt li yo, e te fèmen chè a nan plas li. 22Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk #I Kor 11:8-9kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li.
23Lòm nan te di: “#Jen 29:14Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz li te retire nan lòm.
24 # Mat 19:5 “Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè.” 25#Jen 3:7,10,11Epi lòm nan avèk fanm nan te toutouni, e yo pa t wont.

Currently Selected:

Jenèz 2: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy