YouVersion Logo
Search Icon

Jenèz 1

1
1 # Sòm 102:25 Nan kòmansman an Bondye te #Job 38:4kreye syèl yo ak tè a. 2Latè te san #Jr 4:23fòm e vid, epi #Job 38:9tenèb la te sou tout sifas fon an, e Lespri Bondye t ap ajite sou fas dlo a.
3Alò #Sòm 33:6-9Bondye te di: “Ke li gen limyè”. Epi te gen limyè. 4Bondye te wè ke limyè a te bon. Bondye te #És 45:7separe limyè a avèk tenèb la. 5Bondye #Sòm 74:16 te rele limyè a jou, e tenèb la, Li te rele li lannwit. Konsa, te gen aswè, ak maten, yon jou.
6Alò Bondye te di: “Ke vin gen yon gran #És 40:22espas nan mitan dlo yo, e ke li separe dlo avèk dlo”. 7Bondye te fè gran espas la. Li te separe dlo ki te anba gran espas la, avèk lo ki te #Sòm 148:4anwo gran espas la. Se konsa sa te ye. 8Bondye te rele gran espas la syèl. Epi te gen aswè, e te gen maten, yon dezyèm jou.
9Alò Bondye te di: “#Sòm 104:6-9Ke dlo anba syèl yo vin rasanble nan yon plas, e ke #24:1-2tè sèch la vin parèt”. Konsa, sa te vin fèt. 10Bondye te rele pati sèch la tè, ak dlo ki #Sòm 33:7rasanble yo, lanmè. Epi Bondye te wè ke sa te bon.
11Epi Bondye te di: “Ke latè a boujonnen avèk #Sòm 65:9-13bagay vèt; plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak bwa k ap donnen fwi avèk grenn nan yo selon espès pa yo”. Konsa, sa te vin fèt. 12Latè te pwodwi bagay vèt, plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak pyebwa ki pwodwi fwi avèk grenn sou yo selon espès pa yo. Bondye te wè ke sa te bon. 13Te gen aswè, ak maten, yon twazyèm jou.
14Alò Bondye te di: “Ke vin gen #Sòm 74:16limyè nan gran espas syèl yo pou separe jou avèk nwit lan, e ke yo vin kòm sign pou sezon yo, pou jou avèk lane yo; 15ke yo vin sèvi pou limyè nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè”. Konsa, sa te vin fèt. 16Bondye te fè de gran limyè, pi #Sòm 136:8-9gran an pou gouvène lajounen, e pi piti a pou gouvène lannwit. Anplis, Li te fè zetwal yo. 17Bondye te plase yo nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè, 18epi pou #Jr 31:35gouvène lajounen avèk lannwit, e pou separe limyè a avèk tenèb la. Bondye te wè ke sa te bon. 19Te gen aswè, e te gen maten, yon katriyèm jou.
20Alò Bondye te di: “Ke dlo yo vin ranpli avèk anpil kreyati vivan, e ke zwazo yo vole anwo tè a nan gran espas syèl yo.” 21Bondye te kreye #Sòm 104:25-28gwo bèt sovaj lanmè avèk tout kreyati vivan ki fè mouvman. Dlo yo te plen bèt selon espès pa yo, e chak zwazo selon espès pa l. Bondye te wè ke sa te bon. 22Bondye te beni yo. Li te di: “Fè pitit, e vin miltipliye. Ranpli dlo nan lanmè yo, e kite zwazo yo vin miltipliye sou tè a.” 23Te gen aswè ak maten, yon senkyèm jou.
24 # Jen 2:19 Alò, Bondye te di, “Ke tè a vin pwodwi kreyati vivan dapre espès pa yo; bèt domestik, reptil, avèk bèt latè selon espès yo”. Se konsa li te fèt. 25Bondye te fè #Jen 7:21-22bèt latè yo selon espès yo, ak bèt gade yo dapre espès yo, tout bèt ki trennen atè dapre espès yo; epi Bondye te wè ke sa te bon.
26Alò Bondye te di, #Sòm 8:6-8“Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”.
27Bondye te kreye lòm, #Jen 5:1nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo. 28Bondye te beni yo; Li te di yo, #Jen 9:1-7“Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.
29Alò Bondye te di, “Gade byen, #Sòm 104:14Mwen bannou chak plant ki donnen grenn sou sifas tout tè a, ak chak bwa ki gen fwi avèk grenn li; li va sèvi kòm manje pou nou; 30Epi a chak bèt latè ak chak zwazo syèl a, chak bagay kab fè mouvman ou tè a, bagay ki gen lavi, Mwen te bay chak plant vèt pou manje”; epi se te konsa. #Sòm 145:15-16
31Bondye te wè tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te #Sòm 104:24-28trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou.

Currently Selected:

Jenèz 1: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy