YouVersion Logo
Search Icon

Rit 1

1
Famin nan peyi Jida
1-2Nan epòk jij#1:1-2 jij Kontrèman ak lòt nasyon ki te toupre peyi Izrayèl yo, kote se wa ki t ap gouvène, Izrayèl pa t gen wa. Chèf ki te nan tèt peyi a te rele Jij. Se Bondye ki te chwazi ki moun ki te pou vin Jij pandan tout epòk sa a. yo t ap gouvène Izrayèl, yon gwo grangou te tonbe sou peyi a. Yon mesye yo te rele Elimelèk, moun lavil Betleyèm, nan peyi Jida, ansanm ak madanm li ak de pitit gason li, t al rete tankou etranje nan peyi Mowab. Madanm nan te rele Nawomi, youn nan de pitit gason yo te rele Maklon, lòt la te rele Kilyon. Yo te soti nan fanmi Efrata, lavil Betleyèm, pou y al rete nan peyi Mowab.
3Kèk tan apre, Elimelèk mouri. Li kite Nawomi tousèl avèk de pitit gason yo. 4Pitit gason yo, yo chak te marye ak yon fi, moun peyi Mowab. Youn nan medam yo te rele Òpa epi lòt la te rele Rit. Apre dis lane kon sa nan peyi Mowab, 5Malon ak Kilyon mouri tou. Nawomi te vin rete poukont li, san mari li, san pitit gason l yo tou.
6Pandan l nan peyi Mowab, Nawomi vin aprann SENYÈ a te vizite peyi Jida epi li te ba yo yon bon rekòt. Li pran desizyon ak bèlfi l yo pou l kite peyi Mowab. 7Nawomi te kite plas kote yo t ap viv la, epi de bèlfi li yo te pati avèk li. Yo pran wout ki ta mennen Nawomi tounen nan peyi Jida.
8Men, pandan yo nan wout la, Nawomi di de bèlfi li yo: “Se pou nou tounen lakay nou al jwenn manman nou. Se pou SENYÈ a beni nou fè nou gras, menm jan nou te aji byen ak mwen ansanm ak de pitit gason m yo ki pa la ankò. 9Se pou SENYÈ a fè nou chak jwen yon lòt mari ak yon lòt bon kote pou nou viv!” Nawomi anbrase bèlfi l yo, li di yo orevwa, epi yo tonbe kriye byen fò.
10De bèlfi yo reponn, yo di Nawomi: “Non, n ap retounen avè w pou n ale viv nan mitan pèp ou a.”
11Men Nawomi di: “Pitit fi m yo, retounen ale kote nou te soti non! Poukisa pou n ta vini avèk mwen? M pa ka fè lòt pitit gason ankò pou marye avèk nou. 12Tounen, pitit fi m yo. Paske mwen fin granmoun, m p ap ka marye ankò! Sipoze sa ta posib; sipoze mwen ta gen yon mari aswè a epi m ta fè de pitit gason, 13nou panse nou t ap rete tann yo grandi pou yo marye avèk nou? Èske nou t ap ka rete tout tan sa a san marye? Non, pitit fi mwen yo. Nou pa oblije soufri menm jan avè m. Sevre, se men SENYÈ a menm ki vire kont mwen.”
14Lè sa a yo tout te pran kriye ankò. Òpa anbrase bèlmè li Nawomi epi di li orevwa. Men Rit menm pa t vle kite Nawomi ale. Li deside rete ak Nawomi.
15Nawomi di Rit: “Ou wè, men bèlsè ou kase tèt tounen lakay li pou l al sèvi pwòp dye pa li yo. Fè sa tou, ale avèk li.”
16Men, Rit reponn: “Pa fòse m kite w ale poukont ou. Kote ou fè, se la m ap fè. Kote ou dòmi, se la m ap dòmi. Pèp pa w la, se li k i va pèp pa mwen. Bondye pa w la, se li ki va Bondye m tou. 17Kote ou mouri, se la m vle mouri, kote ou antere se la m vle antere tou. Se pou SENYÈ a ta pini m trè di si se pa ta lanmò sèlman ki ta separe m ak ou.”
Rit tounen lakay apre Jounen an
18Lè Nawomi wè Rit pa deside vire do kite l, li sispann fòse l. 19Konsa, Nawomi ak Rit te vwayaje jouk yo rive lavil Bètleyèm. Lè yo rive Bètleyèm, moun nan vil la te kòmanse ap pale sou yo. Medam yo t ap di byen fò: “Mezanmi, èske se Nawomi toutbonvre!”
20Nawomi di yo: “Pa rele m Nawomi.#1:20 Nawomi Non Nawomi an vle “Lajwa mwen”. Rele m Mara,#1:20 Mara Non Mara vle di “Anmè”. paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè lavi m vin anmè anpil. 21Lè m t ap pati, mwen te chaje ak bagay, kounye a SENYÈ a mennen m tounen de men vid. Poukisa nou ban m yon bèl non konsa, Nawomi, poutan SENYÈ a leve kont mwen? Bondye ki gen tout pouvwa a fè tout mal sa yo tonbe sou mwen.”
22Konsa, Nawomi tounen sòti nan peyi Mowab avèk bèlfi li Rit, moun peyi Mowab la. Yo te rive Bètleyèm nan epòk yo t apral kòmanse rekòlte lòj.#1:22 lòj “Lòj” te yon kilti tankou “ble” yo te konn itilize nan tan sa a pou fè farin. Yo te konn sèvi avèk li tou pou fè siwo. Yon Egzanp se “siwo loja”.

Currently Selected:

Rit 1: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy