YouVersion Logo
Search Icon

Rev 2

2
Mesaj Jezi voye bay legliz Efèz la
1“Ekri voye bay zanj legliz Efèz la: Men sa moun ki gen sèt zetwal yo nan men dwat li a, moun k ap mache pami sèt lanp an ò yo, men sa l di.
2Mwen konnen tout sa w fè, kijan ou travay di. Mwen konnen ou pa kapab sipòte mechan yo. Moun ki di se apot yo ye, poutan se pa vre, ou rive demaske yo, ou jwenn se manti y ap fè. 3Ou gen bon pèseverans, ou soufri poutèt non mwen epi ou pa janm abandone.
4Men sa m genyen kont ou, se paske ou pèdi premye amou ou te genyen okòmansman an. 5Alò, sonje kote w te ye anvan w te tonbe la a. Repanti w epi rekòmanse viv jan w te ye anvan an. Si ou pa fè sa, m ap vini epi m ap retire pye lanp ou a nan plas kote l ye a. 6Men gen yon bagay ou fè ki byen, ou rayi sa Nikolayit#2:6 Nikolayit Yon relijyon ki t ap swiv yon bann move bagay. Menm jan tou nan vèsè 15 lan. yo ap fè a. Mwen rayi sa y ap fè a tou.
7Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo. Moun ki ranpòte laviktwa, m ap ba l dwa pou l al manje fwi pye bwa lavi a#2:7 pye bwa lavi a Pye bwa ki bay pouvwa pou moun viv pou tout tan. Gade nan Jen 2:9; 3:22 ak Rev 22:2. ki nan paradi Bondye a.
Mesaj Jezi voye bay legliz Esmin nan
8Ekri voye bay anj legliz Esmin nan: Men kisa moun ki premye ak dènye a voye di w, moun ki te mouri epi ki resisite a.
9Mwen konnen pwoblèm ou yo, epi m konnen ou pòv, men anreyalite ou rich! Moun ki di yo se Jwif, poutan se pa vre, mwen konnen ki valè ensilte yo ensilte w. Se yon gwoup moun pou Satan yo ye. 10Ou pral soufri, men pa pè anyen. Satan pral mete kèk nan nou nan prizon. L ap fè sa pou sonde nou. Nou pral soufri pandan di jou, men kontinye rete fidèl, m ap ban nou lavi etènèl pou rekonpans.#2:10 rekonpans Literalman, “kouwòn” yon kalite sèk yo te fè ak fèy oubyen branch bwa yo te konn mete sou tèt moun ki te ranpòte laviktwa a nan yon konpetisyon espòtif yo pou onore yo. Se te yon senbòl laviktwa epi yon rekonpans tou.
11Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo. Moun ki ranpòte laviktwa yo, dezyèm lanmò a p ap gen pouvwa sou yo.
Mesaj Jezi voye pou legliz Pègam nan
12Ekri voye pou anj legliz Pègam nan: Men sa moun ki gen nepe file de bò a voye di w.
13Mwen byen konnen ki kote w ap viv. Ou ap viv kote Satan gen twòn li a. Men ou kenbe fèm avè m. Ou toujou kenbe lafwa nan mwen, menm nan tan Antipas, se te yon temwen fidèl pou mwen, yo touye l nan menm zòn ou ye a, zòn kote Satan ap viv la. 14Men m gen kèk bagay pou m repwoche w. Ou gen moun kote w la k ap swiv doktrin Balaam nan. Balaam t ap montre Balak kijan pou l fè pèp Izrayèl la tonbe nan peche, pou fè yo manje vyann yo te ofri bay zidòl epi fè yo tonbe nan peche seksyèl. 15Ou menm tou, ou gen kèk moun bò kote w k ap swiv ansèyman Nikolayit yo tou. 16Poutèt sa, ou dwe chanje atitid nèt. Sinon, talè m ap vini, m ap konbat yo, mwen menm, ak nepe ki nan bouch mwen an.
17Se pou tout moun ki gen zòrèy tande kisa Sentespri a ap di legliz yo!
Moun ki ranpòte laviktwa yo, m ap ba yo lamàn kache. M ap ba yo chak yon wòch blan tou. Sou wòch sa a, gen yon non nouvo ki ekri, yon non pèsòn lòt moun pa konnen, sèlman moun ki resevwa l la.
Mesaj Jezi voye pou legliz Tiyati a
18Ekri anj legliz Tiyati a. Di l konsa: Men kisa pitit Bondye a voye di w, li menm ki gen je l menm jan ak flanm dife epi pye li te sanble ak bwonz dife fè vin klere anpil.
19Mwen konnen kijan ou ap viv, lanmou ou, lafwa ou, sèvis ou, pèseverans ou, epi ou toujou ap chache fè pi plis chak jou. 20Men, men sa m repwoche w: Ou ap tolere dam yo rele Jezabèl la, li di l se pwofèt, ou kite l ap detounen sèvitè m yo pou fè yo komèt peche seksyèl epi manje viann yo sakrifye bay zidòl. 21Mwen te ba li tan pou l repanti l, men li refize repanti pou kite move zak li yo.
22Poutèt sa, m pral jete l sou yon kabann, nan yon gran detrès, ansanm ak tout moun ki t ap fè adiltè avè l yo, sof si yo ta repanti, si yo kite move zak yo. 23M ap touye moun k ap swiv li yo. Konsa, tout legliz yo va konnen sa moun panse ak sa moun santi. Pou nou tout, m ap fè chak moun pote konsekans aksyon li yo.
24Pou nou menm, lòt moun nan Tiyati yo ki pa nan doktrin sa a, epi ki pa antre byen fon nan Satan, jan yo di l la, mwen deklare, m pa mete lòt chaj sou nou. 25Sèlman, sa k nan men nou an, kenbe l fèm jouktan m vini.
26Moun ki ranpòte laviktwa yo, ki fè volonte m jiska lafen, m ap ba yo pouvwa sou nasyon yo. 27Y ap dirije nasyon yo ak yon baton anfè, y ap kraze nasyon yo menm jan yo kraze yon po anajil.#2:26-27 Gade nan Sòm 2:8-9 (Vèsyon Grèk la). 28Se konsa, mwen menm, mwen te resevwa pouvwa nan men papa m. Epi m ap bay moun sa yo zetwal ki klere chak maten an tou. 29Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo!

Currently Selected:

Rev 2: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy