YouVersion Logo
Search Icon

Mak 1:21-45

Mak 1:21-45 VKF

Jezi ak disip li yo te ale lavil Kapènawòm. Konsa, lè pwochen jou repo a te rive, Jezi te ale nan reyinyon nan sinagòg la, epi li kòmanse anseye moun ki te la yo. Pèp la pa t manke sezi pou tande kijan l t ap anseye. Jezi pa t anseye menm jan ak pwofesè lalwa yo, paske li te anseye avèk otorite. Menm lè sa a, te gen yon nonm ki te gen yon move lespri sou li, nan sinagòg la. Li te pran krye byen fò: “Jezi moun Nazarèt, Ey, kisa ki genyen ant nou menm avèk ou, Jezi, moun Nazarèt la? Èske ou vin pou detwi nou? Mwen konnen ki lès ou ye, moun ki apa pou Bondye a!” Jezi pale byen rèd ak lespri a, li di l: “Fèmen bouch ou, retire kò w sou misye a!” Movèzespri a sakaje misye a. Li pouse yon gwo kri epi li sòti sou misye a. Tout moun te sezi wè sa ki te rive a, epi yo te komanse ap fè gwo diskisyon ant yo menm, youn t ap di lòt: “Sa k ap pase la a? Nonm sa a vini ak yon nouvo ansèyman ki mache avèk otorite. Li menm pase move lespri yo lòd epi yo oblije obeyi l.” Sa ou tande a, nouvèl la gaye nèt nan tout rejyon Galile a. Tousuit apre, Jezi avèk moun ki t ap swiv li yo soti nan sinagòg la. Yo ale lakay Simon ak Andre ansanm avèk Jak epi Jan. Bèlmè Simon an te twouve l kouche malad ak lafyèv. Moun nan kay la di Jezi sa. Jezi pwoche bò kote madanm lan, Jezi te touche men madanm lan epi lafyèv la tonbe. Madanm nan leve epi li te sèvi moun yo manje. Nan aswè, apre solèy te fin kouche, moun nan Kapènawòm mennen yon pakèt moun malad ak moun ki te gen move lespri sou yo bay Jezi. Tout vil la te rasanble devan pòt kay la. Jezi geri yon pil moun ki te gen tout kalite maladi, li chase anpil demon ki te sou yo tou. Men li pa t pèmèt demon yo pale, paske demon yo te konnen kilès li ye. Byen bonè nan demen maten, anvan menm li fè jou, Jezi kite kay la, l ale nan yon ti kote apa pou li priye. Simon ak moun ki te avèk li yo te soti pou yo al chache Jezi. Lè yo jwenn Jezi, yo di li: “Tout moun ap chache w wi.” Men Jezi reponn yo: “Ann al nan lòt ti vil yo tou pou m kapab preche yo tou, paske se pou sa m vini nan zòn nan.” Se kon sa li te mache bay mesaj la nan sinagòg yo ki nan tout rejyon Galile a, epi li t ap chase demon. Yon nonm ki te gen yon move maladi po vin kote Jezi, li mete ajenou devan l epi li mande Jezi fè yon bagay pou li. Nonm nan di Jezi: “Si ou vle ou kapab geri m.” Jezi te santi l endinye poutèt nonm nan. Li lonje men l epi li touche nonm nan. Li di: “Mwen vle. Geri!” La menm, maladi po a te disparèt sou nonm nan, li te geri epi li te pwòp. Jezi te di nonm lan li dwe ale. Men li ba li yon avètisman byen sevè. Li di l: “Pa di pèsonn sa m fè pou ou. Men al fè sakrifikatè a egzamine w, epi ofri sakrifis lalwa Moyiz la mande a. Konsa, tout moun va wè ou geri vre.” Men, li gaye nouvèl la bay tout moun li rankontre. Se sa k fè Jezi pa t ka antre nan yon vil an piblik ankò. Jezi rete nan kèk ti zòn izole. Ak tout sa, pèp la sòti toupatou pou vin jwenn li.