YouVersion Logo
Search Icon

Mak 1

1
Janbatis ap prepare chemen pou Jezi
(Mat 3:1-12; Lik 3:1-9, 15-17; Jan 1:19-28)
1Men kòmansman Bòn Nouvèl konsènan Jezikris,#1:1 Jezikris Literalman, “Jezi ki se Kris la”, se yon mo Grèk ki tradui mo Ebre “Mesi”. Gade Kris ak Mesi nan Lis Mo yo. Gade tou nan vèsè 20 epi tou nan tout liv sa a. Pitit Bondye a.#1:1 Kèk kopi nan lang Grèk pa gen mo “Pitit Bondye”. 2Men kijan pwofèt Ezayi ekri:
“Men m ap voye mesaje m nan devan w.
L ap prepare chemen an devan w.”#Mal 3:1.
3“Gen yon moun nan dezè a k ap pale byen fò:
Prepare chemen pou Senyè a;
fè wout yo byen dwat devan l.”#Eza 40:3.
4Janbatis ki te vin nan dezè a epi li t ap di moun yo “vin batize pou montre nou vle chanje lavi nou epi Bondye va padone peche nou.” 5Moun t ap soti nan tout rejyon Jide a ak nan tout Jerizalem pou vin tande Jan. Yo te konfese peche yo epi Jan te batize yo nan rivyè Jouden an.
6Jan te abiye ak yon rad ki fèt ak po chamo. Li te gen yon sentiwon an kui nan ren li. Li te konn manje krikèt ak siwo myèl.
7Men sa Jan t ap di yo: “Moun ki gen pou vin apre m nan pi puisan pase m. Mwen pa bon ase pou m ta demare lasèt sandal li. 8Mwen batize nou nan dlo, men li menm l ap batize nou nan Sentespri a.”
Jan te batize Jezi
(Mat 3:13-17; Lik 3:21-22)
9Nan epòk Jan t ap batize moun nan, Jezi sot Nazarèt, yon ti vil ki nan rejyon Galile, epi Jan te batize l tou nan rivyè Jouden an. 10Tousuit apre l te soti nan dlo a, Jezi wè syèl la fann an de epi Sentespri Bondye desann sou li tankou yon pijon. 11Epi yon vwa nan syèl la di: “Ou se Pitit mwen renmen anpil la; Ou fè kè m kontan anpil.”
Satan tante Jezi
(Mat 4:1-11; Lik 4:1-13)
12Tousuit apre, Sentespri a te mennen Jezi nan dezè a. 13Li pase karant jou nan dezè a pandan Satan t ap tante l pou chache fè l tonbe nan peche. Pandan tan sa a, Jezi te nan mitan bèt sovaj yo epi se te anj Bondye yo ki t ap sèvi l.
Jezi kòmanse ministè li nan Galile
(Mat 4:12-17; Lik 4:14-15)
14Apre yo fin mete Jan nan prizon, Jezi al Galile, li kòmanse preche Bòn Nouvèl Bondye a. 15Li di: “Lè a rive! Pa gen tan ankò. Wayòm Bondye rive sou nou. Chanje direksyon lavi nou epi kwè nan Bòn nouvèl la.”
Jezi chwazi kèk disip
(Mat 4:18-22; Lik 5:1-11)
16Pandan Jezi t ap mache bò lak Galile a, li te wè Simon#1:16 Simon Lòt non Simon an se te Pyè. Menm bagay nan vèsè 29, 30, 36. ak Andre, ki se frè Simon, yo t ap voye senn yo nan lak la, paske mesye sa yo se pechè pwason yo te ye. 17Jezi di yo: “Vin swiv mwen! Mwen pral montre nou peche moun pito.” 18La menm, yo kite senn yo epi yo swiv Jezi.
19Jezi te mache yon ti kras pi lwen, li te wè de lòt frè, Jak ak Jan, pitit Zebede yo. Mesye yo te nan bato a epi yo t ap repare senn yo. 20San pèdi tan, li rele yo. Mesye yo leve, yo kite papa yo, Zebede, nan bato a ak tout ouvriye yo, epi yo swiv Jezi.
Jezi geri yon nonm ki te anba puisans move lespri
(Lik 4:31-37)
21Jezi ak disip li yo te ale lavil Kapènawòm. Konsa, lè pwochen jou repo a te rive, Jezi te ale nan reyinyon nan sinagòg la, epi li kòmanse anseye moun ki te la yo.#1:21 moun ki te la yo Se te yon gwoup moun ki te reyini la, swa pou prye, swa pou etidye Lèzekriti oubyen pou pale sou zafè kominote a. Se yon kote nan anpil vil, Jwif yo te konn reyini pou regle de bagay konsa. 22Pèp la pa t manke sezi pou tande kijan l t ap anseye. Jezi pa t anseye menm jan ak pwofesè lalwa yo, paske li te anseye avèk otorite. 23Menm lè sa a, te gen yon nonm ki te gen yon move lespri sou li, nan sinagòg la. Li te pran krye byen fò: 24“Jezi moun Nazarèt, Ey, kisa ki genyen ant nou menm avèk ou, Jezi, moun Nazarèt la? Èske ou vin pou detwi nou? Mwen konnen ki lès ou ye, moun ki apa pou Bondye a!”
25Jezi pale byen rèd ak lespri a, li di l: “Fèmen bouch ou, retire kò w sou misye a!” 26Movèzespri a sakaje misye a. Li pouse yon gwo kri epi li sòti sou misye a.
27Tout moun te sezi wè sa ki te rive a, epi yo te komanse ap fè gwo diskisyon ant yo menm, youn t ap di lòt: “Sa k ap pase la a? Nonm sa a vini ak yon nouvo ansèyman ki mache avèk otorite. Li menm pase move lespri yo lòd epi yo oblije obeyi l.” 28Sa ou tande a, nouvèl la gaye nèt nan tout rejyon Galile a.
Jezi geri anpil moun
(Mat 8:14-17; Lik 4:38-41)
29Tousuit apre, Jezi avèk moun ki t ap swiv li yo soti nan sinagòg la. Yo ale lakay Simon ak Andre ansanm avèk Jak epi Jan. 30Bèlmè Simon an te twouve l kouche malad ak lafyèv. Moun nan kay la di Jezi sa. 31Jezi pwoche bò kote madanm lan, Jezi te touche men madanm lan epi lafyèv la tonbe. Madanm nan leve epi li te sèvi moun yo manje.#1:31 manje Nan sans ospitalite.
32Nan aswè, apre solèy te fin kouche, moun nan Kapènawòm mennen yon pakèt moun malad ak moun ki te gen move lespri sou yo bay Jezi. 33Tout vil la te rasanble devan pòt kay la. 34Jezi geri yon pil moun ki te gen tout kalite maladi, li chase anpil demon ki te sou yo tou. Men li pa t pèmèt demon yo pale, paske demon yo te konnen kilès li ye.
Jezi ale nan lòt vilaj yo
(Lik 4:42-44)
35Byen bonè nan demen maten, anvan menm li fè jou, Jezi kite kay la, l ale nan yon ti kote apa pou li priye. 36Simon ak moun ki te avèk li yo te soti pou yo al chache Jezi. 37Lè yo jwenn Jezi, yo di li: “Tout moun ap chache w wi.”
38Men Jezi reponn yo: “Ann al nan lòt ti vil yo tou pou m kapab preche yo tou, paske se pou sa m vini nan zòn nan.” 39Se kon sa li te mache bay mesaj la nan sinagòg yo ki nan tout rejyon Galile a, epi li t ap chase demon.
Jezi geri yon nonm malad
(Mat 8:1-4; Lik 5:12-16)
40Yon nonm ki te gen yon move maladi po vin kote Jezi, li mete ajenou devan l epi li mande Jezi fè yon bagay pou li. Nonm nan di Jezi: “Si ou vle ou kapab geri m.”#1:40 geri m Mo grèk itilize nan vèsè sa a vle di “pirifye”, paske yon maladi po kon sa te fè po moun nan sal, men plis ankò, yon moun kon sa pa t pwòp ase pou fè sèvis pou Bondye.
41Jezi te santi l endinye#1:41 endinye Pi fò nan kopi Grèk yo genyen “Boulvèse ak pitye …”. Men li difisil pou eksplike poukisa kèk bon kopi Grèk ak tradiksyon nan lang Laten yo genyen “Ranpli ak kòlè …”, yon bann teyolojyen jodi a panse se sa ki tèks orijinal la. poutèt nonm nan. Li lonje men l epi li touche nonm nan. Li di: “Mwen vle. Geri!” 42La menm, maladi po a te disparèt sou nonm nan, li te geri epi li te pwòp.
43Jezi te di nonm lan li dwe ale. Men li ba li yon avètisman byen sevè. 44Li di l: “Pa di pèsonn sa m fè pou ou. Men al fè sakrifikatè a egzamine w,#1:44 al fè sakrifikatè a egzamine w Selon Lalwa Moyiz la, prèt yo te dwe deside kilè yon moun ki te gen maladi lalèp te geri epi pwòp. Gade nan Lev 13–14. epi ofri sakrifis lalwa Moyiz la mande a. Konsa, tout moun va wè ou geri vre.” 45Men, li gaye nouvèl la bay tout moun li rankontre. Se sa k fè Jezi pa t ka antre nan yon vil an piblik ankò. Jezi rete nan kèk ti zòn izole. Ak tout sa, pèp la sòti toupatou pou vin jwenn li.

Currently Selected:

Mak 1: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy