YouVersion Logo
Search Icon

Mat 18

18
Kilès ki pi gran?
(Mak 9:33-37; Lik 9:46-48)
1Nan menm peryòd la, disip Jezi yo pwoche bò kote l, yo mande l: “Kilès ki pi gran nan wayòm Bondye a?”
2Jezi rele yon timoun, li mete l kanpe devan yo 3epi l di yo: “Anverite m ap di nou, si nou pa chanje jan nou panse, epi vin tounen tankou timoun, nou p ap janm antre nan wayòm Bondye a. 4Moun Bondye onore plis nan wayòm li a, se moun ki desann tèt li pou l vin tankou timoun sa a.
5Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou timoun sa a nan non mwen, se mwen menm li resevwa.
Mizangad sou koz ki fè moun peche
(Mak 9:42-48; Lik 17:1-2)
6Men nenpòt moun ki lakoz youn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen tonbe nan peche, li t ap pi bon pou li pou yo ta mare yon mèl moulen nan kou l epi lage l nan fon lanmè. 7Kè m fè m mal pou lèzòm, poutèt kantite bagay ki devan yo pou fè yo peche. Se vre, ap toujou genyen bagay pou lakoz moun tonbe nan peche, men malè pou moun ki lakoz yon lòt moun tonbe nan peche.
8Konsa, si se men w oswa pye w k ap lakoz ou tonbe, pito w koupe yo voye jete. Li pi bon pou gen lavi ki p ap janm fini an ak yon men oswa yon pye pase pou w ta genyen de men w ak de pye w epi pou w al boule nan dife lanfè etènèl la. 9Si se je w k ap lakoz ou tonbe nan peche, rache l voye l jete. Li ta pi bon pou gen lavi etènèl ak yon sèl zye, pase pou ou ta gen de je w epi pou w al boule nan dife lanfè etènèl la.
Parabòl mouton ki te pèdi a
(Lik 15:3-7)
10Fè atansyon! Pa meprize timoun yo. Anj gadyen yo ki nan syèl la toujou nan prezans Papa m ki nan syèl la. 11#18:11 Kèk kopi nan lang Grèk ajoute vèsè 11 la: “Pitit Lòm nan vini sove sa yo ki pèdi.” Gade nan Lik 19:10.
12Si yon nonm gen 100 mouton epi gen youn ladan yo ki pèdi, nou pa panse l ap kite 99 lòt yo nan raje a pou l al chache sa ki pèdi a? 13An verite m ap di nou, lè l jwenn sa k te pèdi a, l ap gen plis kè kontan pou mouton sa a pase 99 lòt ki pa t pèdi yo. 14Se menm jan an tou Papa nou ki nan syèl la pa vle youn nan timoun sa yo pèdi.
Korije moun ki fè sa ki mal
(Lik 17:3)
15Si yon frè fè w#18:15 w Pi bon maniskri grèk yo pa gen mo “w” ladan yo. yon bagay ki pa bon, jwenn ade avè l pou montre l sa l fè ki mal la. Si l koute w, relasyon w avèk frè w la retabli. 16Men si l refize koute w, chache youn ou de lòt frè met avè w, paske tout akizasyon ki gen valè bezwen gen de ou twa temwen ki konfime l.#18:16 de ou twa … konfime l Gade nan Det 19:15. 17Si l refize koute toujou, lage bagay la nan men legliz. Si l refize koute toujou, konsidere l menm jan w ta konsidere yon moun ki pa konn Bondye ditou oswa yon pèseptè kontribisyon.
18Anverite m ap di nou, Bondye nan syèl la ap bay apwobasyon li lè w refize oswa pèmèt yon bagay fèt sou latè.#18:18 Bondye nan syèl … fèt sou latè Literalman, “nenpòt sa w mare sou latè l ap mare nan syèl tou, epi nenpòt sa w lage sou latè l ap lage nan syèl la tou”. 19M ap di nou sa ankò, si de nan nou sou latè met tèt nou ansanm pou nou priye pou yon bagay, Papa m ki nan syèl la ap ban nou l. 20Wi, m ap di nou sa, lè dezoutwa moun ki kwè nan mwen yo reyini ansanm, mwen la nan mitan yo.”
Aprann padone lòt moun
21Apre sa, Pyè pwoche bò kote Jezi pou l ka poze l yon kesyon: “Senyè, konbyen fwa pou m padone frè m nan si l kontinye ap fè m bagay ki mal? Èske sèt fwa pa ase?”
22Jezi reponn li: “Non Pyè! Mwen pa di sèt fwa. Ou bezwen kontinye padone li swasanndis fwa miltipliye pa sèt.#18:22 swasanndis … sèt Total la tèlman anpil, li vle di padon pa gen limit.
23Se sak fè m ap di nou wayòm Bondye a se tankou yon wa ki deside pou l rantre tout kòb li te gen deyò. 24Nan fouye kaye li, li jwenn yon nonm ki te dwe l yon gwo gwo sòm lajan.#18:24 yon gwo gwo sòm lajan Literalman, “yon miryad talan.” Yon talan se te anviwon 27 a 36 kilogram lò oubyen lajan. 25Kòm sèvitè a pa t ka jwenn kòb la pou l peye, mèt la pase lòd pou yo vann sèvitè a, madanm li, pitit li ak tout sa l te posede, pou li ta rantre yon pati nan lajan l lan.
26Lè sa a, sèvitè a lage kò l ajenou devan mèt la, epi li di: Tanpri, pran pasyans avè m, m ap peye dèt la. 27Kè mèt la fè l mal pou sèvitè a. Li deside anile dèt la, epi l kite msye ale.
28Menm sèvitè sa a, lè l rive deyò a, li jwenn yon kamarad ki te dwe l yon ti kraze monnen. Li mete men anba kou l, epi li di l: Peye m lajan m!
29Kanmarad la lage kò l ajenou epi l di lòt la: Tanpri, pran pasyans avè m, m ap peye dèt la.
30Men lòt refize tande. Okontrè li fè fèmen kanmarad la nan prizon jouktan l fin peye tout dèt la. 31Gen lòt sèvitè mèt la ki t ap swiv tout bagay, kè yo te fè yo mal pou kanmarad ki ale nan prizon an. Konsa yo rapòte tout bagay bay mèt la.
32Lè mèt la tande sa, li rele sèvitè l la epi l di: Gade jan ou mechan! Èske m pa t anile tout dèt ou a, paske ou te sipliye m? 33Èske ou pa ta dwe fè menm bagay la pou kanmarad ou a tou? 34Konsa, mèt la te fache anpil. Li pran sèvitè a, li fèmen l nan prizon. Epi li di: fòk misye peye dènye sengkòb la, anvan l sòti nan prizon.
35Enben Papa m ki nan syèl la ap fè nou menm jan ak wa sa si nou pa padone frè ak sè nou ak tout kè nou.”

Currently Selected:

Mat 18: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy