YouVersion Logo
Search Icon

Lik 6

6
Jezi se mèt jou repo a
(Mat 12:1-8; Mak 2:23-28)
1Yon jou saba, Jezi t ap pase nan yon gwo jaden ble. Disip li yo keyi kèk grap ble, yo fwote ble a nan men yo, epi yo t ap manje grenn yo. 2Lè sa a, kèk nan Farizyen yo di konsa: “Pouki sa n ap fè sa lalwa pa pèmèt nan jou repo a?”
3Jezi reponn yo, li di yo: “Èske nou pa li sa David te fè lè li menm ak mesye l yo te grangou? 4Li te antre nan tanp Bondye a, li pran pen yo te ofri bay Bondye yo, li manje epi li bay mesye ki te ak li yo tou, epi se prèt yo sèlman ki te gen dwa manje pen sa yo.” 5Apre sa li di yo: “Pitit Lòm nan se chèf jou repo a.”
Jezi geri yon nonm yon jou repo
(Mat 12:9-14; Mak 3:1-6)
6Yon lòt jou saba, Jezi te antre nan sinagòg la, li t ap anseye pèp la. Vwala te gen yon nonm ki te la ki te andikape nan men dwat li. 7Skrib yo ansanm ak Farizyen yo t ap veye pou wè si Jezi t ap geri nonm nan pandan jou repo a, paske yo t ap chache jwenn yon koz pou yo akize l. 8Men, Jezi ki te konnen sa k t ap pase nan tèt yo, li di nonm ki te andikape a: “Leve kanpe nan mitan la a.” Nonm nan leve, li kanpe. 9Jezi di yo: “M ap poze nou yon kesyon. Ki sa lalwa pèmèt moun fè nan jou repo a, byen osinon mal, sove lavi osinon detwi lavi?”
10Apre sa, Jezi pwonmennen je li gade yo tout, epi li di nonm nan: “Lonje men w.” Nonm nan lonje men l, epi men l geri. 11Men Skrib ak Farizyen ki te la yo te fache anpil. Yo t ap diskite antre yo menm sou kisa pou yo ta fè ak Jezi.
Jezi chwazi douz apot li yo
(Mat 10:1-4; Mak 3:13-19)
12Kèk jou apre, Jezi te ale sou yon ti mòn pou l priye. Li te pase tout nuit la nèt ap priye Bondye. 13Lè l te fè jou, li rele disip li yo. Li chwazi douz nan pami yo li te rele apot tou.
14Simon, Jezi te rele l Pyè tou;
Andre, frè Simon an,
Jak,
Jan,
Filip,
Batèlmi.
15Matye,
Toma,
Jak, pitit Alfe a,
Simon, sa yo te rele zelòt la.
16Jid, pitit Jak la,
Jida Iskaryòt (sa k te trayi Jezi a).
Jezi anseye pèp la epi li geri anpil moun
(Mat 4:23-25; 5:1-12)
17Apre sa, Jezi ansanm ak douz apot yo desann mòn nan. Li kanpe sou yon platon. Anpil disip li yo te la ansanm ak anpil anpil lòt moun ki soti nan tout rejyon Jide a, nan Jerizalèm, ak nan rejyon bò lanmè Tir ak Sidon, 18Yo te vin pou tande li epi pou yo te jwenn gerizon pou maladi yo. Sa yo ki te gen move denmon ap twouble yo te jwenn gerizon tou. 19Tout moun t ap chache mwayen pou yo manyen Jezi, paske te gen yon puisans ki t ap soti nan li. Jezi te geri yo tout.
20Apre sa, Jezi leve je l li gade disip li yo epi li di:
“Anpil benediksyon pou nou menm ki pòv,
paske Wayòm Bondye a se pou nou li ye.
21Anpil benediksyon pou nou menm ki grangou kounye a,
paske vant nou pral plen.
Benediksyon pou nou menm k ap kriye kounye a,
paske kè nou pral kontan.
22Anpil benediksyon pou nou lè moun rayi nou, lè yo meprize nou, lè yo joure nou, lè yo twouve li pa bon pou yo ta menm site non nou, poutèt mwen menm, Pitit Lòm nan. 23Se pou nou rejwi lè sa rive. Se pou nou danse menm tèlman nou kontan paske rekonpans nou gran nan syèl la. Zansèt moun sa yo te fè pwofèt yo menm bagay yo tou.
24Men, malè pou nou, nou menm moun rich yo,
paske nou gen tan jwenn lavi fasil nou isit.
25Malè pou nou menm k ap manje byen kounye a,
paske n ap gen pou n grangou.
Malè pou nou menm k ap ri kounye a,
paske nou pral nan lapenn, nou pral kriye.
26Malè pou ou lè tout moun di bon bagay de ou, paske zansèt moun sa yo te fè menm bagay la pou fo pwofèt yo.”
Renmen lènmi ou
(Mat 5:38-48; 7:12a)
27“Men sa m ap di nou, nou menm k ap koute m: Renmen lènmi nou yo. Fè byen pou moun ki rayi nou. 28Mande Bondye pou l beni moun ki mande pou move bagay rive nou. Priye pou moun ki maltrete nou. 29Si yon moun frape w nan yon bò machwè w, vire lòt bò a ba li tou. Si yon moun pran vès w, kite l pran chemiz la tou. 30Nenpòt moun ki mande w, ba li. Nenpòt moun ki pran afè w, pa mande l remèt ou yo. 31Sa ou ta renmen lòt moun fè pou ou, fè menm bagay pou yo.
32Si ou renmen moun ki renmen w sèlman, èske ou panse Bondye dwe rekonpanse w pou sa? Non, paske menm moun k ap viv nan peche yo renmen moun ki renmen yo. 33Menm jan an tou, si ou fè byen pou moun ki fè byen pou ou, ki merit ou genyen pou sa? Menm moun k ap viv nan peche yo fè menm bagay la tou. 34Si nou prete moun nou konnen ki ka renmèt nou, èske n panse Bondye ta dwe rekonpanse nou pou sa? Menm moun k ap viv nan peche yo prete moun k ap viv nan peche parèy yo pou yo renmèt yo menm kantite a.
35Men, se pou nou renmen lènmi nou yo, epi fè byen pou yo. Prete moun san nou pa met espwa y ap renmèt nou sa nou prete yo a. Konsa, rekonpans nou va gran. N a pitit Bondye ki pi wo nan syèl la. Paske li menm li bon anvè ni moun ki san rekonesans yo, ni mechan yo. 36Se pou nou gen kè sansib, menm jan Bondye Papa nou gen kè sansib.
Piga youn kritike lòt
(Mat 7:1-5)
37Pa jije moun si ou pa vle Bondye jije w tou. Pa kondane moun, kon sa Bondye p ap kondane w non plis. Padone moun, kon sa Bondye a padone w tou. 38Se pou nou bay, kon sa Bondye ap ban nou tou. N a resevwa anpil. Dyakout nou ap tèlman byen ranpli, l ap fè tiyon, epi l ap ranvèse. Paske jan ou trete lòt moun se kon sa Bondye ap trete w tou.”
39Apre sa, li rakonte yo yon parabòl. Èske yon avèg kapab mennen yon lòt avèg? Si yon moun avèg ap mennen yon lòt avèg, yo pa lwen tonbe nan yon menm twou. 40Yon elèv pa pi fò pase mèt li. Men yon elèv ki fin resevwa tout fòmasyon li, l ap fò menm jan ak mèt li.
41Pouki sa ou wè ti pay ki nan je frè w la, epi ou pa wè bout bwa ki nan pwòp je pa w la? 42Ki jan ou fè ka di frè ou: “Frè m, kite m retire ti pay ki nan je w la.” Alòske ou pa wè bout bwa ki nan je pa w la? Ipokrit. Se bout bwa ki nan je w la pou ou retire anvan. Apre sa ou ap wè klè pou retire ti pay ki nan je frè w la.
Aksyon w montre kilès ou ye
(Mat 7:17-20; 12:34b-35)
43Yon bon pyebwa pa janm donnen move fwi, ni yon move pyebwa pa donnen bon fwi. 44Yo rekonèt kalite yon pyebwa pa mwayen fwi li donnen. Paske yo pa janm keyi fig sou pye pikan. Ni yo pa janm ranmase keyi rezen sou touf pikan. 45Bon moun gen bon bagay sere nan kè yo. Se sa k fè yo di bon bagay. Men moun ki mechan, se mechanste ki ranpli kè yo. Se sa k fè se move bagay yo di. Sa yon moun di ak bouch li se nan kè l li soti.
De kalite moun
(Mat 7:24-27)
46Pou kisa n ap rele m Senyè, Senyè tandiske nou pa fè sa mwen di? 47Moun ki vin jwenn mwen, ki tande pawòl mwen epi ki mete l an pratik, mwen pral montre nou ak kilès yo sanble. 48Yo tankou yon moun k ap bati yon kay. Li fouye byen fon epi li chouke fondasyon kay la sou wòch. Lapli tonbe anpil epi gwo dlo frape kay la pou ta pote l ale. Men kay la pa brannen, paske li te byen bati.
49Men moun ki tande pawòl la ki pa mete l an pratik, li tankou yon moun ki bati yon kay atè san fondasyon pou kenbe l. Lè gwo dlo frape kay la, lapoula kay la tonbe, li kraze nèt.

Currently Selected:

Lik 6: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy