YouVersion Logo
Search Icon

Lik 13

13
Chanje kè nou
1Lè sa a, te gen kèk moun ki te la ki di Jezi sa Pilat te fè yon gwoup moun peyi Galile ki te vin adore Bondye. Pilat fè touye yo. San moun sa yo te melanje ak san bèt yo te pote pou ofri an sakrifis yo. 2Jezi reponn, li di yo: “Èske nou panse moun Galile sa yo te fè plis peche pase tout lòt moun nan peyi yo ki fè yo te masakre yo konsa? 3Non, se pa vre. M ap di nou sa: Si nou pa deside kounye a menm pou n chanje jan nou panse ak jan nou viv, nou menm tou n ap peri menm jan an. 4E dizuit (18) moun ki te mouri yo lè gwo kay la te tonbe sou yo nan Jerizalèm nan, toupre pisin Siloye a? Nou dwe panse sa te rive paske yo te fè plis peche pase tout lòt moun nan lavil Jerizalèm yo? 5Non, se pa paske yo te fè plis peche. M ap di nou sa: Si nou pa deside kounye a menm pou n chanje jan nou panse ak jan nou viv, nou menm tou n ap peri menm jan an.”
Yon pyebwa ki pa itil anyen
6Apre sa, Jezi rakonte parabòl sa a: “Yon nonm te plante yon pye fig nan jaden li. Yon lè, li vin chache fig nan pye fig la, li pa jwenn anyen. 7Li rele sèvitè ki te responsab pou pran swen jaden an, li di l: Sa fè twazan depi m ap vin chache fwi sou pye fig sa a m pa janm jwenn. Koupe l jete! Se gaspiye l ap gaspiye tè kote l plante a. 8Men sèvitè a reponn: Mèt, bay pye fig la yon ane ankò pou nou wè. M ap fouye twou toutotou li epi m ap mete fimye nan rasin ni. 9Se posib l ap pwodui fwi lane pwochèn. Si nou ta wè li pa donnen, alò ou ta mèt koupe l.”
Jezi geri yon fi ki te malad yon jou repo
10Jezi t ap anseye nan yon sinagòg yon jou saba. 11Te gen yon fi nan sinagòg la ki te gen yon move lespri sou li. Sa fè dizuit (18) an depi move lespri a te fè l kokobe. Li te bosi. Li pa t ka kanpe dwat. 12Lè Jezi wè fi a, li rele l, li di l: “Madanm, ou delivre anba maladi w la tande!” 13Jezi poze men li sou fi a epi menm kote a fi a vin ka kanpe dwat epi li kòmanse fè louwanj pou Bondye.
14Chèf sinagòg la menm pa t manke fache dèske Jezi te geri fi a nan jou repo a. Li di foul la konsa: “Gen sis (6) jou nan senmenn nan pou moun travay, se pou nou vini nan jou sa yo pou nou jwenn gerizon. Pa vini pou chache gerizon nan jou repo a.”
15Jezi reponn chèf sinagòg la, li di li: “Bann ipokrit! Èske nou pa lage bèf nou ak bourik nou epi mennen yo al bwè dlo nan jou repo a? 16Fi sa a mwen geri a, se yon pitit pitit Abraram li ye tou. Satan te kenbe l anba pouvwa li depi dizuit (18) an. Alò li menm tou pa ta dwe jwenn libète l nan jou repo a?” 17Lè Jezi te bay repons sa a, tout moun ki t ap kritike l yo te wont. Foul la menm te kontan anpil pou tout bèl mèvèy Jezi t ap fè yo.
Yon lòt istwa sou wayòm
(Mat 13:31-33; Mak 4:30-32)
18Apre sa Jezi di: “Ak kisa Wayòm Bondye a sanble? Ak kisa mwen ta ka konpare li? 19Wayòm Bondye a se tankou yon ti grenn moutad. Yon nonm pran ti grenn moutad la li plante l nan jaden li. Ti grenn moutad la grandi, li tounen yon gwo pyebwa, epi zwazo yo nan syèl la fè nich nan branch li yo.”
20Apre sa Jezi di ankò: “Ak kisa mwen ka konpare Wayòm Bondye a? 21Wayòm Bondye a se tankou ledven yon fi pran li melanje l ak yon gwo mamit farin pou l fè pen. Ledven an fè tout pat la leve.”
Pòt etwat la
(Mat 7:13-14, 21-23)
22Jezi te kontinye ap anseye nan tout vil yo ak bouk yo. Konsa konsa, li t ap pwoche pi pre lavil Jerizalèm. 23Yon moun poze Jezi kesyon sa a: “Mèt, èske se kèk grenn moun sèlman k ap sove?”
Jezi reponn yo: 24“Fè jefò pou nou antre nan pòt syèl la ki jis anpil, paske m ap di nou sa, anpil moun ap chache mwayen antre ladan l men yo p ap kapab. 25Lè mèt kay la gentan leve fèmen pòt li, si ou vin kanpe dèyè pòt la ap frape, li p ap ouvè pou ou. Ou mèt te di: Mèt, mèt, louvri pou nou, l ap reponn nou: Mwen pa konnen nou. M pa konn kote nou soti. 26Lè sa a, n a di: nou te manje, nou te bwè ansanm ak ou, ou te anseye anpil bagay nan tout lari nan bouk nou yo. 27Li menm l a reponn nou: Mwen pa konnen nou. Mwen pa menm konnen ki kote nou soti. Retire nou devan mwen, bann moun k ap fè move zak!
28Lè n a wè Abraram, Izaak, Jakòb ansanm ak tout pwofèt yo nan Wayòm Bondye a epi nou menm yo voye nou jete deyò, kote ki pral genyen anpil dlo nan je ak manje dan. 29Moun ap soti alès kòm alwès, y ap soti nan nò ak nan sid pou vin manje sou tab nan Wayòm Bondye a. 30Gen moun ki nan dènye plas nan lavi sa a k ap nan premye plas nan Wayòm Bondye a. Gen moun ki nan premye plas nan lavi sa a k ap nan dènye plas nan Wayòm Bondye a.”
Jezi gen pou l mouri nan Jerizalèm
(Mat 23:37-39)
31Menm lè a, kèk Farizyen pwoche kote Jezi, yo di li: “Chape poul ou! Pati kite zòn nan, paske Ewòd vle touye w.”
32Jezi reponn yo: “Al di chat mawon#13:32 chat mawon Literalman, “rena”. yo rele Ewòd la m ap chase denmon, m ap geri malad jodi ak demen. Sou twazyèm jou a, m ap fin fè travay mwen. 33Apre sa, mwen prale, paske li pa nòmal pou yon pwofèt mouri deyò lavil Jerizalèm.
34Jerizalèm, O Jerizalèm! Ou touye pwofèt Bondye yo! Ou lapide mesaje Bondye yo! Mwen pa konn konbyen fwa mwen eseye rasanble tout pitit ou yo menm jan yon manman poul rasanble tout pitit li anba zèl li. Men ou pa janm vle! 35Men kounye a, kay#13:35 kay Nan kontèks sa a, mo “kay” la sengilye. Li ka fè referans ak tanp lan. ou a pral rete vid. Wi, m pa kache pale w, ou p ap wè m ankò, jouktan ou pare pou di: Benediksyon pou moun ki vini nan non Senyè a!”#Sòm 118:26.

Currently Selected:

Lik 13: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy