YouVersion Logo
Search Icon

Ebre 11:17-40

Ebre 11:17-40 VKF

Bondye pase Abraram yon tès. Bondye pase l lòd pou l ofri Izarak an sakrifis. Abraram obeyi paske li te gen lafwa. Li te gentan gen pwomès Bondye kòm garanti. Bondye te gentan di l: “Se pa mwayen Izarak mwen pral ba w pitit pitit.” Abraram te tou pare pou ofri sèl pitit gason l lan. Li te fè sa, paske li te fè Bondye konfyans. Li te kwè Bondye te ka resisite moun ki mouri. Nan yon sans, nan moman lè Bondye te anpeche Abraram touye Izaak la, se kòmsi se resisite Bondye te resisite l. Izarak te gen lafwa nan Bondye lè li te beni Jakòb ak Ezayi pou bagay ki te gen pou rive pita. Jakòb te gen lafwa nan Bondye. Lanmò te prèt pou pase pran l, lè l te beni pitit gason Jozèf yo youn apre lòt. Li t apiye sou baton l, epi li t ap adore Bondye. Jozèf te gen lafwa nan Bondye. Nan dènye jou lavi li, li te pale sou moman pèp Izrayèl la te gen pou yo kite peyi Lejip. Li te tou di yo sa pou yo fè ak zosman li yo lè yo retounen nan peyi yo. Paran Moyiz yo te gen lafwa nan Bondye. Apre pitit la fin fèt, yo te wè l bèl, epi yo sere l pandan twa mwa. Yo pa t pè dekrè wa a, malgre sa yo te fè a te kont lòd wa a te pase. Moyiz te gen lafwa nan Bondye. Lè l vin gen laj majè, li pa t vle moun di li se pitit gason pitit fi Farawon an. Li te chwazi pou l sibi move tretman avèk pèp Bondye a olye l te mennen yon vi pechadò pou yon tan. Moyiz te reyalize li pi bon pou li pou l sibi lawont menm jan ak Kris la, pase pou l ta gen tout richès peyi Lejip yo. Li te gen je l fikse sou rekonpans ki te gen pou vini an. Moyiz te gen lafwa nan Bondye. Li te kite peyi Lejip san l pa t pè reyaksyon kòlè wa a t ap genyen. Li te rete fèm kòm si l te ka wè Bondye okenn moun pa ka wè a. Moyiz te gen lafwa nan Bondye. Li te fè aranjman pou manje Pak la. Li te wouze lento pòt kay yo ak san ti mouton pou pwoteje premye pitit pèp Izrayèl yo kont zanj lanmò a. Pèp Izrayèl la te gen lafwa nan Bondye. Yo te travèse Lanmè Wouj kòmsi se nan tè sèk yo t ap mache. Men lè Ejipsyen yo te eseye fè menm jan an, yo tout te nwaye. Se lafwa nan Bondye ki te lage miray Jeriko yo atè, apre pèp Izrayèl la te fè laviwonn vil la pandan sèt jou. Raab, fi movèz vi a, te gen lafwa nan Bondye. Li te resevwa espyon Izrayèl yo tankou zanmi l. Konsa li pa t mouri menm jan ak tout moun ki te pran pozisyon kont Bondye yo. Ki lòt egzanp pou m ta bay ankò? Mwen pa gen ase tan pou m pale de Jedeyon, Barak, Samson, Jefte, David, Samyèl, ak tout lòt pwofèt yo. Yo tout te gen lafwa nan Bondye. Yo te gen laviktwa sou lame lòt peyi. Yo te fè sa ki dwat devan Bondye, kon sa Bondye te ede yo jan l te pwomèt sa. Kèk nan yo fèmen bouch lyon. Gen lòt ki etenn gwo dife. Gen lòt ankò ki chape anba lanmò kout nepe. Genyen ki te fèb men ki vin fò. Yo vin gen fòs pou yo batay, yo kouri dèyè lame lènmi yo. Gen kèk medam ki te rejwenn moun yo te gen mouri vivan. Gen lòt ki pase anpil mati, poutan yo refize libète. Yo te pito resisite ak yon nouvo lavi ki pi bon. Genyen yo te pase nan betiz, yo bat yo. Gen lòt yo anchene lage nan prizon. Gen kèk lòt yo kalonnen ak kout wòch jouktan yo mouri. Genyen yo te fann an de. Yo touye yo ak kout nepe. Gen lòt sèl rad yo te genyen se te po mouton oubyen po kabrit. Yo te pòv. Gen lòt yo te fè soufri epi maltrete yo. Lemonn pa t merite yo, yo te twò swa pou lemonn. Yo te tankou refijye ki san plas nan tout dezè, nan tout mòn. Yo te viv nan gwòt ak nan tou wòch. Yo tout te gen lafwa nan Bondye. Men yo pa t resevwa sa Bondye te pwomèt yo. Bondye planifye yon pi bon bagay pou nou. Bondye pa t vle fè yo rive nan nivo pèfeksyon an san nou menm.