YouVersion Logo
Search Icon

Ebre 10:1-8

Ebre 10:1-8 VKF

Lalwa pa t ka ban nou yon imaj fidèl sou tout bon bagay Bondye te rezève pou nou, se sèlman yon imaj ki pa twò klè li te ban nou. Se sa k fè, malgre yo te kontinye ofri menm sakrifis ane apre ane, lalwa pa t ka mennen okenn moun nan nivo pèfeksyon. Si lalwa te ka mennen moun nan nivo pèfeksyon, sakrifis yo t ap gentan sispann byen lontan deja. Pèp la t ap gentan delivre anba tout peche yo, konsyans yo t ap gentan sispann fè yo santi yo koupab. Men sakrifis yo te sèvi tankou yon èd memwa pito pou fè yo sonje peche yo chak ane, paske li enposib pou san towo bèf ak kabrit delivre moun anba peche yo. Se poutèt sa, lè Jezikris vini nan mond lan, li di Bondye: “Ou pa t bezwen sakrifis ak ofrann, men, ou te prepare yon kò pou mwen. Ou pa t satisfè ak ofrann yo boule pou ou yo. Ou pa t pran plezi nan ofrann pou peche yo. Epi mwen di: men mwen Bondye mwen vini pou m fè tout sa ou vle selon sa ki ekri sou mwen nan liv lalwa a.” Kris kòmanse di: “Ou pa t bezwen sakrifis ak ofrann. Ou pa t satisfè ak ofrann yo boule ak ofrann yo boule pou peche” (byenke se lalwa ki mande yo tout sakrifis sa yo.)