YouVersion Logo
Search Icon

Trav 27:1-26

Trav 27:1-26 VKF

Yo te deside fè nou pran bato pou n ale Itali. Yo livre Pòl ansanm ak kèk lòt prizonye bay yon ofisye women yo rele Jiliyis. Se te yon ofisye ki t ap sèvi nan gwoup espesyal Anperè a te genyen. Nou te monte nan yon bato ki te soti lavil Adramit epi ki te dwe pase plizyè kote nan pwovens Lazi a. Epi nou pati. Aristak, moun Tesalonik nan Masedwàn, te ale ansanm ak nou. Nan denmen, nou rive lavil Sidon. Jiliyis te byen trete Pòl epi li te ba li libète pou l al vizite zanmi l yo laba a, kote yo te bay Pòl tout sa l te bezwen. Nou pati kite vil sa a epi nou navige pase toupre zile Chip, paske van an t ap soufle nan yon sans kontrè. Nou travèse lanmè a bò kote Silisi ak Panfili. Lè sa a, nou te vin rive nan yon vil yo rele Mira ki nan peyi Lisi. Se la ofisye lame a jwenn yon bato ki te soti nan lavil Aleksandri pou ale an Itali. Li fè nou monte ladan l. Nou navige lantman pandan plizyè jou. Se te avèk anpil efò nou te rive sou kòt Nid. Men poutèt van an pa t pèmèt nou ale pi lwen, nou te navige pase nan sid zile Krèt ki toupre ak Salmone. Nou navige toupre kòt la, men sa pa t fasil menm. Nou vin rive yon kote yo rele “Bon Pò yo”, toupre lavil Lize. Men nou te pèdi anpil tan epi sa te tounen yon danje pou nou ta kontinye vwayaj la. Jou Jwif yo te konn fè jèn nan te gentan pase. Lè sa a, Pòl bay maren yo yon avètisman. Li di yo: “Mezanmi, mwen rann mwen kont vwayaj la vin mete nou an danje. Nou ka pèdi bato a, ak tout sa ki ladan l, epi nou ka pèdi menm lavi nou tou.” Men ofisye a te mete konfyans li pi plis nan kapitèn nan ansanm ak pwopriyetè bato a pase nan sa Pòl t ap di a. Poutèt zòn s a pa t yon zòn kote yo te kapab pase sezon livè a, pi fò nan mesye yo te deside leve lank pou eseye rive nan yon pò yo rele Feniks. Se te yon pò nan zòn Krèt ki te bay sou Sidwès ak Nòdwès. Se la yo te panse pase sezon livè a. Yon van ki soti nan sid te kòmanse ap soufle toudousman. Lè sa a, mesye yo panse pwojè yo a t ap gen chans reyisi. Yo leve lank epi nou t ap eseye vanse bò kote zile Krèt la. Men, tousuit yon van tanpèt yo rele Erakilon te vin dechennen sou zile a. Van an te pati avèk bato a. Bato a pa t kapab konbat ak van an. Lè nou wè sa, nou rezinye nou kite van an pote bato a ale. Lè nou vin ap pase bò yon ti zile yo rele Koda, nou te resi rejwenn ti kannòt la, apre anpil efò. Lè mesye yo te fin mete ti kannòt la anndan bato a, yo mare l epi yo sentire l byen sentire. Mesye yo te pè pou yo pa t al chwe sou bò sab ki nan gòf Libi yo. Poutèt sa, yo jete lank pou fè yo flote epi yo kite van an mennen yo. Nan denmen, tanpèt la te tèlman ap frape nou byen fò toujou, maren yo te voye enpe nan machandiz yo jete nan lanmè. Nan denmen, yo voye ekipman bato a ansanm ak tout vwal yo jete nan lanmè. Sa te fè plizyè jou kote pa t gen ni solèy ni zetwal nan syèl la epi tanpèt la te byen fò toujou. Lè sa a, nou te pèdi tout espwa nou t ap rete vivan. Mesye yo pa t manje depi byen lontan. Epi yon jou, Pòl kanpe devan mesye epi li di yo: “Mesye m te di nou pa kite zile Krèt la. Nou te dwe koute m. Lè sa a, nou pa t ap nan tout pwoblèm sa yo epi pèdi tout bagay sa yo. Men kounye a, nou dwe pran kouraj. Pa gen pyès nan nou k ap mouri. Sèman bato a k ap kraze. Yèswa, Bondye m ap sèvi a, Bondye pa m nan, li voye yon anj li pale avè m. Zanj lan di m: Pòl, ou pa bezwen pè! Ou gen pou ou konparèt devan Seza. Epi Bondye fè w pwomès sa a: L ap sove lavi tout moun ki nan bato avè w yo. Alò, mesye, nou pa gen anyen pou nou pè. M fè Bondye konfyans, epi m sèten tout bagay ap pase nan fason anj lan te di m sa a. Men nou pral chwe sou yon zile.”