YouVersion Logo
Search Icon

Trav 27

27
Pòl pran batiman pou Wòm
1Yo te deside fè nou pran bato pou n ale Itali. Yo livre Pòl ansanm ak kèk lòt prizonye bay yon ofisye women yo rele Jiliyis. Se te yon ofisye ki t ap sèvi nan gwoup espesyal Anperè a te genyen. 2Nou te monte nan yon bato ki te soti lavil Adramit epi ki te dwe pase plizyè kote nan pwovens Lazi a. Epi nou pati. Aristak, moun Tesalonik nan Masedwàn, te ale ansanm ak nou.
3Nan denmen, nou rive lavil Sidon. Jiliyis te byen trete Pòl epi li te ba li libète pou l al vizite zanmi l yo laba a, kote yo te bay Pòl tout sa l te bezwen. 4Nou pati kite vil sa a epi nou navige pase toupre zile Chip, paske van an t ap soufle nan yon sans kontrè. 5Nou travèse lanmè a bò kote Silisi ak Panfili. Lè sa a, nou te vin rive nan yon vil yo rele Mira ki nan peyi Lisi. 6Se la ofisye lame a jwenn yon bato ki te soti nan lavil Aleksandri pou ale an Itali. Li fè nou monte ladan l.
7Nou navige lantman pandan plizyè jou. Se te avèk anpil efò nou te rive sou kòt Nid. Men poutèt van an pa t pèmèt nou ale pi lwen, nou te navige pase nan sid zile Krèt ki toupre ak Salmone. 8Nou navige toupre kòt la, men sa pa t fasil menm. Nou vin rive yon kote yo rele “Bon Pò yo”, toupre lavil Lize.
9Men nou te pèdi anpil tan epi sa te tounen yon danje pou nou ta kontinye vwayaj la. Jou Jwif yo te konn fè jèn#27:9 Jou Jwif yo te konn fè jèn Jèn yo pale isit la, se te jèn nan Jou Pirifikasyon an. Jou sa a te enpòtan anpil. Sete nan sezon otòn nan ane a. Se te yon sezon kote te konn gen kèk move loray sou lanmè a. nan te gentan pase. Lè sa a, Pòl bay maren yo yon avètisman. 10Li di yo: “Mezanmi, mwen rann mwen kont vwayaj la vin mete nou an danje. Nou ka pèdi bato a, ak tout sa ki ladan l, epi nou ka pèdi menm lavi nou tou.” 11Men ofisye a te mete konfyans li pi plis nan kapitèn nan ansanm ak pwopriyetè bato a pase nan sa Pòl t ap di a. 12Poutèt zòn s a pa t yon zòn kote yo te kapab pase sezon livè a, pi fò nan mesye yo te deside leve lank pou eseye rive nan yon pò yo rele Feniks. Se te yon pò nan zòn Krèt ki te bay sou Sidwès ak Nòdwès. Se la yo te panse pase sezon livè a.
Yon tanpèt
13Yon van ki soti nan sid te kòmanse ap soufle toudousman. Lè sa a, mesye yo panse pwojè yo a t ap gen chans reyisi. Yo leve lank epi nou t ap eseye vanse bò kote zile Krèt la. 14Men, tousuit yon van tanpèt yo rele Erakilon te vin dechennen sou zile a. 15Van an te pati avèk bato a. Bato a pa t kapab konbat ak van an. Lè nou wè sa, nou rezinye nou kite van an pote bato a ale.
16Lè nou vin ap pase bò yon ti zile yo rele Koda, nou te resi rejwenn ti kannòt#27:16 kannòt Kannòt sa a pa t yon kannòt sekou. Se te kòm yon ti bato yon gwo bato t ap rale. Yo te itilize l pou plizyè bagay. la, apre anpil efò. 17Lè mesye yo te fin mete ti kannòt la anndan bato a, yo mare l epi yo sentire l byen sentire. Mesye yo te pè pou yo pa t al chwe sou bò sab ki nan gòf Libi yo. Poutèt sa, yo jete lank pou fè yo flote epi yo kite van an mennen yo.
18Nan denmen, tanpèt la te tèlman ap frape nou byen fò toujou, maren yo te voye enpe nan machandiz yo jete nan lanmè.#27:18 enpe nan machandiz yo jete nan lanmè Mesye yo te fè sa pou fè bato a vin pi lejè pou l pa koule twò fasil. 19Nan denmen, yo voye ekipman bato a ansanm ak tout vwal yo jete nan lanmè. 20Sa te fè plizyè jou kote pa t gen ni solèy ni zetwal nan syèl la epi tanpèt la te byen fò toujou. Lè sa a, nou te pèdi tout espwa nou t ap rete vivan.
21Mesye yo pa t manje depi byen lontan. Epi yon jou, Pòl kanpe devan mesye epi li di yo: “Mesye m te di nou pa kite zile Krèt la. Nou te dwe koute m. Lè sa a, nou pa t ap nan tout pwoblèm sa yo epi pèdi tout bagay sa yo. 22Men kounye a, nou dwe pran kouraj. Pa gen pyès nan nou k ap mouri. Sèman bato a k ap kraze. 23Yèswa, Bondye m ap sèvi a, Bondye pa m nan, li voye yon anj li pale avè m. 24Zanj lan di m: Pòl, ou pa bezwen pè! Ou gen pou ou konparèt devan Seza. Epi Bondye fè w pwomès sa a: L ap sove lavi tout moun ki nan bato avè w yo. 25Alò, mesye, nou pa gen anyen pou nou pè. M fè Bondye konfyans, epi m sèten tout bagay ap pase nan fason anj lan te di m sa a. 26Men nou pral chwe sou yon zile.”
27Sa te gen tan fè katòz nuit depi nou t ap flote epi vire fè laviwonn sou lanmè Adryatik la. Men, nan mitan lannuit lan, maren yo te panse nou te prèt pou rive atè. 28Yo mete yon gwo wòch nan yon kòd yo voye l nan dlo a pou wè pwofondè li. Yo jwenn dlo a te gen yon pwofondè 40 mèt.#27:28 40 mèt Literalman, “20 bras”. Yo ale enpe pi lwen epi yo voye kòd la ankò, pwofondè a te 30 mèt.#27:28 30 mèt Literalman, “15 bras”. 29Maren yo te pè pou nou pa t frape sou kèk wòch. Lè sa a, yo jete kat lank nan lanmè, yo te swete epi yo t ap priye pou l jou byen vit. 30Kèk nan maren yo te vle kite bato a. Yo desann kannòt la nan dlo a. Yo t ap fè sa pou fè moun kwè se lòt lank yo t ap jete nan devan bato a. 31Men Pòl te di ofisye lame a ansanm ak lòt sòlda yo, “Si mesye sa yo pa rete nan bato a, p ap gen espwa lavi pou nou non.” 32Konsa, sòlda yo koupe kòd yo epi yo kite kannòt sekou a tonbe nan dlo.
33Pandan y ap tann li jou, Pòl envite mesye yo pou yo manje, li di yo konsa: “Mesye, jodi a fè katòz jou depi n ap tann epi n ap veye san manje, san nou pa pran anyen. 34M ap ankouraje nou pou nou manje, nou bezwen manje pou kò nou kapab kenbe. De tout fason, nou p ap pèdi anyen, pa menm yon fil cheve nan tèt nou.” 35Lè Pòl fin di sa, Pòl pran pen an, li remèsye Bondye devan tout moun epi li pran yon moso pen li manje. 36Rès mesye yo te vin santi yo pi byen epi yo te pran manje tou. 37Nou te 276 moun kon sa sou bato a. 38Nou te manje valè pen nou te vle. Lè sa a, nou te jete kèk lòt danre nan lanmè a, pou nou te vin fè bato a pi lejè toujou.
Bato kraze nèt
39Lè l vin jou, maren yo te wè tè, men yo pa t konnen sou tè ki kote yo te rive. Yo wè yon bè ak yon plaj, yo t ap wè si yo te kapab mennen bato a atè. 40Poutèt sa, yo detache lank yo voye ale nan lanmè a. Nan menm moman an, yo lage kòd ki te kenbe gouvènay la epi yo mete yon vwal sou devan bato a. Lè sa a, van an pouse yo rive sou plaj la. 41Men devan bato a al antre nan yon ban sab, yo pa t kapab soti, epi vag lanmè a te vin vyolan, li kraze dèyè bato a.
42Sòlda yo te vle touye prizonye yo pou yo pa t naje pati chape poul yo. 43Men ofisye women an te vle sove Pòl, li anpeche sòlda yo fè sa yo te vle fè a. Li mande pou moun ki te konn naje voye kò yo nan dlo an premye pou al atè. 44Lòt yo te dwe kenbe kò yo sou planch oubyen sou vye moso nan bato a pou swiv yo. Se kon sa tout moun te rive atè san anyen mal pa t rive yo.

Currently Selected:

Trav 27: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy