YouVersion Logo
Search Icon

Trav 24

24
Jwif yo akize Pòl devan Feliks
1Senk jou apre, Ananyas, ki te pi gran sakrifikatè a, rive Sezare. Li mennen yon avoka avè l te rele Tètilis ansanm ak kèk ansyen nan lidè Jwif yo. Yo te vin Sezare pou yo te ka akize Pòl devan gouvènè a. 2Yo fè Pòl vin prezante devan Feliks, epi Tètilis kòmanse akizasyon an kont Pòl ak pawòl sa yo:
“Ekselans, se gras a ou menm nou genyen bonjan lapè sa a. Se gras ak sajès pa w ki fè se sou administrasyon w lan nou jwenn tout bon refòm sa yo pou nasyon an. 3Ak tout kè nou, nou vle di w mèsi anpil, ekselans Festis, pou tout bagay sa yo n ap resevwa depi lontan ak tout kote. 4Nou pa vle pran twòp nan tan w met sou li. Men tanpri, pran yon ti pasyans pandan n ap di w kèk mo byen rapid. 5Nonm sa a se yon moun k ap mache simaye latwoublay pami Jwif yo toupatou nan lemonn. Se youn nan lidè nan pati Nazareyen yo. 6-8Li menm eseye pwofane tanp lan. Nou menm nou te met men sou li.#24:6-8 Kèk kopi nan lang Grèk ajoute vèsè 6b-8a: “Epi nou te vle jije l selon pwòp lalwa nou an. 7 Men kòmandan Lizyas vin antre an gwo ponyèt, li pran l nan men nou. 8 Epi kòmandan Lizyas egzije pou moun ki te vle akize misye yo vin devan w.” Ou menm ou ka deside si n ap di verite a. Poze l kesyon pou wè.” 9Lòt Jwif yo te dakò ak sa k te di a. Yo di wi, tout sa se verite a.
Pòl defann tèt li devan Feliks
10Gouvènè a fè yon sin ak men l pou di Pòl li mèt pale, epi Pòl di: “Gouvènè Feliks, m konnen ou ap jere zafè jistis nan tèt nasyon sa a depi lontan. Se sa k fè m byen kontan pou m defann koz mwen devan w jodi a. 11Sa fè douz jou depi m te monte Jerizalem pou m al adore Bondye. Ou kapab verifye sa pou wè si se pa vre. 12Jwif sa yo k ap akize m nan pa t jwenn mwen nan diskisyon ak okenn moun nan tanp lan ni simen latwoublay ak okenn moun. Yo pa t jwenn mwen ap diskite ni simen latwoublay nan okenn sinagòg nonplis ni okenn lòt kote nan vil la. 13Yo pa kapab bay okenn prèv nonplis sou bagay y ap akize m di m fè yo.
14M ap konfese sa devan w: Se menm Bondye zansèt nou yo te sèvi a m ap sèvi, antan yon moun k ap swiv Chemen#24:14 Chemen Sa vle di Chemen Jezikris la. an, sa Jwif sa yo di k pa bon chemen an. Epoutan, mwen kwè tout bagay ki ekri nan lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo. 15Menm esperans Jwif sa yo genyen nan Bondye a, se li m genyen tou; esperans kote Bondye ap fè tout moun nèt, bon tankou mechan, resisite. 16Se poutèt sa m toujou fè jefò pou m fè sa m kwè ki bon devan Bondye ak devan tout moun.
17-18Sa fè anpil ane depi m te kite vil Jerizalèm. Kounye a m retounen vin pote yon ti lajan pou ede pèp mwen an. Pandan m la, m te tou pwofite fè yon ofrann bèt pou Bondye nan tanp lan. Se sa m t ap fè lè Jwif yo te wè m nan tanp lan. M te gentan fini ak seremoni pirifikasyon an.#24:17-18 seremoni pirifikasyon an Seremoni espesyal yo te konn fè pou mete yon bout nan ve Nazireyen an. Gade Nazireyen nan Lis Mo yo. Pa t gen foul moun ki te rasanble, ni pa t gen kras dezòd ki t ap fèt. 19Te gen yon kolonn Jwif ki te soti an Azi ki te la lè sa a. Se yo menm ki ta pou vin pote akizasyon kont mwen la a, si yo te wè m fè yon bagay ki mal. 20Ou mèt mande mesye sa yo ki la a, k ap akize m nan pou yo di w ki mal yo te jwenn mwen te fè lè m te konparèt devan Gran Konsèy nan Jerizalèm nan. 21Lè m te kanpe devan yo a, men sèl sa m te di: Se paske mwen kwè mò yo gen pou resisite ki fè yo rele m nan jijman devan nou jodi a.”
22Feliks ki te gentan konprann anpil bagay sou chemen Bondye a, li ranvwaye jijman an epi li di: “Lè kòmandan Lizyas va vini, m a deside kisa m ap fè ak nou.” 23Feliks bay ofisye ki te responsab Pòl la lòd pou l pa lage Pòl, men pou l ba l yon ti libète pou pèmèt zanmi l yo vin pote sa l te bezwen pou li.
Pòl pale ak Feliks epi madanm li
24Apre kèk jou, Feliks vini ansanm ak Drisil, madanm li, ki te yon Jwif. Feliks mande pou yo mennen Pòl vin devan l. Li te pran plezi pou tande Pòl ap pale konsènan lafwa l nan Jezikris. 25Men, lè Pòl kòmanse pale sou jan moun dwe viv yon fason ki konfòm ak volonte Bondye, jan moun dwe kontwole pwòp tèt yo, ak jou jijman ki gen pou vini an, Feliks vin pè, li di: “Oke, kounye a ou mèt ale. Lè m a gen tan, m a rele w ankò.” 26Feliks menm te gen lòt rezon ki fè l t ap pale ak Pòl konsa. Li te gen espwa Pòl t apral ba l lajan anba tab, sa te fè li te rele Pòl souvan pou l pale avè l.
27Men, apre dezan, Pòsiyis Festis vin gouvènè nan plas Feliks. Konsa, Feliks al kite Pòl nan prizon an pou l te ka fè Jwif yo plezi.

Currently Selected:

Trav 24: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy