YouVersion Logo
Search Icon

1 Pyè 5

5
Pran swen pèp Bondye a
1Kounye a m ap pale ak ansyen ki nan mitan nou yo. M se yon ansyen menm jan ak nou epi m se youn nan moun ki te temwen soufrans Kris la. Mwen menm tou, m ap patisipe nan glwa ki gen pou vini an. Men sa m ap mande nou. 2Aji tankou gadò sou bann mouton Bondye mete sou kont nou yo. Pa veye sou yo poutèt yo fòse nou, men veye sou yo paske se sa Bondye vle. Pa fè sa nan lide pou nou fè kòb, men fè l ak tout kè nou. 3Pa chache domine sou moun sa yo Bondye mete sou kont nou. Men, nou dwe yon bon egzanp pou yo. 4Konsa, lè pi gran gadò a va vini, n ap resevwa yon kouwòn, yon kouwòn ekstrawòdinè ki p ap janm wouye.
5Jenn jan, m ap pale avè nou tou. Nou dwe aksepte otorite ansyen yo. Nou pa dwe gen lògèy nan relasyon nou youn ak lòt.
“Bondye kanpe kont moun ki gen lògèy,
men moun ki rekonèt yo piti, li fè yo gras.”#Pwo 3:34.
6Konsa se pou nou soumèt nou devan Bondye ki gen tout pouvwa a pou li menm li ka leve nou lè lè a va rive. 7Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l ap pran swen nou.
8Kontwole tèt nou epi veye. Dyab la, lènmi nou an, ap veye tankou yon lyon ki move k ap chache moun pou l manje. 9Pa lache bay Dyab la yon may, kenbe fèm nan lafwa nou. Sonje byen, frè ak sè nou yo toupatou nan lemonn sibi menm soufrans sa yo tou.
10Wi, nou pral soufri pou yon ti tan ankò. Men apre sa, Bondye ki tèlman renmen nou pral fè n patisipe nan glwa li ki p ap janm fini an pandan nou fè yon sèl ak Kris la. L ap fòme nou li menm, l ap kenbe nou fèm, l ap ban nou fòs epi l ap bati nou sou yon fondasyon ki solid. 11Tout puisans se nan Bondye sa rete pou tout tan gen tan. Amèn.
Benediksyon
12Mwen ekri ti lèt sa a voye ban nou, se ak konkou Silas m konsidere kòm yon frè fidèl. M fè sa pou m ankouraje nou epi montre nou vrè gras Bondye a. Rete fèm nan gras sa a.
13Legliz ki nan peyi Babilòn nan voye salitasyon li pou nou. Bondye te chwazi l menm jan ak nou. Mak, pitit mwen nan Kris la, voye salye nou tou. 14Salye nou youn lòt ak yon bèl akolad lè nou rankontre.
Lapè Bondye avèk nou tout ki nan Kris la.

Currently Selected:

1 Pyè 5: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy