YouVersion Logo
Search Icon

1 Pyè 3

3
Fason pou mari yo viv ak madanm yo
1Nou menm medam, menm jan an tou, se pou n soumèt nou devan mari nou. Konsa, si gen nan yo ki refize kwè nan pawòl Senyè a, yo va rive kwè poutèt jan n ap viv. Nou p ap menm bezwen pale. 2Mari nou yo ap sèlman wè kalite bon lavi n ap mennen nan respè pou Bondye. 3Se pa bèl kout peny, anpil bijou, rad chè ki dwe fè nou bèl. 4Men se yon bèlte anndan nou bezwen. Chache genyen yon karaktè ki dou epi poze. Se sa ki gen valè nan je Bondye epi ki p ap janm pase.
5Se kon sa medam nan tan lontan ki te kwè nan Bondye yo te konn fè yo bèl. Yo te soumèt devan mari yo. 6Tankou Sara ki te obeyi Abraram jouk li te rele l: “Mèt mwen.” Nou se pitit fi Sara si nou fè sa ki byen san nou pa pè anyen.
7Nou menm tou mari, nan lavi nou ak madanm nou, pran swen madanm nou. Mete sa nan tèt nou byen, fi pi frajil pase gason. Respekte yo, paske y ap resevwa kado lavi a menm jan avèk nou. Si nou fè sa, pa gen anyen ki ka bloke priyè nou yo.
Gen soufrans nan mennen yon vi ki dwat
8Pou fin i, se pou nou gen menm santiman youn pou lòt. Se pou nou youn renmen lòt tankou frè ak sè. Se pou nou gen dousè, epi se pou nou saj. 9Pa rann mal pou mal, pa joure moun, menm lè yo joure nou. Okontrè, beni moun sa yo, paske se pou benediksyon Bondye te rele nou. 10Bib la di:
“Si nou vle viv byen,
e si nou vle viv lontan sou latè,
evite pale moun mal,
evite bay manti.
11Kouri pou sa ki mal epi fè sa ki byen.
Se pou l fè tout sa li kapab pou l viv an pè ak moun.
12Paske Senyè a gen je li sou moun k ap fè sa ki byen,
li tou prèt pou l tande priyè yo.
Men li kont tout moun k ap fè sa ki mal.”#Sòm 34:12-16.
13Si n ap chache fè sa ki byen ak tout kè nou, ki lès moun ki pral fè nou mal? 14Men menm si nou ta soufri paske nou fè sa ki dwat, nou se moun beni. “Pa pè yo, pa kite yo kraponnen nou.”#Eza 8:12. 15Men, se pou nou gen krentif pou Kris nan kè nou epi fè lwanj pou li kòm Senyè nou. Se pou nou toujou pare pou n reponn nenpòt moun ki poze kesyon sou esperans nou genyen an. 16Reponn yo avèk sajès ak respè. Kenbe konsyans nou klè. Konsa, moun ap wè bon lavi n ap mennen tankou disip Kris la. Moun ki pale nou mal pral wont poutèt sa yo di.
17Li pi bon pou n soufri nan fè sa ki byen pase pou n soufri nan fè sa ki mal. Wi, li pi bon paske se sa Bondye vle.
18Kris li menm te mouri yon fwa pou peche nou yo.
Li menm ki te inosan,
li mouri pou koupab yo,
pou l mennen yo bay Bondye.
Moun yo te touye l,
men Sentespri Bondye a te resisite l.
19Se ak puisans Sentespri Bondye a l al pwoklame laviktwa l pami lespri ki nan prizon yo. 20Sa vle di, sila yo ki te dezobeyi Bondye lè l t ap pran pasyans pou yo nan epòk Noye t ap bati lach la. E se yon ti gwoup uit moun sèlman ki te sove nan bato a anba gwo lapli a. 21Dlo sa a, se tankou yon imaj batèm ki sove nou jodi a. Batèm se pa pou retire salte sou kò nou, se yon angajman nou pran pou n kenbe yon konsyans san repwòch devan Bondye. Li sove nou paske Jezikris te leve vivan nan lanmò. 22Kounye a li monte nan syèl. Li chita adwat Bondye kote l ap domine sou tout anj, sou tout otorite ak sou tout lòt puisans nan syèl la.

Currently Selected:

1 Pyè 3: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy