YouVersion Logo
Search Icon

Revelasyon Jezikri bay Jan an

Jezikri bay Jan an
Liv sa a te ekri yon lè kretyen yo t'ap soufri gwo pèsekisyon anba wa lavil Wòm lan, poutèt konfyans yo te mete nan Jezikri, sèl Mèt yo a. Moun ki ekri liv sa a te vle bay patizan Kris yo espwa ak ankourajman pou yo te ka toujou kenbe fèm nan mitan soufrans ak pèsekisyon ki te vin pou yo.
Pifò liv la se yon seri vizyon ak revelasyon yo bay an daki, ki vle di nan pawòl kretyen ki t'ap viv nan tan sa a te ka konprann, san moun deyò yo pat ka konprann. Pou nou menm k'ap viv kounyeya, gen anpil ladan yo nou pa fin rive konprann nèt. Atout nou jwenn divès vizyon ak pawoli nan liv la, se yon sèl gwo koze ki chita nan mitan tout liv la. Men koze a: Avèk Jezikri, sèl Mèt nou, bout pou bout Bondye gen pou kraze tout lènmi l yo nèt, san bliye Satan. Lè sa a, l'ap bay tout moun ki te kenbe fèm yo rekonpans yo, apre sa l'ap fè yon lòt tè ak yon lòt syèl tou nèf.
Liv Revelasyon an fè nou konprann patizan Kris yo fèt pou rekonèt gouvènman Bondye ak gouvènman lèzòm se lèt ak sitwon. Tankou Kris la, patizan l yo ap toujou anba pèsekisyon. Men, yo te mèt wè lwijanboje yo genlè vle genyen batay la, bout pou bout se Bondye k'ap fè gany lan gremesi Jezikri. Sa ki te vre pou Jezikri, se sa ki vre pou patizan l yo nan tan sa a, se sa k'ap toujou vre pou yo nenpòt kilè. Se avèk bèl mesay espwa, kouray ak kè poze sa a Labib la fèmen.
Men plan liv la
1. Premye koze (1.1-8)
2. Premye vizyon ak lèt pou sèt legliz yo (1.9—3.22)
3. Woulo liv ki gen sèt sele a (4.1—8.1)
4. Sèt twonpèt yo (8.2—11.19)
5. Dragon an ak de bèt yo (12—13)
6. Divès lòt vizyon (14—15)
7. Sèt gode kòlè Bondye yo (16)
8. Lavil Babilòn kraze, bèt la, fo pwofèt la ak Satan pèdi batay la (17.1—20.10)
9. Dènye jijman an (20.11-15)
10. Lòt tè ak lòt syèl tou nèf yo (21.1—22.5)
11. Dènye koze (22.6-21)

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy