YouVersion Logo
Search Icon

Revelasyon 4

4
Jan yo adore Bondye nan syèl la
1Apre sa, mwen fè yon lòt vizyon, mwen wè #Egz 19.16,24; Da 2.29; Rev 1.10,19 yon pòt louvri nan syèl la.
Vwa ki t'ap sonnen nan zòrèy mwen tankou yon klewon an, menm vwa ki t'ap pale avè m anvan an, di m konsa:
— Moute bò isit, m'a fè ou wè sa ki gen pou rive apre sa.
2Lamenm, #Eze 1.26; 10.1; Eza 6.1; Sòm 47.8 Lespri Bondye a fè m fè yon vizyon, mwen wè yon fòtèy nan syèl la ak yon moun chita sou li. 3Figi #Eze 1.26-28 moun lan te klere tankou pyè bijou yo rele jasp la ak sa yo rele sadouàn lan. Fòtèy la menm te nan mitan yon gwo lakansyèl ki te klere tankou yon pyè emwòd. 4Tout #Eza 24.23; Rev 3.4; 5.10 arebò fòtèy la, te gen vennkat lòt fòtèy ak vennkat granmoun chita sou yo. Granmoun yo te gen rad tou blan sou yo, ak yon kouwòn lò sou tèt yo chak. 5Kout #Egz 19.16; Eze 1.13; Rev 8.5; 11.19; 16.18; Zak 4.2 zèklè t'ap pati sòti nan fòtèy la ansanm ak mizik ak kout loray. Te gen sèt flanbo limen ki t'ap boule devan fòtèy la. Se sèt Lespri Bondye yo. 6Devan #Eze 1.22,26; 10.1; Eza 6.1 fòtèy la tou, te gen yon bagay ki te sanble yon lanmè glas ki te klere kou kristal.
Toupre fòtèy la, te gen kat kreyati vivan kanpe yonn nan chak direksyon. Yo te gen je nan tout kò yo, devan kou dèyè. 7Premye a #Eze 1.10; 10.14 te sanble ak yon lyon. Dezyèm lan te sanble ak yon jenn ti towo bèf. Twazyèm lan te gen yon figi ki te sanble ak figi moun. Katriyèm lan te sanble ak yon gwo malfini k'ap vole. 8Yo #Eza 6.2,3; 41.4; Eze 1.18; 10.12; Am 4.13; Egz 3.14 chak yo te gen sis zèl. Tout kò yo se te je andedan kou deyò. Lajounen kou lannwit y'ap chante san rete:
Wi, li sen, li sen, li sen vre, Bondye sèl Mèt ki gen tout pouvwa a,
Li menm ki te la, ki la kounyeya, ki gen pou vini an.
9Kat #Eza 6.1; Sòm 47.8; Da 4.34; 6.26; 12.7 kreyati vivan yo t'ap chante pou fè lwanj moun ki chita sou fòtèy la, pou rann li onè, pou di li mèsi, li menm ki vivan pou tout tan an. Chak fwa yo t'ap chante, 10vennkat #Rev 5.14 granmoun yo tonbe ajenou fas atè devan moun ki chita sou fòtèy la, yo adore moun ki vivan pou tout tan an. Yo jete kouwòn yo devan fòtèy la. Yo di:
11O Bondye, Mèt nou,
ou merite pou ou resevwa lwanj, respè ak pouvwa.
Se ou menm ki fè tout bagay.
Si yo la, si yo gen lavi, se paske ou vle l.

Currently Selected:

Revelasyon 4: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy