YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 54

54
SÒM 54 (53)
Lapriyè pou mande sekou
(1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante David
(2) te #Sòm 55.1 ekri lè moun peyi Zif yo te al di Sayil men David kache lakay yo.
1(3) Bondye, #1 Sam 23.15; Sòm 86.14 delivre m non avèk pouvwa ou!
Fè m jistis avèk fòs kouray ou!
2(4) Bondye, #Sòm 118.6,7; Eza 41.10 koute m non lè m'ap lapriyè!
Panche zòrèy ou pou tande pawòl k'ap sòti nan bouch mwen!
3(5) Paske #Sòm 143.12 gen yon seri moun awogan ki leve dèyè m,
yon bann mechan ki sòti pou touye m!
Yo pa menm chonje si gen Bondye!
4(6) Men, #Sòm 52.9 Bondye ap vin ede m.
Senyè a ap pran defans mwen.
5(7) L'ap #Sòm 59.10; 92.11; 112.8; 118.7 fè mechanste moun ki pa vle wè m yo tonbe sou tèt yo;
l'ap fini nèt ak yo paske l'ap toujou kenbe pawòl li.
6(8) Senyè, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou ak kè kontan,
m'a fè lwanj ou, paske ou bon pou mwen.
7(9) Ou delivre m anba tray mwen te ye a;
ou fè m wè lènmi m yo pèdi batay la.

Currently Selected:

Sòm 54: HAT98

Highlight

Copy

Compare

Share

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in