YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 133

133
SÒM 133 (132)
Ala bèl bagay
(1a) Se #Jen 13.8; 1 Kor 1.10 yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm.
1(1b) Ala bèl bagay, ala bon sa bon
lè frè ak frè ap viv ansanm!
2Se #Egz 29.7; Lev 8.12 tankou yon lwil santi bon
yo vide sou tèt Arawon,
k'ap koule sou bab li
desann nan kou rad li.
3Se #Lev 25.21; Det 28.8; Mat 25.34; Jan 4.14; 17.3; 1 Jan 5.11 tankou lawouze ki sòti sou mòn Emon,
k'ap desann sou mòn Siyon yo.
Se la Senyè a pwomèt pou l bay benediksyon l,
lavi ki p'ap janm fini an.

Currently Selected:

Sòm 133: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

Video for Sòm 133