Sòm 123
123
SÒM 123 (122)
Bondye gen pitye pou nou
(1a) Se #Sòm 2.4; 121.1 yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm.
1(1b) Ou menm ki chita sou fòtèy ou nan syèl la ap gouvènen,
se bò kote ou mwen leve je mwen.
2Menm jan domestik la ap gade sou mèt li,
menm jan sèvant la ap gade sou metrès li,
se konsa m'ap gade sou Senyè a, Bondye nou an,
jouk la gen pitye pou nou.
3Gen #Sòm 4.1; Ney 4.4 pitye pou nou, Senyè, gen pitye pou nou,
paske nou sibi kont nou anba moun k'ap meprize nou yo.
4Moun #Ney 2.19 ki alèz yo pase nou nan kont betiz.
Moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ap foule nou anba pye yo.
Currently Selected:
Sòm 123: HAT98
Highlight
Share
Copy
Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in
Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.